Koulè Vèt
VENNDEZYÈM
DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Pa ajouté nan paròl mouin palé nou yo... Kinbé kòmandman Granmèt
la".
LEKTI LIV DETEWONÒM NAN 4, 1-2.
6-8
Koulye a, Izrayèl, koute kòmandman
yo ak desizyon yo, sa m’ aprann ou an, pou ou viv antan ou obsève yo, pou ou
posede tè a antan ou antre ladan l’, tè sa a Granmèt la Bondye zansèt nou yo ap
ba nou an. Nou p’ap ajoute nan pawòl la, sa m’ pale nou an, ni nou p’ap wete
ladan l’: kenbe kòmandman Granmèt la Bondye nou an, kòmandman sa yo mwen pase
nou lòd la. N’ap obsève yo, n’ap aji daprè yo.
Se sajès nou ak entelijans nou devan
pèp yo, konsa lè yo tande tout kòmandman sa yo, y’ap di: "Men yon pèp ki gen
sajès, ki entelijan, se yon gran nasyon". Pa gen yon lòt nasyon ki si
tèlman gran, ki gen dye yo ki tou pre l’, tankou Bondye nou an prezan bò kot
nou tout k’ap lapriyè l’. Èske gen yon lòt nasyon ki si tèlman gran, ki gen seremoni
yo ak desizyon kòrèk yo ak tout lalwa a, mwen prezante jodi a devan je nou yo?
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5 (r.: la)
R/ Granmèt, ki moun k’ap abite nan joupa ou la?
Moun k’ap antre san tach, k’ap fè
sa k’ kòrèk;
K’ap pale verite nan kè l’, ki p’ap
fè manti ak lang li.R.
Li p’ap fè pwochen l’ sa k’ mal,
li p’ap fè pwochen l’ sibi lawont.
Li konsidere mechan an pou anyen devan
je l’, men li fè lwanj moun ki respekte Granmèt yo.R.
Moun ki p’ap bay lajan l’ pou gwo enterè,
ki p’ap aksepte kado sou do inosan. Moun k’ap aji konsa, li p’ap janm souke.R.
DEZYÈM LEKTI
"Se pou nou fè sa pawòl la mande".
LEKTI LÈT
APOT JAK KI SEN 1, 17-18. 21b-22. 27
Frè m’ yo mwen si tèlman renmen
an:
Tout sa yo resevwa gratis ki pi
bon, ak tout kado ki kòrèk nèt, se anwo a li sòti, li desann sot nan Papa limyè
yo; kote l’ pa gen chanjman, pa gen lonbraj bagay k’ap pase. Reyèlman vre se ak
volonte l’ li anfante nou ak pawòl verite a, pou nou vin tounen kòmansman tout
sa l’ kreye yo.
Fè kè nou tou piti pou nou resevwa
pawòl la ki simen anndan nou an, li menm ki gen pouvwa sove nam nou yo. Se pou
nou fè sa pawòl la mande a, pou nou pa ret ap koute l’ sèlman, antan n’ap twonpe
tèt nou.
Relijyon ki nèt, ki san tach kot
Bondye ak Papa a, men li: vizite òfelen yo ak vèv yo nan tray yo, kenbe tèt ou
san tach parapò a syèk sa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Nou kite kòmandman Bondye a, nou kenbe abitid lèzòm".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7, l-8a. 14-15. 21-23
Lè sa a:
Farizyen yo ak kèk pwofesè ki te
sot Jerizalèm rive, yo gonfle sou Jezi. Lè yo wè detwa
nan disip li yo ap manje pen yo konsa, sètadi san yo pa lave men yo, yo fè yo repwòch.
Sèke farizyen yo ak tout Juif yo, si yo pa lave men yo avèk swen, yo pa manje,
pou yo kenbe abitid ansyen yo. Lè yo sot nan mache, si yo pa plonje nan dlo, yo
p’ap manje. Gen anpil lòt bagay ankò yo obsève, sa yo te transmèt yo: lave gode,
krich, plat ak kabann.
Farizyen yo ak pwofesè yo t’ap poze l’
kesyon: "Poukisa disip ou yo pa mache daprè abitid ansyen yo, men y’ap
manje pen an ak men yo jan yo ye a?"
Li menm li reponn, li di yo:
"Izayi te byen pale sou nou kòm pwofèt, bann ipokrit, daprè sa k’ ekri a: 'Pèp
sa a ap fè lwanj mwen ak po bouch li, men kè yo lwen m’. Se pou bontan y’ap
sèvi m’, y’ap anseye lansèynman ak kòmandman lèzòm'. Nou kite kòmandman Bondye a,
nou kenbe abitid lèzòm".
Li rele foul la ankò, li t’ap di
yo: "Koute m’, nou tout, epi konprann. Pa gen anyen andeyò yon moun ki
antre nan li, ki kapab sal li; men se sa k’ sòti nan yon moun, se yo menm ki fè
l’ vin pa pwòp. An verite, se anndan kè moun yo move kalkil yo sòti ansanm ak
adiltè, move plezi, krim, vòlè, renmen lajan, mechanste, riz, move konduit, move
je, derespekte Bondye, pran pòz ou siperyè, fè sa k’ twòp pou ou. Tout bagay sa
yo ki mal la, se anndan an yo sòti, yo fè yon moun vin pa pwòp".
An nou fè lwanj ak konpliman pou
pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
"Nou kite kòmandman Bondye a,
nou kenbe abitid lèzòm".
Jodi
a, pawòl Bondye ap ede nou disène pi lwen abitid lèzòm, genyen kòmandman Bondye
yo.
Se
vre, avèk tan an k’ap pase nou gen tandans defòme konsèy levanjelik yo, e yon
fason volontè oubyen non, nou chanje yo oubyen nou toufe yo : ‘‘Lè yo sot nan mache, si yo pa plonje nan
dlo, yo p’ap manje. Gen anpil lòt bagay ankò yo obsève, sa yo te transmèt yo:
lave gode, krich, plat ak kabann’’. (Mak 7,4).
Se
poutèt sa moun ki senp yo, avèk bon sans popilè yo, yo pa t’ koute sa
espesyalis lalwa yo ak farizyen yo t’ap di, yo menm ki te bay entèpretasyon
moun plis enpòtans ke Pawòl Bondye a.
Jezi
fè referans ak denosyasyon Izayi te fè kòm pwofèt kont sila yo ki t’ap pratike
relijyon an ak anpil ipokrizi : "Izayi te byen pale sou nou kòm pwofèt, bann
ipokrit, daprè sa k’ ekri a: ‘‘Pèp sa a ap fè lwanj mwen ak po bouch li, men kè
yo lwen mwen’’ (Mak 7,6).
Nan
moman Jan Pòl II t’ap mande padon nan non Legliz la pou tout mal ke pitit li yo
te komèt pandan listwa a, li te eksprime sa nan sans ke ‘‘yo te vire do bay
Levanjil la’’.
Granmèt
la di nou : ‘‘Pa gen anyen andeyò
yon moun ki antre nan li, ki kapab sal li; men se sa k’ sòti nan yon moun, se
yo menm ki fè l’ vin pa pwòp’’ (Mak 7,15). Jezi di nou se anndan kè moun yo
move kalkil yo sòti ansanm ak adiltè, move plezi, krim, vòlè, renmen lajan, mechanste,
riz, move konduit, move je, derespekte Bondye, pran pòz ou siperyè, fè sa k’ twòp
pou ou. Tout bagay sa yo ki
mal la, se anndan an yo sòti, yo fè yon moun vin pa pwòp". Kidonk, pou nou pwòp, sa pa sifi
pou nou lave men nou, men se pou nou debarase kè nou ak tout salte move
santiman.
Sen
Terèz de Lanfan Jezi eksprime sa yon fason pozitif nan tèks li te ekri sous
pwòp lavi li : ‘‘(…) Antan mwen kontanple kò mistik Kris la, mwen konprann
Legliz la gen yon kè ki gen yon flanm lanmou’’. Nan yon kè ki renmen, gen yon
sous bon aksyon byen konkrè ki ede sila yo ki nan bezwen ‘‘ paske mwen te grangou, ou te ban mwen
manje…’’ (Mat.25, 35).
LAPRIYE: Tanpri Bondye Papa, ede m’ sèvi w’ ak yon kè ki sensè, ki san
ipokrizi.
PWOPOZISYON: M’ap chanje konduit mwen, paske mwen pa ka kontinye ap
viv nan manti ak Bondye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario