Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Li mouri pou nou, pou nou kapab viv ansanm ak li”.
NAN PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 5. 1-6. 9-11
Sou kesyon
tan yo ak moman yo, frè m’ yo, nou pa bezwen pou nou ekri nou; sèke nou menm
nou konnen byen pwòp jou Granmèt la, se tankou yon vòlè nan nuit, se konsa l’ap
vini.
Reyèlman vre,
lè moun yo ap di: “Lapè ak trankilite”, se lè sa a, sanzatann, katastròf la ap
tonbe sou yo, tankou doulè madanm ki ansent, epi yo p’ap chape. Kanta nou menm,
frè m’ yo, nou pa nan fènwa, pou jou sa a sezi nou tankou yon vòlè; sèke nou
tout nou se pitit limyè ak pitit lajounen: nou pa moun nan nuit ni moun fènwa.
Konsa, piga nou ret ap dòmi tankou lòt yo, men se pou nou veye, pou nou pa kite
zafè manje ak bwason dekontwole nou.
Sèke Bondye
pa mete nou pou kòlè a, men pou nou jwenn delivrans, pa pouvwa Granmèt nou
Jezikri: li menm ki te mouri pou nou, pou, kit n’ap veye, kit nou mouri deja,
nou viv ansanm avèk li. Poutèt sa, se
pou nou youn konsole lòt, pou nou youn ankouraje lòt, jan nou deja fè a.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 26, 1. 4. 13-14
R/ Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan
tè vivan yo.
Granmèt la se limyè m’ak delivrans
mwen, ki moun pou m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’
tranble? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt
la, se sa m’ap chèche: abite lakay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè
Granmèt la, pou m’ vizite kay sakre l’ la.R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la
nan tè vivan yo.Tann Granmèt la, pran kouraj, asire kè ou, apuiye l’ sou
Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 4, 31-37
Lè sa a:
Jezi desann Kafanawòm,
yon vil Lagalile; antan l’ la, li t’ap bay moun yo lansèyman, jou saba a. Yo te
sezi poutèt lansèyman l’ nan, paske li t’ap preche avèk otorite.
Nan kay
reyinyon an te gen yon mesye ki te gen yon demon ki pa pwòp, li rele byen fò,
li di: “Kite nou, sa k’ gen ant nou menm ak ou menm, Jezi, moun Nazarèt la. Èske ou vini pou ou pèdi nou? Mwen konnen kilès ou ye, se Sen Bondye a”.
Jezi menase l’, li di: “Pe bouch
ou, sòti nan li”. Demon an jete l’ nan mitan moun yo, li pati sot nan li, san
l’ pa fè l’okenn mal.
Tout moun tranble, youn ap pale ak
lòt, y’ap di: “Ki pawòl sa a, paske se nan pouvwa ak fòs li kòmande lespri ki
pa pwòp yo, epi yo sòti?”. Repitasyon l’ gaye nan tout kote nan peyi a.
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Apot Pòl fè nou konprann nou dwe rete vijilan, paske jou Jezi gen
pou l’ retounen an, se tankou yon vòlè l’ap vini. Sa vle di kòm kretyen, kòm
moun ki vle fè volonte Bondye, nou pa ka ap penyen-lage, men nou dwe priye e
veye. Fòk nou mete nou nan kondisyon pou lè Jezi tounen pou l’ jwenn nou prè.
Kisa sa enplike? Apot Pòl mande pou nou prepare tèt nou, pou nou youn konsole
lòt e pou nou youn veye sou lòt. Donk koze bagay sove a, li enplike pou nou ale
vè lòt yo, pa sèlman kretyen parèy nou, men nou dwe pataje bòn nouvèl la bay
tout moun. Kijan nou ka fè sa? Jezi ban nou ekzanp lan, li t’ap mache bay
lansèyman e preche ak anpil otorite. Sa vle di te gen koerans ant mesaj li t’ap
preche a ak fason l’ t’ap viv, se sa ki fè anpil moun te vin kwè nan li e yo te
suiv li. Yon lòt bagay ki make fason Jezi t’ap anonse bòn nouvèl la, se imilite
l’ ak senplisite l’. Se pou sa l’ pa t’ kite demon
ou lespri papwòp ki te nan mesye a devwayle kiyès li te ye, e li chase l’ tou
dousman. Nou menm jounen jodi a, n’ap fè fas ak gwo defi nouvèl evanjelizasyon
an ki ta dwe adapte l’ak gwo mwayen teknolojik ak kominikasyon yo; nou dwe mete
anpil otorite ladan l’ ak anpil kreyativite. Men nou dwe evite tonbe nan pyèj
mond lan, pou nou pa al chèche ti glwa pèsonèl nou, sa nou ka rele “vèn glwa a
oubyen glwa initil”. Nou konnen sosyete jounen jodi a renmen bagay ki
sansasyonèl pou demontre yon moun te fè tèl bagay ekstrawòdinè, evite tonbe nan
bagay sa a, ni pa bat pou n’ kiltive yon fo imilite tou sou pretèks nou senp
epi nan fon kè n’, nou tris lè medya yo pa site non nou oubyen fè eko de yon
bon bagay nou te fè. Preche lanmou ak mizerikòd Bondye a, lite kont enjisitis
epi mete nou nan pye Jezi, resantre tout bagay nan li menm, fè tout moun n’ap
gen pou evanjelize fikse je yo sou Jezi ki se sous e ki se Mèt misyon an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki okipe pèp ou yo avèk bon kè, e ki kòmande yo avèk
renmen, tanpri, gras a priyè pap Gregwa ki sen, bay sa yo ou te konfye
responsabilite dirije pèp ou yo lespri sajès la, pou gadyen yo jwenn kè kontan
tout tan nan pwogrè mouton ki sen yo fè. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Imite senplisite Jezi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario