Koulè vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Moyiz mouri la, sou lòd Granmèt la, pa gen dòt pwofèt ki leve ankò tankou
li menm”.
NAN LIV DETEWONÒM 34, 1-12
Jou sa yo:
Moyiz monte sot nan plenn Moab yo, l’al sou mòn Nebo a,
nan pwent tèt Fasga, an fas Jeriko. Granmèt la montre l’ tout peyi Galaad la
jous Dan ak tout Neftali, ni peyi Efrayim ak Manase a ak tout peyi Jida a jous
nan dènye lanmè a, ak pati nan Sid la ak grandè plenn Jeriko a, vil pye dat yo,
jous rive Segò. Granmèt la di l’: “Se tè a mwen te fè sèman bay Abraam, Izaak
ak Jakòb, lè m’ te di: “Se ras ou m’ap bay li a”. Gade l’ ak je ou, men ou p’ap antre ladan li”.
Moyiz, sèvitè Granmèt la, mouri
kote sa a menm, nan tè Moab la, sou lòd Granmèt la; li antere l’ nan tè fon
Moab la, an fas Fogò, pèsonn pa konnen kavo l’ jous jodi a. Moyiz te gen
san-ven-tan lè l’ mouri. Je l’ pa t’ vwale, dan l’ pa t’ souke. Pitit Izrayèl
yo kriye pou li nan plenn Moab yo, pandan trant jou; jou dèy rèl Moyiz yo fini.
Jozye menm, pitit Noun, te plen ak
lespri sajès, paske Moyiz te poze men sou li; pitit Izrayèl yo obeyi l’, yo aji
daprè sa Granmèt la te kòmande Moyiz la.
Pa gen pwofèt ankò ki leve nan
Izrayèl tankou Moyiz, pou Bondye konnen l’ fas a fas, pa gen lòt ki janm fè siy
ak mèvèy sa yo Bondye te voye l’ al fè nan peyi Lejip devan Farawon ak tout
sèvitè l’ yo ak tout peyi l’ la; pa gen lòt ki janm gen tout fòs ponyèt sa a e
ki janm fè gran mèvèy sa yo Moyiz te fè devan tout Izrayèl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 65, l-3a. 5 e 8. 16-17
R/ Konpliman pou Bondye, li menm ki sove
lavi m’.
Bat bravo pou Bondye, tout tè a,
chante bèlte non l’, fè lwanj li. Di Bondye:
“Ala respè travay ou yo merite”.R.
Vini, n’a wè
travay Bondye yo, li merite respè nan aksyon li fè pou pitit moun yo. Fè
konpliman pou Bondye nou, nasyon yo, fè tande vwa lwanj li. R
Vini, koute, m’ap rakonte, nou
tout ki respekte Bondye, tout sa l’ fè pou nanm mwen. Se kote l’ mwen rele ak
bouch mwen, mwen fè lwanj li ak lang mwen.R.
LEVANJIL
“Si l’ koute ou, w’ap pran tèt frè w’ la”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 18,
15- 20
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si frè w’ fè peche kont ou, ale
pran l’ apa, korije l’. Si l’ koute ou, w’ap pran tèt frè w’ la; men si l’ pa
koute ou, pran youn oubyen de avèk ou ankò, pou tout pawòl kapab fiske nan
bouch de oubyen twa temwen. Si l’ pa koute yo, di legliz la sa; si l’ pa koute
legliz la, se pou l’ tankou payen ak pibliken pou ou.
An verite mwen di nou, tout sa
n’ap mare sou tè a, l’ap mare nan syèl la tou; tout sa n’ap lage sou tè a, l’ap
lage nan syèl la tou.
Mwen di nou ankò, si de nan nou
mete yo dakò sou tè a, pou yo mande nenpòt ki bagay, y’ap jwenn li nan men Papa
m’ ki nan syèl la. Sèke kote gen de oubyen twa moun ki rasanble o non m’, mwen
la nan mitan yo”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye moso
Labib nou li pou jodi a, se yon paj ki sonb. Se yon chapit nan liv Lalwa a ki
pote anpil tristès ak anpil dezolasyon, paske li pale nou de lanmò Moyiz,
pèsonaj santral ki make senk premye liv nan Ansyen Testaman; lè yo konpile 5
liv sa yo ansanm, yo rele konpilasyon an “Pentatek”, ki vle di nan lang grèk
la, senk woulo: penta=5, teuchos=woulo. Yo pale de woulo paske nan tan sa a,
pawòl Bondye a te ekri soy yon papye espesyal ke yo te rele “papyrus”, e se
woule yo te konn woule li sou yon sipò an bwa ki fèt menm jan ak moul an bwa
nou wè yo woule farin nan boulanjri.
Nou di Moyiz se pèsonaj santral
nan Ansyen Testaman ki make senk premye liv Lalwa yo (Torah), paske nou konnen
liv sa yo pale de istwa liberasyon yon pèp ki se pèp Izrayèl e moun Bondye te
chwa kòm lidè ak medyatè nan istwa sa a, se te Moyiz. Moyiz te fè yon gwo wout
ak pèp la, li te pase anpil move moman ak li, men tou li te pase anpil moman kè
kontan, paske se men Bondye ki t’ap dirije yo e yo pa t’ janm echwe. Moyiz te
prezante devan Farawon e li te pale ak li selon jan Granmèt la te mande li pou
li te pale. Moyiz te travèse dezè a ansanm ak pèp la, tout pwoblèm pèp la te
konnen, li te konnen yo tou. Moyiz se enstriman ke Bondye te itilize pou li te
kapab delivre pèp li a, anba zak maspinay Ejipsyen yo. Nan Liv Ekzòd la nou
kapab jwenn tout istwa ki pale nou sou kòman pèp la te travèse soti an Ejip pou
li ale nan peyi Kanaan. Se sa yo rele “Pak” nan Ansyen Testaman. Mo Pak la vle di Travèse.
Nou konnen lè nou gen yon moun nou
te abitye avèk mouri kijan sa fè mal; sa plis fè nou mal toujou lè se yon paran
oubyen yon moun ki te konn sipòte nou. Nou santi nou pran yon gwo kou nan nen
nou, sa fè je nou kouri dlo. San dout, nou kapab di lanmò Moyiz te kite anpil
tristès nan Izrayèl, paske se li menm ki te frape wòch la pou te fè pèp la bwè
nan sous dlo ki te fre a; se Moyiz ki te louvri lanmè a ak pouvwa ki soti nan
Bondye pou pèp la te kapab pase san pye li pa t’ mouye; se Moyiz ki te resevwa
Lalwa a nan men Bondye pou pèp la te kapab gen yon limyè ki gide li nan fason
li t’ap aji.
Atravè Levanjil jodi a, Jezi ap
pwopoze nou yon metòd pou nou kapab rezoud konfli. Se yon metòd trè senp ki gen
twa etap: premyèman, se dyalòge ak moun ki nan konfli avèk ou a. Si li pa rive
koute ou, w’ap pran kèk temwen ki kapab sèvi entèmedyè.Si li pa koute temwen
yo, prezante ka a devan Legliz la. Si li pa koute Legliz la, kite li trankil
epi chèche mennen vi ou trankil.
Lòt mesaj Levanjil la pote pou
nou, sèke nou pa kapab ap viv lafwa nou fèmen nan yon ti kwen pou kont nou, fòk
nou viv lafwa nou tou nan kominote. Lè sa a lapriyè nou monte ak plis fòs devan
Bondye. Se pa mwen ki di sa, men se Jezi ki di li: “Mwen di nou ankò, si de nan
nou mete yo dakò sou tè a, pou yo mande nenpòt ki bagay, y’ap jwenn li nan men
Papa m’ ki nan syèl la.”
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou rele nou pou nou konstwi yon mond kote ki gen
lapè ak fratènite, tanpri ede nou depase tout ti diferans nou yo pou nou kapab
rive konstwi lavi nou sou baz solidarite fratènèl.
PWOPOZISYON: Jodi a mwen
pral dyaloge ak sila a mwen te kenbe nan kè a. Sa fè plizyè jou, [plizyè mwa,
ane] depi li sou kè mwen. Mwen santi mwen pa viv byen paske si mwen pa padone
li, Bondye p’ap padone mwen. Mwen pral rekonsilye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario