Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Moun k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo vin jwenn li.”
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU
TESALONISYEN YO 4, 13-17
Frè m’ yo, sou kesyon moun k’ap
dòmi yo, nou pa vle pou nou pa konnen, dekwa pou nou pa pran lapenn tankou lòt
moun yo ki pa gen espwa yo. Si reyèlman vre nou kwè Jezi mouri epi li leve
vivan, konsa tou moun yo k’ap dòmi nan Jezi yo, Bondye ap mennen yo avèk li.
Men sa nou di nou nan pawòl
Granmèt la, nou menm k’ap viv la, k’ap la toujou lè Granmèt la ap vini an, nou
p’ap pran devan sila yo k’ap dòmi an. Paske Granmèt la li menm, sou lòd ak nan
vwa Chèf Mesaje yo ak nan son twonpèt Bondye a, l’ap desann sot nan syèl la,
epi moun ki mouri nan Jezikri yo, y’ap tounen vin vivan an premye. Apre sa, se
nou menm k’ap viv yo, ki rete yo, y’ap pran nou nan nyaj yo al rankontre
Jezikri nan lè a, konsa n’ap toujou avèk Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, 1 e 3. 4-5. 11-12. 13
R/ Granmèt la vini pou l’ jije tè a.
Chante yon kantik nouvo pou
Granmèt la, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Anonse bèlte l’ nan pami nasyon
yo, mèvèy li yo nan tout pèp yo.R.
Paske Granmèt la gran, li merite
anpil lwanj, li terib anlè tout dye yo.
Paske tout dye nasyon yo yo pa
ekziste. Men se Granmèt la ki fè syèl yo.R.
Se pou syèl yo kontan, se pou tè a
danse, se pou lanmè a sònen ak tout sa l’ gen ladan l’; se pou jaden yo kontan
ak tout sa k’ nan yo.R.
Lè sa a tout pye bwa nan rak yo ap
danse devan fas Granmèt la, paske l’ap vini, paske l’ap vini pou l’ jije tè a.
L’ap jije fas tè a nan jistis ak pòv yo nan verite l’.R.
LEVANJIL
“Li voye m’
anonse bòn nouvèl la bay pòv yo... Yo pa resevwa okenn pwofèt byen nan peyi
l’”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4. 16-30
Lè sa a:
Jezi rive
Nazarèt, kote yo fè levasyon l’ nan, li antre nan kay reyinyon an, jan l’ konn
fè a, yon jou saba, li leve pou l’ li. Yo renmèt li liv pwofèt Izayi a.
Kon l’ louvri
liv la, li jwenn plas la, kote ki te ekri: “Lespri Granmèt la sou mwen; se
pousa li sakre m’, li voye m’ anonse pòv yo bòn nouvèl la, geri sa k’ gen kè yo
kraze yo, deklare delivrans bay prizonye yo, limyè bay avèg yo, ranvwaye sa
y’ap kraze yo pou yo lib, anonse yon ane Granmèt la fè gras, yon jou li bay
rekonpans”. Kon l’ woule liv la, li renmèt li
nan men sèvitè a, epi li chita. Je tout moun nan kay reyinyon an te fikse sou
li.
Li menm li kòmanse di yo: “Se jodi
a pawòl Labib sa a reyalize nan zòrèy nou yo”.
Tout moun t’ap fè temwayaj sou li,
yo te sezi pou pawòl yo ki t’ap sòti nan bouch li a, yo t’ap di: “Èske sila a
se pa pitit Jozèf la?”
Li di yo “Sètènman n’ap di m’
parabòl sa a: “Doktè, geri pwòp tèt ou”: tout sa nou tande ki fèt nan Kafanawòm
nan, fè l’ isit la tou nan peyi w’ la”.
Li di: “An verite mwen di nou: yo
pa byen resevwa okenn pwofèt nan peyi l’. Se laverite mwen di nou la a: te gen
anpil vèv nan tan Eli nan Izrayèl, lè syèl la te fèmen pandan twazan ak si mwa,
lè te gen gwo grangou sou tout tè a; men yo pa t’ voye Eli bay okenn nan yo,
sof nan Sarepta Sidon an kot madanm ki te vèv la. Epi tou te gen anpil moun ki
te gen maladi lalèp nan Izrayèl sou tan pwofèt Elize, men pèsòn nan yo pa t’
geri, sof Naaman, Siryen an”.
Tout moun nan kay reyinyon an te plen
ak kòlè, lè yo tande bagay sa yo. Yo leve, yo jete l’ deyò lavil la, yo kondui
l’ jous sou yon pwent tèt mòn, kote lavil yo a te bati a, pou yo jete l’anba.
Li menm menm, li pase nan mitan yo,
li pati.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jezi pran liv sakre a nan kay
reyinyon an nan Nazarèt kote l’ te grandi a, e li tonbe sou pasaj ki nan liv
pwofèt Izayi a, ki fè referans dirèk avè l’ kòm sila ki konsakre pou reyalize
pwojè wayòm Bondye a nan mitan nou. Se yon pwojè ki bati sou
enspirasyon Lespri Sen an, paske se li menm menm ki konsakre Jezi pou sa. Se
yon pwojè pou fè lanmou, lagras ak lajistis blayi toupatou sou tout fas tè a.
Tout aksyon Jezi pandan l’ te sou latè te toujou konfòm ak gran pwojè sa a. Men
pou l’ reyalize pwojè sa a, gen anpil obstak ki te bare chemen l’, tradisyon
sosyete kote l’ fèt la, kondisyon sosyal li, elatriye. San dout peyizan l’ yo
te konnen kondisyon lavi l’, yon ti pòv, lè yo tande bèl pawòl ki t’ap sòti nan
bouch li ak bèl bagay li t’ap fè, yo doute e yo twouve l’ twò raz pou yo ta
suiv yon ti malere konsa. Se pou sa Jezi site pwovèb sa ki di: “yo pa janm byen
resevwa yon pwofèt nan peyi li”. Donk nou menm kretyen k’ap suiv Jezi, nou pa
bezwen mete nan tèt nou tout bagay pral wòz e fasil lè n’ap akonpli misyon nou.
N’ap jwenn anpil difikilte nan sosyete nou si nou vle reyalize sa ki byen. Men,
nou pa dwe janm dekouraje, paske Jezi li menm an premye te fè eksperyans
eksklizyon nan sosyete pa l’ la poutèt li te parèt ak yon nouvo son klòch ki te
diferan ak sa yo te konn di e fè nan sosyete l’ la. Jounen jodi a, nou menm kòm
kretyen, nou dwe fè fas ak anpil gwo defi tou nan mond global e modènize sa a,
kote gen yon gwo fose ant rich ak pòv, kote gen anpil egoyis, enjistis,
rayisans ak vyolans. Si nou vle rete fidèl ak Jezi nou pa dwe pè anonse
Bòn Nouvèl Wayòm Bondye a nan tout sikonstans avèk anpil pridans e kreyativite
nan pawòl nou yo ak nan aksyon nou yo, menm si yo ta fè yo ekskli nou ou
matirize nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa nou, ou menm ki
te voye Jezi Pitit ou pou vin sove nou anba chenn esklavaj peche nou yo, ban
nou lagras ou ak fòs Lespri Sen an pou n’ ka toujou fè volonte w’ nan misyon ou
ban nou kòm kretyen, menm si sa ka koute n’ lavi nou. Nou mande w’ sa pa pouvwa
JeziKri gran frè nou. Amèn.
PWOPOZISYON: Semèn
sa a m’ap fè youn nan aksyon Jezi te fè yo, anonse bòn nouvèl la, nan pawòl
ak nan aksyon, vizite yon malad oubyen yon prizonye pou rekonfòte l’, epi
m’ap angaje m’ plis pou m’ lite kont peche
sosyal ki genyen nan sosyete
kote m’ap viv la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario