Páginas

JEDI 10

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Se pou nou gen lacharite, paske se kòd reyalizasyon ki fin kòrèk nèt la”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 3, 12-17
Frè m’ yo:
Abiye nou, tankou moun Bondye chwazi, ki sen, tankou moun li renmen, abiye nou ak zantray kè sansib, ak bon kè, rabese tèt nou, fè kò nou tou dou, pran pasyans, sipòte nou youn lòt, se pou youn padonnen lòt, si youn gen kichòy kont lòt: jan Granmèt la padonnen nou, konsa nou menm tou.
Anlè tout bagay sa yo, se pou nou gen charite, li menm ki kòd ki mare sa ki fin kòrèk nèt la; se pou lapè Jezikri a danse nan kè nou, se nan li yo rele nou pou nou fè yon sèl kò; se pou nou ret ap di Bondye mèsi. Pawòl Jezikri a, se pou l’ abite nan nou jous li plen nou, antan youn ap bay lòt lansèyman antan youn ap reprann lòt nan tout kalite sajès, avèk sòm, kantik avèk chante lespri, antan nan favè a n’ap chante pou Bondye nan kè nou. Tout sa n’ap fè swa nan pawòl, swa nan aksyon, se pou nou fè tout bagay o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi pa lentèmedyè l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 150, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Tout sa k’ap respire, se pou l’ fè lwanj Granmèt la.
Fè lwanj Granmèt la nan kay sakre l’ la, fè lwanj li nan syèl pouvwa l’ la. Fè lwanj li nan gran mèvèy li yo, fè lwanj li daprè kantite grandè l’.R.
Fè lwanj li nan son twonpèt, fè lwanj li sou bandyo ak gita, fè lwanj li sou tanbou ak dans, fè lwanj li nan enstriman a kòd avèk nan flit.   R.
Fè lwanj li ak senbal k’ap sonnen byen, fè lwanj li ak senbal fèt:   tout sa k’ap respire, se pou l’ fè lwanj Granmèt la.R.
LEVANJIL
“Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 27-38
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Mwen di nou, nou menm k’ap koute a: Se pou nou renmen lènmi nou yo, se pou nou fè sa k’ byen pou moun ki rayi nou yo; beni moun k’ap madichonnen nou yo, lapriyè pou sila yo k’ap di manti sou nou yo.
Si yon moun ba ou yon souflèt sou yon bò figi ou, lonje lòt la ba li, moun ki pran manto ou nan men ou, pa enpoze l’ pran chemiz ou a tou.
Tout moun ki mande ou, ba li ; moun ki pran sa k’ pou ou, pa mande l’ li. Tout sa nou vle pou lèzòm fè pou nou, se pou nou fè l’ menm jan pou yo tou. Si nou renmen sila yo ki renmen nou, ki favè k’ap pou nou ? Sèke ata pechè yo, yo renmen sila yo ki renmen yo. Si se moun ki fè nou dibyen n’ap fè dibyen, ki favè k’ap pou nou ? Ata pechè yo, se konsa yo fè tou. Si nou prete moun nou espere resevwa nan men yo, ki favè k’ap pou nou ? Sèke pechè yo tou, yo prete pechè yo, pou yo resevwa menm jan.
Reyèlman vre, se pou nou renmen lènmi nou yo, se pou nou fè dibyen, se pou nou prete, san nou pa espere anyen; konsa rekonpans nou ap anpil, n’ap vin tounen pitit Sila a ki anwo nèt la, paske li bon ni pou moun ki engra, ni pou moun ki mechan yo.
Se pou nou gen kè sansib, tankou Papa nou gen kè sansib la.
Pa jije, yo p’ap jije nou ; pa kondane, yo p’ap kondane nou ; padonnen, y’ap padonnen nou ; bay y’ap ba nou : se yon mezi ki bon, ki foule, ki byen souke, k’ap debòde, y’ap vide nan lestonmak nou. Ak menm mezi n’ap mezire a, se avèk li y’ap renmèt nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Tèks pawòl Bondye nou li pou jounen jodi a, nou ta kapab santre yo sou twa mo : renmen, sèvis ak solidarite. Nan kè moun genyen anpil santiman ki kapab degaje, genyen bon santiman ak move santiman. Kòm move santiman nou kapab site : rayisans, angwas, egoyism, anvi, jalouzi, santiman ki fè moun anvi batay, santiman ki fè moun anvi fè lagè. Apot Pòl ap raple nou enpòtans lanmou an, lacharite a, pou nou kapab evite tonbe nan danje sa yo. Anpil fwa nou wè, moun ki gen bra oubyen pye yo koupe, zòrèy koupe, je pete, yo gen konbyen twou bal nan kò yo, elatriye ; lè nou mande yo kisa ki te pase yo, yo di nou se nan batay, nan tire manchèt sa te pase yo. Lè sa nou konprann kijan li enpòtan vrèman vre pou nou viv nan renmen an, kado Bondye fè nou gratis. Renmen an, se pi bon santiman yon moun kapab genyen nan lavi li. Se Bondye ki renmen nou an premye e li mande nou pou nou pote renmen sa a bay lòt yo. Lòt yo tou, se pitit Bondye e yo merite lanmou, lanmou sa dwe pouse nou fè solidarite ak yo, paske lè nou solidè tout bagay ki te parèt enposib vin rive posib. Mwen renmen wè lè plizyè foumi mete fòs yo ansanm pou yo pote yon zandolit, yon papiyon, yon cheni, yon mouch ki mouri. Si nou obsève sèn sa a, nou kapab dekouvri mèvèy solidarite kapab fè. Solidarite se yon bagay ki fè moun reflete imaj Bondye, paske Bondye li menm, li solidè nan inite li ki endivizib. Nou wè nan Kreyasyon an, se twa pèsonaj yo ki te aji ansanm : Papa, Pitit ak Lespri a. Lè tranblemantè te pase nan peyi Ayiti nan dat 12 janvye 2010, nou wè gen anpil peyi ki te fè solidarite ak li ; yo te ede nan plizyè fason : genyen ki bay kòb, genyen ki pote manje, medikaman, yo ede wete moun anba dekonb, yo ede sove moun ki te nan agoni. Ki pi bèl jès pase sa yo te kapab fè ! Zanmi mwen yo, li enpòtan pou nou solidè youn ak lòt, paske se nan fason sa nou sanble moun tout bon vre, se nan fason sa nou sanble pitit yon sèl papa, ki se Papa Bondye. Se charite a (caritas = lanmou, renmen) ki dwe pouse nou aji, e aksyon nou yo dwe depase tout baryè endividyalism, tout egoyism ak lanbisyon. Jezi mande nou pou nou renmen san kondisyon, lanmou nou an dwe tounen yon gwo flanm dife ki boule tout bagay pou yo kapab transfòme. Se poutèt sa ata lènmi nou yo nou dwe renmen yo.  Lè nou renmen tout bon, nou kapab sèvi ak tout kè nou e nou kapab sòti nan endiferans nou, pou nou fè solidarite youn ak lòt, pou tout moun kapab santi yo se moun, pou mond la chanje, pou gouvènman Bondye a pran pye sou tè a, pou glwa li eklate tout kote, san rete.
LAPRIYÈ:Granmèt, tanpri limen dife renmen w’ nan kè mwen, pou mwen kapab sèvi ou ak tout kè mwen nan frè ak sè mwen yo, konsa m’ap tounen patizan ou tout bon vre, moun ki nan sèvis wayòm ou an.

PWOPOZISYON : Chèche yon moun ki nan bezwen, montre li ou renmen li epi ou solidè ak li antan w’ap ede li rezoud yon pwoblèm l’ap fè fas.

No hay comentarios:

Publicar un comentario