Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Li vini sou tè sa a pou l’ sove pechè yo".
LEKTI PREMYE
LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 1,15-17
Ou menm mwen renmen anpil la :
Pawòl sa a merite konfyans, li merite
yo resevwa l’ : Jezikri vin sou tè sa a pou l’ sove pechè yo, mwen menm mwen
se premye nan yo. Men mwen jwenn padon, dekwa pou se nan mwen menm an premye Jezikri
te montre tout pasyans li, pou m’ sèvi modèl pou sila yo ki te gen pou yo kwè
nan li yo pou lavi tout tan an.
Wa syèk tan yo, ki p’ap mouri a,
li menm yo pa kapab wè a, sèl Bondye a, lwanj ak konpliman pou li pou tout tan
gen tan. Amèn.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 112, 1-2. 3-4. 5a e 6-7 (r.: cf. 2)
R/ Se pou non Granmèt la beni pou tout tan.
Fè lwanj, ti moun Granmèt la, fè lwanj
pou non Granmèt la.
Se pou non Granmèt la beni depi
koulye a ak pou tout tan.R.
Depi kot solèy leve jous kote l’
kouche non Granmèt la merite lwanj.
Granmèt la anlè nèt anwo tout nasyon
yo, anlè syèl yo bèlte l’ ye.R.
Kilès ki
tankou Granmèt Bondye nou an,
ki voye je sou pòv yo nan syèl la
ak sou tè a?
Li leve pòv la sot atè a, li drese
malere a sot nan fatra a.R.
LEVANJIL
"Pouki sa n’ap rele m’ "Granmèt", epi nou pa fè sa m’
di?"
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 43-49
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
"Yon bon
pye bwa pa bay move fwi; ni yon move pye bwa pa bay bon fwi. Chak kalite pye bwa,
yo rekonèt li nan fwi l’. Yo pa keyi pikan sou pye fig frans, yo pa rekòlte rezen
sou pye raje. Yon bon moun, se nan trezò kè l’
li pran sa k’ bon; yon move moun, se nan move trezò a li pran sa k’ mal la;
paske sa k’ debòde sot nan kè a, se sa bouch la pale.
Pouki sa n’ap rele m’: 'Granmèt,
Granmèt', epi nou pa fè sa m’ di? Tout moun ki vin jwenn mwen epi ki koute pawòl
mwen yo, ki fè yo, m’ap montre nou ak kisa li sanble.
Li sanble ak yon moun ki bati yon
kay, li fouye fon, li poze fondasyon sou wòch; lè gen inondasyon, larivyè a
fonse sou kay sa a, men li pa reyisi souke l’; paske li te bati sou wòch.
Men moun k’ap koute epi ki pa fè,
li sanble ak yon moun ki bati kay li sou tè ki pa gen fondasyon, larivyè a fonse
sou li, menm lè a li tonbe, kay sa a kraze nèt".
An
nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Se avèk yon
ekzanp ki trè pratik ke Jezi ap envite nou pran konsyans de misyon nou kòm
kretyen, kòm pitit Bondye, moun ki gen yon misyon sou tè a. Gen yon pwovèb
kreyòl ki di «Pitit tig se tig», se menm bagay ak lòt pwovèb ki di «Joumou pa
donnen kalbas». Se nan menm sans sa a tou Jezi ap di nou «Yon bon pye
bwa pa bay move fwi; ni yon move pye bwa pa bay bon fwi».
Nou menm, nou te ka di nou se bon
pye bwa, puiske rasin nou se nan Bondye li ye. Men nou rekonèt nou pote salte
peche a nan nou akoz dezobeyisans nou. Poutan Bondye ba nou mwayen pou nou
rekipere nou, pou nou pwòpte tèt nou, nan sakreman rekonsilyasyon an. Li ba nou
Lespri li pou kapab pirifye nou, sanktifye nou. Men èske nou fè nou dosil nan
men Lespri a? Èske nou vle pote bon fwi tout bon vre?
Depi nan batèm nou nou te deside
angaje nou pou nou sèvi Bondye nèt ale, san gade dèyè, san melanj sòlòkòtò. Nan
yon sans, Legliz la jounen jodi a envite nou renouvle kokenn chenn angajman sa
a.
Angajman sa fèt nan de fason: yon
premye fason se tande pawòl Bondye epi pataje li, simaye li (temwaye de renmen,
padon ak mizerikòd Bondye ki san limit, menm jan Pòl fè sa nan premye lekti a).
Dezyèm
fason pou n’angaje nou ak pawòl lavi a, se tande pawòl la, epi kite li
transfòme pwòp lavi nou. «Chak kalite pye bwa, yo rekonèt li nan fwi li».
Konsa,
sa ki enpòtan, se pa frape lestomak nou pou di «mwen se kretyen», men se fè sa
pawòl Bondye a pase nou lòd fè. Pèson pa ka kretyen pou bèl non. Non kretyen an
se pa yon dra pou kouvri. Se aksyon w’ k’ap di si wi ou kretyen; se nan jan w’ap
viv w’ap montre antouraj ou kòmanse ak sa k’ap viv lakay la avè w’ ke ou tande
pawòl Bondye. Tande mesaj la pa sufi, nou dwe viv li, nou dwe materyalize li
nan lavi nou.
LAPRIYE: Bondye Papa, mèsi pou Jezikri ou ba nou ki se prezans sou k’ap aji
nan mitan nou. Ba nou konprann pou n’ viv mesaj li a. Amèn.
PWOPOZISYON: Reflechi sou
kalite fwi mwen pote lakay mwen, nan fanmi mwen, nan kominote a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario