Páginas

VANDREDI 11

koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Lontan, mwen te derespekte Bondye, men Bondye fè m’ gras”.
KÒMANSMAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1, 1-2. 12-14
Pòl, apot Jezikri daprè kòmandman Bondye sovè nou ak Jezikri espwa nou, pou Timote pitit nou renmen nan lafwa a. Favè, kè sansib ak lapè sot nan Bondye Papa a ak Jezri Granmèt nou. Mwen gen rekonesans pou sila a ki ban m’ fòs la, Jezikri Granmèt nou an, paske li konsidere mwen merite konfyans, li mete m’ nan sèvis la, mwen menm ki te konn derespekte Bondye lontan, ki t’ap pèsekite legliz la, ki t’ap fè l’afwon ; men mwen resevwa kè sansib Bondye a, paske mwen pa t’ konnen sa m’ t’ap fè, lè m’ pa t’ gen lafwa a. Men favè Granmèt nou an te depase mezi, avèk lafwa ak renmen ki nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 15, l-2a e 5. 7-8. 11
R/ Se ou menm, Granmèt, ki pòsyon eritaj mwen.
Prezève m’, Granmèt, paske mwen espere nan ou.
Mwen di Granmèt la :Se Granmèt mwen ou ye, Granmèt, pòsyon eritaj mwen avèk kalis mwen : se ou menm ki kenbe destine mwen.   R.
M’ap fè konpliman pou Granmèt la ki ban m’entelijans ; menm nan nuit ren m’ ban m’ leson. Mwen te mete Granmèt la devan fas mwen tout tan, paske li adwat mwen, mwen p’ap tranble.R.
W’ap fè m’ konnen wout lavi yo, kè kontan k’ap debòde avèk fas ou, plezi adwat ou jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
“Èske yon avèg kapab kondui yon avèg?”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 39-42
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon parabòl pou disip yo: “Èske yon avèg kapab kondui yon avèg? Èske yo tou de p’ap tonbe nan twou? Disip la pa anlè mèt la; l’ap kòrèk nèt, si l’ tankou mèt li. Pouki sa w’ap gade ti pay la nan je frè w’ la, men gwo bout bwa a ki nan je w’ la menm, ou pa konsidere l’?
Oubyen kijan ou kapab di frè w’ la: “Frè m’, kite m’ wete ti pay la sot nan je ou”, epi gwo bout bwa a ki nan je w’ la menm ou pa wè l’?
Ipokrit, wete gwo bout bwa a sot nan je ou anvan, aprè sa, w’a wè klè pou w’ wete ti pay la sot nan je frè w’ la”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, apot Pòl manifeste gratitid ak rekonesans li; li kontan anpil pou gwo chanjman Granmèt la opere nan lavi li, li rekonèt se Jezikri ki fòs li, se li menm ki wete li nan fènwa lanmò ak inyorans la pou li kapab fè li wè limyè solèy lavi a, solèy rezireksyon an. Pòl se sila a ki te fè yon rankont pèsonèl ak Kris la, yon rankont okazyonèl, yon rankont ke Pòl pa t’ prepare. Rankont sa a te fèt sou wout Damas.
Se pa ti mèvèy ekstrawòdinè non! Lè Bondye deside chanje lavi yon moun, pa gen anyen ki ka anpeche li. Pandan Pòl te sou wout la, aprè li te fin resevwa lòd nan men otorite yo pou li ale pèsekite kretyen yo, Jezi pale ak li, antan li site non li, e li mande li poukisa l’ap pèsekite li konsa. Pòl te vin avèg, men aprè sa zye li te louvri pou li te kapab wè pi klè, pou li te kapab kontanple mèvèy Bondye. Sa fè nou konprann, lè yon moun ap viv lwen Bondye, moun sa li vrèman avèg, e puiske li avèg li se yon moun ki pa kapab devlope, yon moun kokobe, yon moun andikape. Lanmou Bondye se yon bagay nou pa kapab konpare ak anyen, se yon mistè ke nou pa kapab konprann. Bondye chwazi Pòl ki t’ap pèsekite Legliz la pou li te kapab fè li tounen avoka Bòn Nouvèl la. Mezanmi li pa janm twò ta pou Bondye pote chanjman nan lavi yon moun. Anpil fwa, lè nou ale lamès, lè nou batize, nou kominye, konfime, marye, nou konn panse se nou ki pi bon pase tout moun; sa konn fè nou gen yon atitid pou respouse lòt yo, nou konn panse se “ka pèdi” yo ye, sa vle di yo se manje dyab la.
Jodi a, li enpòtan pou nou panse yon lòt fason, pou nou envite lòt yo antre nan Legliz la, pou nou pale yo de Jezi, pou yo menm tou yo rive rankontre ak Kris la epi pou rankont sa pote yon chanjman kapital nan lavi yo. Lè sa pawòl apot la va tounen pawòl nou chak: Se pa mwen k’ap viv ankò, men se Kris la k’ap viv nan mwen.
Si nou vle lavi nou chanje toutbon vre, nou dwe ouvri kè nou bay Lespri Sen an pou li kapab wete tout salte ki ladan li e nou dwe depi kounye a pran modèl sou Mèt nou, Jezikri. Si nou fè yon pa, Bondye ap fè katrevendiznèf pa pou nou. An mande Bondye ba nou odas ak entelijans pou nou kapab travay pou fè rèy li an avanse, pou glwa pa li ak pou delivrans pa nou. Ann mande li ede nou, pou nou kapab sispann viv nan ipokrizi ak lòt yo nan pretann nou pi bon pase yo, paske lè nou gen konpòtman sa, se pa ni Bondye ni lòt yo n’ap twonpe, men se pwòp tèt nou n’ap twonpe, e lè sa a chak jou pi plis nou vin pi lwen chemen Bondye. Ann mande li pou li ba nou yon kè ki senp e ki devwe menm jan li te fè pou Sen Pòl ak Sen Jan Krizostòm, dekwa pou limyè li a kapab klere nou, pou nou tounen limyè pou frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Bondye, fòs moun ki espere nan ou yo, ou menm ki te vle fè evèk Jan Krizostòm ki sen klere avèk bèl prèch, avèk jan li te konn sipòte pakèt tray, tanpri, fè nou favè pou, antan nou jwenn fòmasyon nan ansèyman l’ yo, nou jwenn fòs nan ekzanp pasyans li a ki pa janm febli a. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : M’ap gade tèt mwen nan miwa konsyans mwen pou mwen wè kisa ki anpeche mwen rankontre ak Bondye, m’ap chanje move konpòtman mwen genyen an pou mwen sispann fè dyab la plezi ; mwen pral chèche fè Bondye plezi nan fason m’ap viv.

No hay comentarios:

Publicar un comentario