Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Ach kontra Granmèt la ap pase devan nou, pou l’ travèse Jouden an".
LEKTI LIV JOZYE 3, 7-10a. 11.
13-17
Jou sa yo:
Granmèt la di Jozye: "Jodi a
m’ap kòmanse leve ou devan tout Izrayèl pou yo konnen, menm jan mwen te avèk
Moyiz la, se konsa m’ap avèk ou tou.
Ou menm pase prèt yo lòd, yo menm k’ap pote ach kontra a,
di yo: 'Lè n’a antre nan dlo Jouden an, rete ladan l’".
Jozye di pitit Izrayèl yo: "Pwoche isit la, koute
pawòl Granmèt Bondye nou an". Epi tou, li di: "Men kijan n’ap konnen
Granmèt Bondye ki vivan an nan mitan nou, l’ap gaye Kananeyen yo devan fas nou.
Men ach kontra Granmèt tout tè-a ap pase devan nou nan Jouden an. Prèt yo k’ap
pote ach Granmèt Bondye tout tè-a, lè y’ap poze plant pye yo nan dlo Jouden-an,
dlo yo ki anba yo, y’ap kontinye koule, sa k’ap vini anwo yo menm, y’ap kanpe
nan yon sèl blòk".
Konsa pèp la sòti nan joupa l’ yo,
pou l’ travèse Jouden an; prèt yo ki t’ap pote ach kontra a, yo t’ap pase devan
l’. Lè yo antre nan Jouden an, lè pye yo touche dlo-a (pandan sezon rekòlt la,
larivyè Jouden-an plen ra-bò), dlo yo ki t’ap desann nan, yo kanpe yon sèl kote,
tankou yon gwo mòn yo parèt byen lwen depi vil yo rele Adon-an, jous kote yo rele
Sartan-an; dlo yo menm ki te anba a, yo desann nan lanmè dezè-a (sa yo rele
lanmè Mòt la koulye-a), joustan yo fin koule nèt. Pèp la menm t’ap travèse an
fas Jeriko, prèt yo ki t’ap pote ach kontra Granmèt la, yo te kanpe sou tè sèk
la, nan mitan Jouden an, san yo pa deplase, epi tout pèp la t’ap pase nan fon
larivyè-a ki sèk la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 113 A, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Alelouya.
Lè Izrayèl t’ap
kite Lejip la, kay Jakòb la t’ap sot nan pèp etranje a,
Jida vin tounen
kay sakre l’, Izrayèl vin tounen pwopriyete l’.R.
Lanmè a wè
sa, li sove, Jouden an tounen dèyè, mòn yo vòltije tankou kabrit,
ti wotè yo
tankou pitit mouton.R.
Sa ou genyen, lanmè, pou ou ap sove
a?
Epi ou menm, Jouden, pou w’ap tounen
dèyè a?
Mòn yo, pouki sa n’ap vòltije
tankou ti kabrit la, ti wotè yo, tankou pitit mouton an?
LEVANJIL
"Mwen pa di ou pou ou renmèt jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa
sèt fwa".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 18, 21-19, 1
Lè sa a:
Pyè pwoche
kot Jezi, li di: "Granmèt, konbyen fwa, si frè m’ fè peche kont mwen, pou m’
padonnen l’? Èske se sèt fwa?"
Jezi di l’:
"Mwen pa di ou jouska sèt fwa, men jouska swasanndis fwa sèt fwa.
Se pousa rèy syèl la sanble ak yon wa, ki te vle regle
avèk sèvitè l’ yo. Lè l’ kòmanse regle, yo mennen youn ba li ki te dwe di-mil
goud. Kòm li pa t’ gen dekwa pou l’ renmèt, mèt li pase lòd pou yo vann li,
ansanm ak madanm li, ak pitit li yo, ak tout sa l’ te genyen, pou l’ kapab renmèt.
Men sèvitè a menm lage kò l’ atè, li lapriyè l’,
li di: 'Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay'. Mèt sèvitè sa a pran pitye pou li, li lage l’, li padonnen l’ dèt li a.
Men kon sèvitè sa a sòti, li
rankontre youn nan sa k’ konn sèvi ansanm avèk li yo, ki te dwe l’ san goud; li
sezi l’, pou l’ toufe l’, li di: 'Renmèt sa ou dwe'. Sèvitè sa a lage kò l’
atè, li lapriyè l’, li di: 'Pran pasyans avèk mwen, m’ap renmèt ou tout bagay'.
Li menm menm, li refize, li pati, li voye l’ nan prizon, joustan li renmèt dèt
la.
Lè lòt sèvitè yo wè sa l’ te fè,
yo pran chagren anpil, yo rive, yo rakonte mèt li tout sa k’ te pase. Mèt li rele
l’, li di l’: 'Move sèvitè, mwen te renmèt ou tout dèt la, paske ou te lapriyè m’;
èske ou menm tou ou pa t’ dwe pran pitye pou sila a k’ap sèvi ansanm avèk ou a,
menm jan mwen te pran pitye pou ou a?' Mèt li fache, li renmèt li bay gad yo, joustan
li renmèt tout sa l’ te dwe.
Se konsa tou Papa m’ ki nan syèl
la ap fè avèk nou, si nou chak nou pa padonnen frè nou ak tout kè nou".
Lè Jezi fin fè prèch sa yo, li
pati sot Lagalile, li rive nan limit Jida, lòt bò Jouden an.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan premye lekti jodi a nou kontanple yon imaj ki sanble ak
imaj travèse Lanmè Wouj la. Menm jan travèse lanmè wouj la te make sòti
definitif Izrayèl nan peyi Legip la, travèse larivyè Jouden an make antre pèp
la nan tè pwomès la.
Menm jan Moyiz te lonje baton an sou lanmè a pou l’ te ouvri kite fanm,
gason, granmoun timoun ak bèt pase, se konsa
tou prèt yo ki antre nan dlo a ak ach Alyans Bondye a, dlo a fann ba yo pase ;
ki vle di, travèse lanmè wouj la, tankou travèse Jouden an make ak prezans
Granmèt la, ki onore pwomès li, ki kenbe pawòl li.
Se nan tan Izrayèl te nan konba evénman sa a pase; men li gen yon karaktè
sakre, paske se pouvwa Bondye k’ap aji. Nou rekonèt nan jès travèse sa yo batèm
Izrayèl kòm pèp Bondye chwazi. Rivyè Jouden an reprezante fwontyè Tè Pwomès la
e tout sa ki travèse l’, se eritye. Se
nan sans sa a Jan Batis t’ap batize moun yo nan tan pa li, pou yo te kapab
sonje yo se eritye pwomès Bondye. Batèm Jezi a nan dlo a manifeste presans
Bondye k’ap pase nan Ach Alyans la.
Nan Levanjil la, Jezi fin bay disip yo ansèyman, li rive nan teritwa Jida lòt
bò larivyè Jouden an, kòm si Jezi pote bòn nouvèl la bay lòt nasyon yo, bay
sila yo ki pa fè pati pèp chwazi a, men ki vin tounen eritye nan Jezi.
Se yon Levanjil ki envite nou gen mizerikòd ak konpasyon youn pou lòt menm
jan Bondye gen mizerikòd ak konpasyon pou nou. Si Bondye ki Sen padone nou, nou
menm ki pechè nou dwe padone frè nou yo tou san nou pa mezire padon an. Li pa fasil ditou, men se sa Jezi mande nou ; se
repons Jezi fè apot Pyè ki mande l’ si yon frè l’ofanse anpil fwa si l’ dwe
padone l’.
LAPRIYÈ: Granmèt mèsi paske ou padone
tout peche m’ yo, tanpri ban m’ kouraj pou m’ padone ak tout kè m’ moun ki fè
m’ mal.
PWOPOZISYON: Si Bondye padone peche mwen yo, kilès mwen ye pou m’
kenbe pwochen m’ nan kè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario