Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Jedeyon, w’ap delivre Izrayèl: konnen mwen voye ou”.
NAN LIV JIJ YO 6, ll-24a
Jou sa yo:
Mesaje Granmèt la rive; li chita anba pye bwadchèn nan,
sa k’ nan Efra a, ki pou Joas, papa fanmi Ezri a. Pandan Jedeyon t’ap kale ble,
li t’ap netwaye l’ nan preswa a, pou l’ sove kò l’ lwen Madyan, Mesaje Granmèt
la parèt devan l’, li di: “Granmèt la avèk ou, ou menm ki pi vanyan nan tout
moun yo”.
Jedeyon di l’: “Tanpri, mèt mwen, si Granmèt la avèk
nou, poukisa tout bagay sa yo rive nou? Kote mèvèy li yo, sa zansèt nou yo te
rakonte nou an, yo te di: “Granmèt la fè nou sòti Lejip?” Koulye a menm Granmèt la lage nou, li renmèt nou nan men Madyan”.
Granmèt la gade l’, li di: “Ale ak
fòs sa a ou genyen an, w’ap delivre Izrayèl sot nan men Madyan: konnen se mwen
menm ki voye ou”.
Li reponn, li di: “Tanpri, mèt
mwen, ak kisa m’ap delivre Izrayèl la? Men fanmi mwen se li menm ki pi piti nan
Manase, epi mwen menm menm mwen pi piti nan kay papa m’”.
Granmèt la di l’: “M’ap avèk ou,
w’ap frape Madyan tankou yon sèl moun”.
Li menm, li di: “Si m’ jwenn favè
devan ou, ban m’ yon siy se ou menm k’ap pale avèk mwen; pa pati sot isit la,
toutotan mwen pa tounen kote ou, antan m’ pote sakrifis la pou m’ ofri ou”. Li
reponn: “M’ap tann ou vini”.
Konsa Jedeyon antre, li kuit yon
kabrit, li fè pen san leven avèk yon mezi farin; li mete vyann yo nan yon
mamit, li mete sòs vyann nan nan yon boutèy, li pote tout sa anba pye bwadchèn
nan, li ofri l’. Mesaje Granmèt la di l’: “Pran vyann yo ak pen san
leven yo, mete yo sou wòch sa a, vide sòs la sou li”. Lè l’ fin fè sa, Mesaje
Granmèt la lonje pwent baton an li te gen nan men l’ nan, li touche vyann yo ak
pen san leven yo; dife monte sot nan wòch la, li devore vyann yo avèk pen san
leven yo; Mesaje Granmèt la menm disparèt sot devan je l’.
Lè Jedeyon wè se te Mesaje Granmèt la, li di: “Malè pou
mwen, Granmèt Bondye; paske mwen wè Mesaje Granmèt la fas a fas”. Granmèt la di l’: “Lapè avèk ou, pa pè, ou p’ap mouri”. Jedeyon drese yon
lotèl pou Granmèt la nan kote sa a, li rele l’: “Lapè Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 84, 9. 11-12. 13-14
R/ Se lapè Granmèt la ap pale ak pèp li a.
M’ap koute sa Granmèt Bondye ap
di, se lapè l’ap pale pou pèp li a ak sen l’ yo, avèk pou sila yo ki chanje nan
kè yo.R.
Kè sansib ak verite rankontre,
jistis ak lapè anbrase. Verite a leve sot
sou tè a, jistis la panche sot nan syèl la.R.
Wi, Granmèt la ap bay bon kè, tè
nou an ap bay fwi l’. Jistis ap mache
devan l’, l’ap poze pye l’ sou wout la.R.
LEVANJIL
“Li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegwi, pase pou yon moun rich antre
nan rèy syèl yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 19,
23-30
Lè sa a:
Jezi di disip
li yo: “An verite, mwen di nou, l’ap difisil pou yon moun rich antre nan rè
syèl yo. Mwen di nou sa ankò: li pi fasil pou yon chamo pase nan je zegwi pase
pou moun rich antre nan rèy syèl yo”.
Lè disip yo tande sa, yo sezi anpil, yo di: “Ebyen
kilès ki kapab sove?”
Jezi gade, li di yo: “Pou lèzòm sa pa posib; pou Bondye
menm, tout bagay posib”.
Lè sa a atò Pyè pran lapawòl, li di l’: “Men nou menm
nou kite tout bagay, nou suiv ou; ki sa n’ap genyen?”
Jezi menm di yo: “An verite mwen di nou, nou menm ki
suiv mwen an, lè tout bagay ap refèt, lè Pitit moun nan ap chita sou fotèy
bèlte l’, n’ap chita nou menm tou sou douz fotèy, pou nou jije douz fanmi
Izrayèl yo. Tout moun k’ap kite kay oubyen frè, oubyen sè, oubyen papa, oubyen
manman, oubyen madanm, oubyen pitit, oubyen jaden, poutèt non mwen, l’ap
resevwa san fwa plis, l’ap genyen lavi tout tan an”.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: ‘‘Li difisil pou yon moun rich antre nan Wayòm syèl la
(…). Kilès ki kapab sove?’’
Jodi a, nou kontanple reyaksyon
moun ki t’ap koute Jezi nan dyalòg li te genyen ak nèg rich la. ‘‘Kilès ki kapab sove ?’’ (Mt 19,25).
Pawòl Granmèt la di jenòm rich la vrèman di, se pawòl ki pou etone nou, pawòl
ki pou reveye nou nan dòmi. Se pa yon pawòl izole ke nou jwenn pa aza nan
levanjil la : nou jwenn menm mesaj sa a ven fwa youn dèyè lòt. Nou dwe
sonje Jezi bay avètisman sou obstak moun ki pi rich yo kapab jwenn pou yo antre
nan lavi a.
Poutan, Jezi te renmen epi li te rele nèg ki rich, san li
pa mande yo abandone responsablite yo. Richès la nan sa li ye, se pa yon move
bagay, se pito orijin li: si richès la fèt atravè enjistis, oubyen si yo
itilize li yon fason egoyis, san yo pa konsidere moun ki pi defavorize, oubyen
si li fè moun fèmen kè yo sou vrè valè espirityèl yo (kote moun nan santi li ba
bezwen Bondye).
‘‘Kilès ki kapab sove?’’. Jezi
reponn: ‘‘Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib’’. (Mt 19,26).
Granmèt, ou menm ki konnen kijan lèzòm gen feblès pou chanje sans pawòl ou a.
Mwen dwe di ou, Granmèt, pote m’ sekou ! Chanje
kè mwen !
Aprè
nèg rich la fin ale, tou tris, akoz li te atache ak richès li yo, Pyè pran
lapawòl e li di :
—Granmèt,
pèmèt Legliz ou a ak disip ou yo gen kapasite pou yo kite tout bagay pou ou.
“An verite mwen di nou, nou menm ki suiv mwen an, lè tout
bagay ap refèt, lè Pitit moun nan ap chita sou fotèy bèlte li’’.(Mt 19,28).
Deja ou gen tan ap panse ak jou sa a, jou sa ki gen pou rive a. Ou se yon nèg
ki prale nan lafen dimond, nan plenitid lòm nan. Lè moman sa rive, Granmèt,
tout bagay ap vin nouvo, renouvle, bèl.
Jezi di nou : — Nou menm ki te swiv mwen, n’ap chita
sou douz fotèy pou jije douz tribi Izrayèl, …n’ap resevwa plis toujou, e n’ap
resevwa eritaj lavi ki p’ap janm fini an’’ (Mt 19,28-29).
Lavni ou pwomèt moun pa w’ yo, moun ki te swiv ou yo nan
jefò pou venk obstak yo, se yon lavni kè kontan, se lavi an abondans.
—Mèsi Granmèt, kondui m’ nan gran jou sa a !
LAPRIYE: Granmèt, mèsi pou tout sa ou ban mwen. Fè m’ gen lajwa pataje li ak frè ak sè m’ yo.
PWOPOZISYON: Dekouvri kisa ki anpeche
m’ mache ak Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario