Koulè Blan
DOMINIK KI SEN, Prèt
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Se pou ou renmen Granmèt ou a ak tout kè ou".
LEKTI LIV DETEWONÒM 6, 4-13
Moyiz pale ak pèp la, li di:
"Koute, Izrayèl: Granmèt Bondye
nou an se yon sèl Granmèt la. Se pou ou renmen Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou,
ak tout nam ou, ak tout fòs ou.
Pawòl sa yo m’ap di ou jodi a, se
pou yo ret nan kè ou, se pou ou rakonte yo bay pitit ou yo, se pou ou kalkile
sou yo, antan ou chita lakay ou, antan w’ap mache sou wout la, antan ou kouche,
antan ou leve; se pou ou mare yo tankou yon siy nan men ou, se pou ou mete yo
sou fwon ou, pou yo souke devan je ou, se pou ou ekri yo sou papòt ou ak nan fenèt
lakay ou.
Lè Granmèt Bondye ou ap fè ou antre
nan tè a, sa l’ te fè sèman bay zansèt ou yo, Abraam, Izaak ak Jakòb, lè l’ap
ba ou bèl gran vil ou pa t’ bati; kay ki plen tout kalite richès, sa ou pa t’
bati; pui ou pa t’ fouye, jaden rezen ak pye oliv ou pa t’ plante; lè w’a manje,
e vant ou ap plen: Fè atansyon anpil pou ou pa bliye Granmèt la, ki te fè ou sòti
nan peyi Lejip la, nan kay esklavaj la.
Se pou ou respekte Granmèt Bondye ou
la, se li menm sèl pou ou sèvi, se sou non l’ pou ou fè sèman".
SÒM REPONS 17, 2-3a. 3bc-4. 47 e 51 ab (r.: 2)
R/ Mwen renmen ou, Granmèt, ou menm
ki fòs mwen.
Mwen renmen ou
Granmèt, ou menm ki fòs mwen.
Granmèt,
fondasyon m’ ak kachèt mwen, ou menm k’ap delivre m’.R.
Bondye mwen,
sekou m’, se nan li m’ap espere, pwoteksyon m’, kòn delivrans mwen, li menm k’ap
soutni m’. M’ap fè lwanj Granmèt la, l’ap
sove m’ anba men lènmi m’ yo.R.
Viv Granmèt
la, konpliman pou sila a k’ap pote m’ sekou a, lwanj pou Bondye delivrans mwen an,
li fè wa l’ la ranpòte gran laviktwa, li fè kè l’ sansib pou Kris li a.R.
LEVANJIL
"Lè nou gen lafwa, anyen p’ap enposib pou nou".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MATYE 17,
14-20
Lè sa a:
Gen yon mesye
ki pwoche kot Jezi, li plwaye jenou devan l’, li di: "Granmèt, pran pitye
pou pitit mwen an, li gen epilepsi, li soufri anpil; anpil fwa li tonbe nan dife,
souvan tou se nan dlo. Mwen prezante l’ bay disip ou yo, yo pa kapab geri li".
Jezi reponn, li di:
"Jenerasyon ki san lafwa, ki move, jouskilè m’ap ret
avèk nou? jouskilè m’ap sipòte nou? Mennen l’ isit
la ban mwen". Jezi menase l’, demon an sòti nan li; pitit la geri lè sa a
menm.
Lè sa a atò disip yo pwoche kot Jezi
an sekrè, yo di: "Pouki sa nou pa t’ kapab chase l’?"
Jezi di yo:
"Se paske nou pa gen lafwa. An verite mwen di nou,
si nou gen lafwa tankou yon grenn seneve, n’ap di mòn sa a: "Travèse sot
isit la al laba-a', l’ap travèse; anyen p’ap enposib pou nou".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye lekti
Legliz la pwopoze nou pou meditasyon pawòl Bondye jodi a, sitiye no unan
kontèks kontinyasyon pelerinaj pèp Bondye a sou wout peyi lespwa ak kè kontan,
peyi Bondye pwomèt li a. Lekti sa a se yon envitasyon pou nou aprann koute; men
sitou pou nou aprann koute Bondye.
Sou plan relasyon moun ak moun, nou plis gen tandans
pou ekzije yo koute nou olye nou koute.Poutan yon vrè kominikasyon mande pou
nou pale epi pou nou koute. Sou plan relasyon moun ak Bondye, nou gen menm
tandans la tou, nou plis ta vle ekzije Bondye koute nou olye nou koute li.
Fason nou kominike ak Bondye, li diferan ak fason nou kominike ak lòt moun. Sèl
fason nou ka kominike ak Bondye, se nan lapriyè. Jodi a, li enpòtan pou nou
koute sa Bondye ap di nou, li pa pale nan zòrèy nou, men vwa li fè eko nan kè
nou.
Misyon Moyiz te prèske bout sou tè a, poutan pèp
Izrayèl la ki te gen pou lite, pou fè fas ak anplil difikilte, li te dwe
kontinye wout li.
Moyiz di pèp la ‘‘koute Izrayel’’, kidonk li envite li
prete anpil atansyon. Nan lang Ebre a mo ‘‘shema’’
(koute) gen anpil enpòtans: koute, se pa
sèlman tande ak zorèy ou, men se kite sa w’ tande a fè enpak, pou rive reflechi
epi pran yon pozisyon oubyen yon desizyon.
Moyiz di pèp: ‘‘Shema Izrayèl’’ (Tande Izrayèl), Granmèt Bondye nou an se yon sèl Granmèt la. Se pou ou renmin Granmèt Bondye ou la ak tout kè ou, ak tout nam ou, ak
tout fòs ou’’. Men tou li mande l’ sonje se Granmèt la ki te fè l’ sòti Legip,
se Granmèt la ki ba l’ kote pou l’abite.
Levanjil la rakonte nou Jezi geri
yon moun (san dout yon jèn gason) ki t’ap soufri ak yon epilepsi, e se ak
konkou lapriyè papa li Jezi fè li favè sa a. Disip yo mande l’ poukisa yo pa t’
kapab, li di yo se paske yo pa gen lafwa. Lafwa fè gwo mirak, se fondman lavi kretyen
an. Se lafwa ki ba nou lespwa ke bagay yo pral chanje, se lafwa ki fè nou wè
tout bagay pozitif. Se lafwa k’ap fè nou pa pèdi fòs ak kouraj.
Chak fwa nou lapriyè se pou n’
mande Bondye ogmante lafwa nou.
LAPRIYE: Granmèt, aprann mwen koute pawòl ou epi mete yo an pratik, ogmante
lafwa m’ pou m’ ka kenbe sou wout la.
PWOPOZISYON: Aprann fè
diferans ant tande ak koute. M’ap aprann koute pawòl Bondye a pou lavi m’ chanje.
No hay comentarios:
Publicar un comentario