Koulè Vèt
VENTYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Manje pen m’, bwè diven an mwen melanje pou nou an".
LEKTI LIV PWOVÈB YO 9, 1-6
Sajès la bati kay li, li drese sèt
kolòn li yo, li touye bèt li yo pou sakrifis la, li melanje diven an, li drese
tab li a; li voye sèvant li yo pou yo rele nan pòtay la ak sou wotè lavil la:
"Si yon moun tou piti, se pou l’ vin jwenn mwen".
Pou moun ki pa gen konprann yo, li
di: "Vini, manje pen m’ nan, bwè diven m’ nan mwen melanje pou nou an;
kite konduit ti moun nan, vin aprann lavi, mache nan chemen entelijans
la".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 10-11. 12-13. 14-15 (r.: 9a)
R/ Goute, n’a wè kijan Granmèt la bon.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la
nan tout okazyon, tout tan lwanj li nan bouch mwen.
Nan Granmèt la nam mwen ap jwenn bèlte l’, se pou pòv
yo tande, pou yo kontan.R.
Se pou nou respekte Granmèt la, nou menm sen l’ yo,
paske pa gen grangou pou moun ki respekte l’ yo.
Rich yo vin pòv, yo grangou, men sa k’ap chèche Granmèt
la, yo pa manke okenn byen.R.
Pa kite lang ou fè sa k’ mal, pa
kite pou bouch ou pale manti.
Vire do bay mal, fè byen, chèche
lapè, rapousuiv li.R.
DEZYÈM LEKTI
"Chèche konprann volonte Bondye a".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN
YO 5, 15-20
Gade, frè m’ yo, kijan nou dwe fè
atansyon nan fason n’ap kondui tèt nou: nou pa dwe aji tankou moun ki pa gen
konprann, men se tankou moun sajès pou nou aji; se pou nou sèvi ak tan an byen,
paske jou yo pa bon. Se pousa pa aji san reflechi, men chèche konprann sa Bondye
vle.
Pa kite diven fè nou sou, nan diven
an gen tandans pou plezi malonèt, men se pou nou plen ak Lespri Sen an, se pou
nou chante sòm, kantik ak chante lespri nan pami nou, se pou nou chante, pou
nou fè lwanj Granmèt la nan kè nou, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi tout tan
pou tout moun o non Granmèt nou an Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Chè m’ se manje tout bon vre a, san m’ se bwason tout bon vre a".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 6, 51-59
Lè sa a: Jezi di foul yo:
"Mwen se pen vivan an, ki desann
sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l’ap viv tout tan; epi pen an
m’ap bay la, se chè m’ pou lavi tè a".
Juif yo t’ap babye, youn t’ap di
lòt: "Kijan pou sila a kapab ba nou chè l’ pou nou manje?"
Jezi di yo:
"An verite, an verite mwen di
nou, si nou pa manje chè Pitit moun nan, si nou pa bwè san l’, nou p’ap gen
lavi nan nou. Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li gen lavi ki p’ap janm
fini an, epi mwen menm m’ap fè l’ leve vivan nan dènye jou a.
Chè m’ se manje tout bon vre a,
san m’ se bwason tout bon vre a. Moun ki manje chè m’, ki bwè san m’, li ret
nan mwen, mwen ret nan li. Menm jan Papa a ki voye m’ nan li vivan, epi mwen
viv gras a Papa a, konsa tou, moun ki manje m’ nan, l’ap viv gras a mwen.
Sa a se pen an ki desann sot nan syèl
la. Li pa tankou lamán nan zansèt nou yo te manje a, epi yo te mouri. Moun ki manje pen sa a, l’ap viv tout tan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Nan ventyèm (20èm)
dimanch tan senp, ane B a, litiji lamès la envite nou reflechi sou «Sakreman Lekaristi oubyen
sakreman lakominyon». Sa sa vle di frè ak sè m’ yo ? Daprè lansènyeman Legliz
la, lekaristi vle di «di Bondye mèsi ». Mèsi pou Kò ak San li nou resevwa
nan losti. Mèsi Pou kalite mèvèy sa a nou p’ap janm konprann nan menmsi nou kwè
l’. Sa vle di, pen an ki tounen Kò Jezi, e diven an ki tounen San Jezi, sa se
yon mèvèy (yon mistè). Se sa pè a di nan konsekrasyon an.
Nan levanjil jodi a Jezi fè kalite deklarasyon sa
a etan l’ di nou : ‘‘Mwen se pen vivan-an, ki desann sot nan syèl la. Pawòl sa a deranje Jwif
yo anpil paske pou yo menm Jezi pa kapab ba yo chè l’ pou yo manje. Yo pa kanibal (yon bèt ki manje lachè sèlman).
Konsa, yo pa kapab manje chè l’. Sa vle di, jwif yo pa t’ konprann deklarasyon
Jezi a. Je yo bouche. Plis y’ap babye, se plis y’ap rekile sou
chemen lafwa-a. Aparans ki devan yo-a
avègle yo.Yo pa reyisi depase sa yo wè ak je yo, pou yo antre nan
sa yo pa wè ak je kò yo.
Dayè liv pwovèb la eksplike sa trè byen kijan
lasajès drese tab li, li melanje diven-an, li envite nou vin manje pen-an,
dekwa pou nou kab mache nan chemen sajès la. Goute, n’a wè jan Granmèt la bon,
nou (sòm 33). Kidonk, vrè manje a, vrè bwason an, se Kò Jezi, se San Jezi, ki
se lekaristi ki bay vrè sajès la, ki pèmèt nou wè limyè pou nou oryante demach
nou nan lavi a, pou nou pran direksyon ki fè Bondye plezi.
Moun ki manje Chè m’, ki bwè San m’, li gen lavi
ki p’ap janm fini an. Konsa, m’ap fè l’ leve vivan nan dènye jou a. L’ap ret
nan mwen, e m’ap ret nan li ; l’ap viv nan mwen pou toutan.
Frè ak sè m’ yo, nan levanjil Sen Jan an, Jezi pa
di kò, li di pito «Chè ». Sa fè nou sonje kòman pawòl la vin tounen chè,
li abite nan mitan nou (Jn 1,14). Chè a se Jezi ki vivan an, men ki moun tankou
nou, ki gen pou l’ pase nan lanmò a tankou tout moun. Chè sa a, se pa yon moso
vyann yo koupe ki pa gen lavi ladan l’, ki pa gen lespri a k’ap fè l’ viv la. Men, se pito Jezi
toutantye ki mouri e ki leve byen vivan. E si Lespri a pa bay lavi, chè a pa
sèvi anyen. Ki donk, ni chè a ni lespri a, yo mache ansanm.Youn pa ka mache
kite lòt. Se tankou de zèl yon zwazo ki pemèt li vole. Si youn kase, zwazo a
pap ka vole. Se konsa nan sakreman Lekaristi a, se Jezi nèt ki la avèk kò l’,
san l’, nanm li, nati Bondye l’.
Si nou pa manje chè Pitit Moun nan, nou p’ap gen
lavi. Chè pitit moun nan, se yon pèsonaj kote syèl la ak tè a rankontre (Dn
7,13-14), kote Bondye ak moun rankontre. Pitit moun nan sèvi entèmedyè ant
Bondye ak moun yo. Pitit moun nan, se Jezi li menm. Konsa Jezi fè n’ wè Lekaristi
a se li menm kòm Pitit Moun nan (Jn 6,53). Moun ki manje kòm, ki bwè sanm, li
fè yon sèl ak mwen, mwen fè yon sèl ak
li ; e l’ap gen lavi ki p’ap janm fini an.
Se pou Lavyèj Mari, gadyen lafwa nou ak medyatris
nou, toujou entèsede pou nou bò kot piti li Jezi. Se pou l’ toujou ede nou gen
lanvi ak apeti pou n’ renmen Lekaristi.
Amèn !
LAPRIYÈ : Jezi
ou menm ki se sous lavi a, fè m’ bwè nan ou toutan pou m’ ka gen lavi.
PWOPOZISYON : Pran yon moman pou adore Jezi ki byen vivan nan Losti a.
Kite li gade mwen, tande sa l’ap di mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario