Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Li renmen zansèt ou yo, li chwazi ras yo apre yo”.
NAN LIV DETEWONÒM 4, 32-40
Moyiz pale ak pèp la, li di:
“Mande jou lontan yo, ki te anvan
ou yo, depi jou Bondye te kreye moun nan sou tè a, sot nan yon bout syèl la
rive jous nan lòt bout la, mande yo si yon bagay konsa te janm fèt, oubyen si
yo janm konnen yon bagay konsa, pou yon pèp tande vwa Bondye k’ap pale nan
mitan dife, jan ou tande a, epi ou ret vivan; mande yo si Bondye te fè yon ras
sòti nan pami nasyon yo pou l’ pran l’ pou li, antan l’ eseye l’, antan l’ fè
mèvèy, pwodij, batay, ak ponyèt li, ak men l’ ki gen fòs, ak bra l’ ki lonje,
ak vizyon ki terib, daprè tout sa Granmèt Bondye nou fè pou nou nan Lejip la,
sa ou wè ak je ou; mande, pou ou kapab konnen Granmèt la se li menm ki Bondye,
pa gen lòt si se pa li.
Antan l’ nan syèl la, li fè ou
tande vwa l’, pou l’ ba ou leson; sou tè a, li fè ou wè gran dife l’ la; ou
tande pawòl li nan mitan dife a paske li te renmen zansèt ou yo, li te chwazi ras
yo aprè yo. Li fè ou sòti nan Lejip, antan l’ mache devan ou ak gran fòs li,
pou l’ detwi gran nasyon yo ki pi fò pase w’ yo, lè w’ap antre a; pou l’ fè ou
antre; pou l’ ba ou peyi yo kòm eritaj, jan ou wè jodi a.
Se pou n’ aprann sa jodi a, se pou
ou reflechi sou sa nan kè ou, se Granmèt la li menm ki Bondye nan syèl la anlè
a ak sou tè a anba a, pa gen lòt. Kenbe lòd yo ak kòmandman yo, sa m’ pase w’
jodi a, pou sa kapab bon pou ou ak pou pitit ou aprè ou, pou ou rete anpil tan
sou tè a, sa Granmèt Bondye w’ la ap ba ou a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 76, 12-13, 14-15. 16 e 21
R/ M’ap sonje travay Granmèt yo.
M’ap sonje
travay Granmèt yo; m’ap sonje mèvèy ou fè depi nan kòmansman yo. M’ap kalkile
sou tout travay ou yo, m’ap reflechi sou aksyon ekstrawòdinè ou yo.R.
Bondye,
chemen w’ nan sen: kilès dye ki gran tankou Bondye nou an? Ou se Bondye ki fè mèvèy, ou fè konnen pouvwa ou nan pèp yo.R.
Ou delivre pèp ou a ak fòs bra ou,
pitit Jakòb ak Jozèf yo. Ou kondui pèp ou a tankou mouton, nan men Moyiz avèk
Aawon.R.
LEVANJIL
“Kisa yon moun kapab bay pou peye lavi l’?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 16, 24-28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Si yon moun vle vin aprè m’, se
pou l’ renonse pwòp tèt li, pou l’ pran kwa l’, pou l’ suiv mwen. Moun ki vle
sove lavi l’, l’ap pèdi l’; moun ki vle pèdi lavi l’ poutèt mwen, l’ap jwenn
li. Sa sa ap sèvi yon moun si l’ posede tout tè a, men li peye sa ak lavi l’?
Oubyen ki sa yon moun kapab bay
pou l’ peye lavi l’?
Pitit moun nan gen pou l’ vini nan
bèlte Papa l’ avèk Mesaje l’ yo, lè sa a l’ap renmèt chak moun daprè travay li.
An verite mwen di nou, gen moun ki kanpe isit la, ki p’ap goute lanmò, jous yo
wè Pitit moun nan k’ap vin nan rèy li a”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi anonse lanmò ak leve vivan li, se pa pou
nou janm bliye sa Granmèt la fè pou nou, jan li te sove nou anba tout fòm
esklavaj, pa bliye li pase yon kontra renmen ak pèp li chwazi a epi li mete apa
pou li a, menm jan li te fè pèp li a wè gwo pouvwa li. Mezanmi se pa lontan
sèlman Bondye ap fè n’ santi pouvwa li; l’ap montre fòs ponyèt li. Pa gen lòt
Bondye tankou li, pèsòn pa kab fè sa l’ fè, li menm ki fè tout sa nou wè ak
tout sa nou pa wè. Wi se li menm, pa gen lòt; se poutèt sa nou dwe respekte l’,
adore l’, renmen l’ ak tout kè n’, epi swiv kòmandman li yo jodi a; konsa zafè
nou va regle, n’a wè bèl mèvèy bouch pa kab pale.Se obeyi kòmandman Bondye a
menmsi gen anpil soufrans. Pa bliye nan levanjil matye a kote Jezi di: moun ki
vle swiv mwen se pou l’ rayi pwòp tèt li, pou l’ aksepte pran kwa l’ pou swiv
mwen. Pafwa lavi Bondye ba nou an, nou fè l’ tounen yon zidòl pou regle pwòp
enterè pa nou. Ki mou ki gen lajan pou achte lavi? Èske se pa Bondye ki fè n’
kado lavi nou gratis? Se sa k’ fè Jezi di: “moun ki renmen lavi l’, l’ap pèdi
l’, e moun ki bay lavi l’ pou mwen l’ap jwenn li ankò”. Anpil fwa nou pa gen
tan pou Jezi, nou pase tout tan nou ap regle ti zafè pa nou, e nou bliye kilès
ki ba nou fòs pou n’ fè li, kilès ki ba
nou respirasyon. Si Bondye pa t’ ba nou lavi, èske nou t’ap ka kanpe? Jezi di
yon moun ki pa kite byen l’, papa l’, manman l’, frè ak sè l’ pou pran kwa l’
pou l’ swiv mwen li p’ap kapab tounen patizan m’. Frè ak sè m’ yo, ann chèchè
bay lavi nou yon sans nan Jezi, li menm ki te aksepte bay lavi l’ pou l’ sove
nou, konsa n’a kòmanse goute peyi kote Bondye wa a.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt,
m’ap di w’ mèsi paske ou te aksepte bay lavi w’ pou mwen pou wete m’anba
esklavaj peche a, ki fè mwen menm tou, mwen kapab bay lavi m’ yon lòt sans. Ban
mwen lagras ou pou m’ kab ba w’ tout plas nan vi mwen, lè sa a m’a gen kouraj
pou swiv ou.
PWOPOZISYON: M’ap chèche dekouvri
nan lavi mwen tout obstak ki anpeche m’ swiv Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario