Koulè Blan
ASONPSYON MARI KI SEN, KI VYÈJ (Gran Fèt)
PREMYE MOSO LABIB
“Yon madanm vlope ak solèy, lalin nan anba pye l’”.
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 11, 19a; 12, 1.3-6a. 10ab
Tanp Bondye a louvri nan syèl la,
kòf alyans la parèt nan Tanp li a. Yon gran siy parèt nan syèl la; se yon
madanm ki vlope ak solèy, lalin nan anba pye l’, sou tèt li gen yon kouwòn douz
zetwal.
Yon lòt siy parèt nan syèl la: se
yon gran dragon wouj-dife, ki gen sèt tèt ak dis kòn, epi sou tèt li yo, sèt ti
kouwòn; ke l’ bale yon tyè nan zetwal syèl yo, li voye yo sou tè a; gran dragon
an kanpe devan madanm nan ki t’ap akouche a, pou l’ devore pitit li a, kon l’
anfante l’.
Madanm nan fè yon ti pitit gason,
ki gen pou l’ kòmande tout nasyon ak yon baton fè; yo pran pitit la, yo monte
l’ kot Bondye, sou twòn kòmandman l’; madanm nan sove kò l’ nan dezè a, kote li
te gen yon plas Bondye te pare pou li.
Mwen tande yon gran vwa nan syèl
la k’ap di: “Koulye a, sove a rive ansanm ak fòs la, ak peyi wa Bondye nou an,
ak pouvwa Kris li a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 44, 10bv. 11-12a.l6
R/ Rèn nan chita adwat ou, li dekore ak lò Ofi.
Pitit fi wa yo nan pami sa ou
renmen yo; rèn nan chita adwat ou, li dekore ak lò Ofi.R.
Koute, mafi, gade, panche zòrèy
ou, bliye pèp ou a ak kay papa ou; wa a anvi jou ou bèl.
Paske se Granmèt ou li ye, se pou
ou adore l’.R.
Yo mennen l’ nan kè kontan ak fèt,
yo kondui l’ nan kay wa a.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Premye fwi a, se Jezikri, aprè sa se moun ki pou Jezikri yo”.
NAN PREMYÈ LÈT APOT PÒL KI SEN POU
KORENTYEN YO 15, 20-26
Frè m’ yo:
Jezikri leve vivan sot nan pami mò
yo, premye fwi nan pami sa k’ t’ap dòmi yo; paske se pa lentèmedyè yon moun
lanmò a te rive, se pa lentèmedyè yon moun tou n’ap leve sot nan pami mò yo.
Menm jan tout moun te mouri nan Adan an, se konsa tout moun ap gen lavi nan
Jezikri. Chak moun nan ran l’: premye fwi a se Jezikri, aprè sa se sa yo ki pou
Jezikri a, ki te kwè li t’ap vini an. Aprè sa, se finisman an, lè l’ap renmèt
peyi wa a bay Bondye Papa a, lè l’ap fè tout otorite tout pouvwa ak tout fòs
disparèt la.
Li gen pou l’ kòmande “joustan li
mete tout ènmi yo anba pye l’”. Dènye ènmi an, se lanmò a k’ap fin detwi; “sèke
li fòse tout bagay ret anba pye l’”.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Li fè mèvèy pou mwen, sa a ki gen pouvwa a: li leve sa k’ pòv yo anlè”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 39-56
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit,
nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, kon Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la
danse nan vant li, Elizabèt vin plen ak Espri Sen an, li rele byen fò, li di:
“Ou beni pase tout fi, epi fwi
vant ou a, li beni tou. Kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen an vin
lakay mwen? Gade, kon vwa w’ touche zòrèy mwen pandan w’ap salye m’ nan, ti
pitit la danse ak kontantman nan vant mwen. Ala kontantman pou ou menm ki te
kwè sa Granmèt la te di w’ yo t’ap reyalize”.
Mari di:
“M’ap fè lwanj Granmèt la, espri
m’ ap fete nan Bondye sovè m’ nan, paske li voye je sou pòv ti kondisyon sèvant
li a genyen. Gade vre, depi koulye a tout jenerasyon ap di ala kontantman pou
mwen; paske li fè gran mèvèy pou mwen sa a ki gen pouvwa a, non l’ sen,
mizerikòd li ras an ras pou moun ki krenn li yo.
Avèk bra l’, li fè bagay ki mande
fòs, li gaye moun ki te plen lògèy nan kè yo. Li jete sa k’ gen pouvwa yo sot
sou twòn yo, li leve sa k’ tou piti yo anlè, li plen sa k’ grangou yo ak byen,
li ranvwaye sa ki rich yo men vid.
Li soutni Izrayèl, sèvitè l’ la,
li sonje mizerikòd li a, jan l’ te pale ak papa nou yo, Abraam ak ras li a pou
tout tan”.Mari rete avèk li yon twa mwa konsa; aprè sa, li tounen lakay li.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Legliz
la ap fete Asonpsyon Mari ki sen, ki vyèj.
Lè nou pale de Asonpsyon, sa vle di Mari deja monte nan syèl la al jwenn
Bondye Papa a, pitit la ak Lespri Sen an. Jounen jodi a, nou kapab poze tèt nou
kesyon: Ki sa Asonpsyon Mari a vle di pou nou?
Ki diferans sa fè pou lavi nou?
Pou nou reponn a kesyon sa yo,
fò n mande: kilès Mari te ye?
Jezi li menm, se Bondye li ye,
pandan li te yon moun tou. Si Jezi monte
nan syèl la al jwenn Papa li, sa pa dwe fè nou sezi. Men Mari pa Bondye, se yon moun nòmal li te
ye, epoutan li al pataje lavi nèt ale a ansanm ak Granmèt la nan syèl la. Mari te jwenn gras sa a paske se te premye
disip Jezi li te ye, li te disponib nèt pou fè volontè Papa a. Nan Mari, pwomès Jezi fè pou nou tout ki
disip li yo, deja tounen yon reyalite. Lè nou gade ekzanp Mari, nou konnen kote
nou menm nou prale yon jou tou, ak gras Bondye a.
Lè fini, Mari te yon fanm
malerèz, ki fèt nan yon fanmi peyizan. E
se li menm Bondye te chwazi pou premye manm gwoup zanmi Bondye ki nan syèl la
ansanm avè l’. Lè nou reflechi sou sa, fò n’ ta chanje mantalite nou, paske
pafwa nou konn ap meprize fanm yo, nou meprize malere yo, nou meprize peyizan
yo. Epoutan se yon fanm, malerèz,
peyizan, ke Bondye chwazi pou prezidan tout sen yo.
Nan sans sa a, Mari reprezante
Legliz la. Se Manman Mari ki kòz Jezi
fèt nan mitan nou; se Manman Mari ki aprann nou tande vwa Lespri Sen an nan
lavi nou; se Manman Mari ki akeyi nou nan kominote zanmi Bondye yo.
LAPRIYÈ: Mèsi Granmèt, paske ou pa meprize nou, okontrè, nan ekzanp Mari ou
montre nou si ou envite nou tout al jwenn ou pou nou pataje lavi nèt ale a
ansanm avèk ou! Amèn.
PWOPOZISYON: Ki sa ki konn fè m’ wont, lè m’ gade tèt mwen jan sosyete a konn ap gade
m’? E si m’ te kite Granmèt la gade m’
jan m’ ye a, jan li te fè m’ ak tout renmen li an, kisa k’ ta ka chanje nan
lavi mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario