Koulè Wouj
MAKSIMILYEN KOLBÈ KI SEN, Prèt e Mati
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen pran zansèt nou sot Mezopotami; mwen fè nou sòti Lejip; mwen fè
nou antre nan peyi a”.
NAN LIV JOZYE
24, 1-13
Jou sa yo:
Jozye rasanble tout fanmi Izrayèl yo nan Sikèm, li rele
chèf yo ak responsab yo, ak jij yo, ak majistra yo, yo kanpe devan fas Granmèt
la; li di pèp la:
“Men pawòl Granmèt Bondye Izrayèl la: “Se lòt bò gran
larivyè a zansèt nou yo te abite lontan, Tare, papa Abraam avèk Nakò, yo te
konn sèvi dye etranje yo. Mwen pran papa nou Abraam sot nan limit Mezopotami,
mwen mennen l’ nan peyi Kanaan, mwen fè ras li vin anpil. Mwen ba l’ Izaak,
mwen bay Izaak Jakòb avèk Ezayi. Mwen bay Ezayi mòn Seyi a kòm pwopriyete pa
l’. Jakòb menm ak pitit li yo desann nan Lejip.
Mwen voye Moyiz avèk Aawon, mwen frape Lejip la avèk
anpil siy ak pwodij; mwen fè nou sòti Lejip avèk zansèt nou yo, nou rive bò
lanmè a. Ejipsyen yo rapousuiv zansèt nou yo avèk kabwèt, avèk kavalye, jous bò
lanmè Wouj la. Pitit Izrayèl yo rele kot Granmèt la; li mete fènwa ant nou menm
ak Ejipsyen yo, li vide lanmè a sou yo, li kouvri yo. Je nou wè tout sa m’ te fè nan Lejip, nou abite nan savann nan pandan anpil
tan.
Mwen fè nou antre nan peyi
Amoreyen an, ki te abite lòt bò Jouden an. Lè yo batay kont nou, mwen renmèt yo
nan men nou, nou pran peyi yo a, nou touye yo. Balaak, pitit Sefò, wa Moab la,
leve, li batay kont Izrayèl. Li voye rele Balaam, pitit Beò, pou l’ madichonnen
nou; mwen refize koute l’, okontrè mwen beni nou pa lantremiz li, mwen delivre
nou sot nan men l’.
Nou travèse Jouden an, nou rive
Jeriko. Moun lavil sa a batay kont nou, Amoreyen an, Perizit la, Kananeyen an,
Itit la, Gègazit la, Ivit la, avèk Jebizeyen an; mwen renmèt yo nan men nou.
Mwen voye gwo gèp devan nou, mwen chase yo sot nan peyi yo, de wa Amoreyen yo,
se pa avèk epe ou ni avèk zam pou ou tire flèch ou. Mwen renmèt nou peyi a,
kote nou pa t’ travay la, avèk vil yo nou pa t’ bati a, pou nou abite nan yo:
pye rezen ak pye oliv nou pa t’ plante”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 135, 1-3. 16-18. 21-22 e 24
Fè lwanj Granmèt la poutèt li bon. R. Poutèt
kè l’ sansib pou tout tan.
Fè lwanj pou Bondye dye yo, R. Poutèt kè
l’ sansib pou tout tan.
Fè lwanj pou Granmèt mèt yo, R. Poutèt kè
l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki kondui pèp li a nan
savann nan, R.
Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li menm ki frape gran wa yo, R. Poutèt
kè l’ sansib pou tout tan.
Li touye wa ki gen pouvwa yo, R. Poutèt
kè l’ sansib pou tout tan.
Li renmèt tè yo kòm eritaj, R. Poutèt
kè l’ sansib pou tout tan.
Kòm eritaj bay Izrayèl, sèvitè l’
la, R.
Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
Li delivre nou sot nan men lènmi
nou yo, R.
Poutèt kè l’ sansib pou tout tan.
LEVANJIL
“Se poutèt kè di nou an Moyiz te pèmèt nou ranvwaye madanm nou yo; nan
kòmansman sa pa t’ konsa”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
3-12
Lè sa a:
Farizyen yo
te pwoche kot Jezi, yo t’ap eseye l’, yo di: “Èske yon mesye gen dwa ranvwaye
madanm li, pou nenpòt ki rezon?”
Li reponn, li
di yo: “Èske nou pa t’ li kijan sila a ki te fè moun nan nan kòmansman an, se
gason ak fi li te fè yo, epi li te di: “Se poutèt sa mesye a ap kite papa l’ ak
manman l’,l’ap kole kò l’ kot madanm li, yo tou le de ap yon sèl chè? Se pousa yo
pa de ankò, men se yon sèl chè yo ye. Konsa sa Bondye mare, piga moun separe
li”.
Yo di l’: “Ebyen pouki sa Moyiz te pase lòd pou bay
biye divòs, pou ranvwaye li”?
Li di yo: “Se poutèt kè di nou an ki fè Moyiz te pèmèt
nou ranvwaye madanm nou yo; men nan kòmansman sa pa t’ konsa. Ebyen mwen di
nou, nenpòt ki moun ki ranvwaye madanm li, sof si se de moun ki t’ap viv nan
move plezi, epi ki marye ak yon lòt, li fè adiltè, epi moun ki marye ak yon
madanm yo ranvwaye, li fè adiltè”.
Disip li yo di l’: “Si se konsa kondisyon mesye a ak
madanm nan ye, pito nou pa marye”.
Li di yo: “Se pa tout moun ki konprann pawòl sa a, men
se moun yo fè favè sa a. Gen gason ki pa nan kondisyon pou yo fè pitit, depi
nan vant manman yo se konsa yo fèt; gen gason ki pa nan kondisyon pou yo fè
pitit, se lòt moun ki fè yo sa; gen gason ki pa nan kondisyon pou yo fè pitit,
se yo menm ki mete pwòp tèt yo nan kondisyon sa a poutèt rèy syèl yo.
Moun ki kapab konprann, se pou l’
konprann”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan meditsyon nou jodi a n’ap dekouvri kòman
Jezi ap ban nou yon piga. Lè l’ di farizyen yo sa Bondye mete ansanm, pèsòn pa
gen dwa separe l’, nan sans sa a Jezi vle pwofite ba yo yon leson pou l’ fè yo
konprann ki sans maryaj la genyen depi nan kòmansman kreyasyon an, kote Bondye
te kreye fi ak gason egal ego, se pou tèt sa nou pa kab jwe ak lavi maryaj la,
kote farizyen yo t’ap chèchè pran Jezi nan pyèj, men olye yo pran l’ nan pyèj,
se li men ki pran yo nan pyèj. Se yon leson li pwofite bay yo, lè yo mande li
èske yon gason ka voye madanm li ale pou nènpòt bagay, li reponn yo e li mande
yo si yo pa li sa Bondye te ekri lè li t’ap kreye moun? Se gason ak fi li te kreye yo. Epi li ajoute: se poutèt sa, yon gason va
kite papa l’ ak manman, fi a egalman, pou yo fòme yon sèl kò, lè sa a yo pa
youn ankò. Sa se pwojè Bondye, sa li mete ansanm piga pèsòn seprare l’. Se yon
fason pou li montre nou li pa dakò ak divòs, se pa san rezon Moyiz te pèmèt
divòs la, se paske nou te twò di, pou evite vyolans jis jodi a. Konsa gen moun
ki etone wè jèn fi ak jèn gason ki pa marye. Jezi bay yon rezon ki fè yon
maryaj pa bon. Patizan Jezi yo di si se konsa bagay la ye, yo pito rete
konsa. Men Jezi di yo atansyon! Se pa tout
moun ki konprann pawòl sa a; men se moun Bondye bay gras pou sa. Depi ou kapab
viv sa ekzijans lan ap mande ou pou wayòm nan tout sa gras Bondye. Ann sonje
tout sa Bondye fè pou nou tankou pèp Izrayèl la, jan pwofèt Jozye eksplike n’;
lè n’ sonje sa l’ fè pou nou, n’a renmen l’ plis ak pwochen n’ yo.
LAPRIYÈ:Granmèt, fè n’
rete vijilan pou n’ pa defèt plan travay ou te genyen depi nan kreyasyon an.
Olye pou n’ mete divizyon, ba n’ fòs ak kouraj pou n’ mete linyon, konsa renmen
an va pouse rasin nan Legliz la, nan fanmi nou ak nan sosyete a. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap atantif pandan
semèn nan pou m’ pa defèt plan Bondye nan relasyon moun ak moun.
No hay comentarios:
Publicar un comentario