Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Granmèt la mete jij, men yo refize koute yo”.
NAN LIV JIJ YO 2, 11-19
Jou sa yo:
Pitit Izrayèl yo fè sa k’ mal devan Granmèt la, yo sèvi
Baal yo, yo abandone Granmèt Bondye zansèt yo, ki te fè yo sòti Lejip la, yo
suiv dye etranje yo ak dye pèp yo, ki abite alantou yo a, yo adore yo, yo
eksite kòlè Granmèt la, yo lage l’, yo sèvi Baal avèk Astawòt.
Granmèt la fache kont Izrayèl, li lage l’ nan men moun
k’ap piye yo, yo fè yo prizonye, yo vann yo bay lènmi yo ki te abite alantou
yo, yo pa t’ kapab reziste kont lènmi yo, men tout kote yo te vle ale, men
Granmèt la te sou yo, jan l’ te di a, jan l’ te fè sèman an; yo vin gen anpil
malè.
Granmèt la mete jij, ki delivre yo sot nan men moun
k’ap fè ravaj yo, men yo pa t’ vle koute yo tou, yo fè adiltè avèk dye etranje
yo, yo adore yo. Yo prese kite wout la, kote zansèt yo te antre a, yo tande
kòmandman Granmèt la, men yo fè sa k’ kontrè.
Lè Granmèt la fè jij yo leve, nan jou yo, li te konn fè
kè sansib li panche sou yo, li te konn koute plent sa k’ap pase mizè yo, li te
konn delivre yo sot nan men moun k’ap fè ravaj pou yo touye a. Men lè jij la
fin mouri, yo te konn rekòmanse, yo te konn fè pi mal pase sa zansèt yo te konn
fè, yo te konn suiv dye etranje yo, yo te konn sèvi yo, yo te konn adore yo. Yo
pa t’ konn kite konduit yo avèk move chemen yo, kote yo te konn mache a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 105, 34-35. 36-37. 39-40. 43ab e 44
R/ Sonje nou, Granmèt, nan bon kè ou
genyen pou pèp ou a.
Yo pa gaye nasyon yo, sa Granmèt
la te di yo a.
Yo melanje avèk nasyon yo, yo aprann aksyon yo.R.
Yo sèvi zidòl yo, ki vin tounen antrav pou yo.
Yo sakrifye pitit gason yo ak pitit fi yo bay demon yo.R.
Yo sal nan aksyon yo, yo fè move konduit nan move
aksyon yo.
Kolè Granmèt la boule kont pèp li
a, li vin rayi eritaj li a.R.
Anpil fwa, li delivre yo; men yo menm yo eksite l’ nan
desizyon l’.
Li wè tray yo, lè l’ tande rèl yo.R.
LEVANJIL
“Si ou vle
vin kòrèk nèt, vann sa ou genyen, w’ap gen yon trezò nan syèl la”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
16-22
Lè sa a:
Gen yon moun ki pwoche, li di
Jezi: “Bon Mèt, ki sa pou m’ fè ki bon pou m’ gen lavi tout tan an?”
Li di l’: “Poukisa w’ap poze m’
kesyon sou sa k’ bon an? Se yon sèl ki bon, se Bondye. Men si ou vle antre nan
lavi a, obsève kòmandman yo”.
Li di l’: “Kilès?”
Jezi menm di l’: “Pa touye moun,
pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè temwayaj ki pa vre, respekte papa ou ak manman ou,
renmen pwochen ou tankou ou menm”.
Jenòm nan di l’: “Mwen te kenbe
tout bagay sa yo depi m’ tou jèn; kisa m’ manke ankò?”
Jezi di l’: “Si ou vle vin kòrèk
nèt, ale, vann sa ou genyen, bay pòv yo, w’ap gen yon trezò nan syèl la; epi
vini, suiv mwen”.
Lè jenòm nan tande pawòl sa a, li
pati tou tris. Sèke li te gen anpil byen.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pou nou fè ekilib nan lavi nou,
gen 2 dimansyon ki karakterize nou ke nou dwe viv: yon dimansyon materyèl ak
yon dimansyon espirityèl. Si nou chèche viv youn san nou pa viv lòt, lavi nou
vin tankou yon balans ki pa gen ekilib. Sa fè tou nou pa rive viv lavi nou jan nou ta dwe viv li
kòm moun epi kòm pitit Bondye. Angiz nou mennen lavi nou kòm moun ki gen libète
ak diyite pitit Bondye, nou mennen yon lavi vejetatif, yon lavi ki vid.
Si
nou fè yon ti reflechi sou sa moun nan ye, premyèman n’ap rive dekouvri ke li
se matyè; moun nan se matyè, pa yon matyè tankou yon bagay plastik oubyen yon
moso bwa; se yon matyè ki anime ak pwòp souf Bondye, ak pwòp lavi Bondye.
Dezyèman,
nou kapab dekouvri tou ke moun nan se lespri. Li pa sèlman redui ak yon
dimansyon materyèl. Kisa nou kapab konprann nan tout sa?
Reyalite
matyè a, se li ki ba nou ekzijans pou nou manje, bwè, dòmi, benyen, abiye,
konstwi kay pou nou rete,… tandiske reyalite lespri a pouse nou panse sa k’ap
bon pou nou, pou fanmi nou ak pou tout sosyete a. Lespri a fè nou santi
nesesite pou nou chèche konnen ak konprann reyalite mond materyèl la. Se Lespri
ak ki pèmèt nou jere ak kontwole kò a. Se Lespri a ki pèmèt nou aji pou nou
kapab fè sa ki byen, menm sa ki nan benefis kò a.
Men
anpil fwa, sa konn rive nou pa kite ke se lespri a ki mennen kò a; lè sa nou
konn pran move direksyon, nou konn pèdi tèt nou, nou echwe, nou viv tankou moun
fou.
Lè
kò a jwenn tout sa li bezwen, nou santi lespri a kontan ak li, paske yo toulede
fòme yon inite; inite sa a, se sa nou rele moun. Yon moun pa kapab ekziste san
kò, konsa tou li pa kapab ekziste san lespri a. Kidonk moun = kò +lespri. Se 2
pwa ki fè ekilib yon sèl balans.
Nou
konnen kò a kapab detwi, men lespri a kapab toujou rete vivan. Se youn nan
rezon ki fè Jezi te di piga nou pè moun ki kapab detwi kò a, men ki pa kapab
detwi lespri a.
Nou
menm moun, menm si nou gen tout bagay materyèl, nou toujou santi sa pa ase pou
nou paske lavi nou gen yon ekzijans espirityèl tou. Nou gen konsyans ke se pou kèk
jou nou sou tè a, nou pa vin fè matyè sale, nou se pasaje, nou se peleren, nou
se vizitè. Se
poutèt sa nèg rich la te poze Jezi yon kesyon fondamantal; li mande li kisa pou
li fè pou li ka gen lavi etènèl la.
Malgre
jèn jan sa a te respekte tout sa kòmandman Granmèt la mande, sa pa t’ anpeche
ke li te gen yon jefò pou li te fè an plis. Se nan sans sa a Jezi di li: “Si
ou vle vin kòrèk nèt, ale, vann sa ou genyen, bay pòv yo, w’ap gen yon trezò
nan syèl la; epi vini, suiv mwen”.
Ebyen
Jezi te mande li pou li fè yon detachman ak byen latè yo, byen k’ap pase yo pou
li kapab rive jwenn gwo trezò syèl la. Nou menm tou k’ap sèvi Bondye, nou menm
ki di nou se kretyen, anpil fwa tou nou bezwen divòse ak tout sa ki tounen yon
zidòl nan lavi nou. Lè nou ale Legliz chak dimanch, nou resevwa sakreman yo,
nou santi nou pa lwen syèl la!
Atansyon!
Jodi a Granmèt la ap di nou nou gen pou nou fè yon ti jefò an plis, nou gen pou
nou pratike jistis ak lòt la ki bò kote nou an. Li enpòtan pou nou sòti nan ti
kachèt nou, nan komodite nou, ti konfò nou pou nou gade lòt la epi pou nou fè
yon jès mizerikòd ak li. Se lè sa a n’ap montre nou se moun ki fè ekilib ant
bagay k’ap pase yo ak sa ki la pou toutan yo. Moun ki vle sove lespri a dwe
libere lespri anba tout vye kòd byen materyèl ki mare li. Nou pa dwe santi nou
tris lè Bondye mande nou sa, paske se sèl kondisyon pou nou antre nan lavi tou
nèf nou reve a, ki se lavi lespri a nan letènite Bondye ki te kreye nou pou nou
viv nèt ale ak li.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri, ranpli nou ak Lespri Sen w’ lan, pou nou
kapab travay pou wayòm ou an tabli sou tè a.
PWOPOZISYON: Bagay ou genyen ki pi enpòtan pou ou a, sa ou santi ou
plis atache ak li a, eseye pataje li ak yon moun, pa yon moun ki ka remèt ou
sa, men yon ti pòv k’ap tann Bondye fè kichòy pou li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario