Koulè Vèt
VENNKATRIYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Mwen renmèt kò m’ bay moun k’ap frape m’ yo".
LEKTI LIV PWOFÈT
IZAYI 50, 5-9a
Granmèt Bondye,
louvri zòrèy mwen; mwen menm mwen pa reziste, mwen pa rekile dèyè. Mwen renmèt
kò m’ bay moun k’ap frape m’ yo, ak machwa m’ bay moun k’ap vwale fas mwen yo;
mwen pa vire fas mwen bay moun k’ap souflete m’ yo, k’ap krache sou mwen yo.
Granmèt Bondye
ap pote m’ sekou, se pousa mwen pa wont, se pousa mwen mete fas mwen tankou wòch
ki pi di-a, mwen konnen mwen p’ap wont. Li tou pre, sila a k’ap rann mwen
jistis la ; kilès ki kapab akize m’ ? An nou konparèt ansanm, kilès
ki kont mwen ? Se pou l’ pwoche kote m’. Men Granmèt Bondye a k’ap pote m’ sekou, kilès ki kapab kondane m’?
Pawòl Granmèt.
SÒM REPONS 114, 1-2. 3-4. 5-6. 8-9 (r.: 9)
R/ M’ap mache devan fas Granmèt la sou tè vivan yo.
Mwen renmen,
paske Granmèt la koute vwa lapriyè mwen,
Paske li
panche zòrèy li sou mwen jou mwen rele l’ la.R.
Filè lanmò
ansèkle m’, kè sere anba tè a rive sou mwen.
Se tray ak doulè mwen jwenn, mwen
rele non Granmèt la:
"Granmèt
o, delivre nam mwen".
Granmèt la sansib, li kòrèk, Bondye
nou an pran pitye.
Granmèt la voye je sou piti yo, mwen
te rabese, li sove m’.R.
Sèke li delivre nam mwen sot nan
lanmò, je m’ sot nan dlo, pye m’ sot nan pyèj.
M’ap mache devan Granmèt la sou tè
vivan yo.R.
DZYÈM LEKTI
"Lafwa a, si l’ pa gen travay yo, li mouri".
LEKTI LÈT APOT JAK KI SEN 2, 14-18
Sa sa sèvi, frè m’ yo, si yon moun di
li gen lafwa, epi travay lafwa a mande yo, li pa genyen yo? Èske lafwa a kapab
sove l’. Si yon frè ak yon sè ni-kò, yo pa gen manje chak jou, epi youn nan nou
di yo: "Ale byen trankil, chofe kò nou, manje vant plen"; epi nou pa
ba yo sa k’ nesesè pou kò a, sa sa ap sèvi?
Se konsa pou lafwa a, si l’ pa gen
travay yo, li mouri sou pa anndan. Men yon moun ap di: "Ou gen lafwa, mwen
menm mwen gen travay yo; montre m’ lafwa w’ la san travay yo, mwen menm m’ap
montre ou lafwa mwen nan travay yo".
Pawòl
Granmèt.
LEVANJIL
"Ou se Kris la... Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 8, 27-35
Lè sa a:
Jezi sòti
avèk disip li yo nan direksyon bouk Sezare Filip yo: sou wout la, li poze disip
li yo kesyon, li di yo: "Ki sa moun yo di mwen ye?"
Yo reponn li, yo di: "Jan Batis,
genyen se Eli, gen dòt menm se kòmsi youn nan pwofèt yo".
Lè sa a li di yo: "E nou menm,
kilès nou di mwen ye?"
Pyè pran lapawòl, li di l’: "Ou
se Kris la". Li menase yo, pou yo pa pale pèsòn sou li.
Li kòmanse aprann yo, Pitit moun nan
gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo ak chèf prèt yo ak pwofesè yo rejte l’,
pou yo touye l’, epi aprè twa jou pou l’ leve vivan. Se aklè li t’ap deklare pawòl
la.
Pyè menm pran l’, li kòmanse fè l’ repwòch.
Li menm li vire epi li wè disip li yo, li menase Pyè, li di: "Pase dèyè m’,
satan; paske ou pa goute bagay ki sot nan Bondye, se bagay lèzòm ou goute".
Epi, li rele foul la ansanm ak disip
li yo, li di yo: "Si yon moun vle suiv mwen, se pou l’ renonse pwòp tèt
li, pou l’ pran kwa l’, epi pou l’ suiv mwen. Moun k’ap vle sove lavi l’, l’ap
pèdi l’; men moun k’ap pèdi lavi l’ poutèt mwen menm ak levanjil la, l’ap sove l’".
REFLEKSYON: Nan premye moso Labib la, se pwofèt Izayi a k’ap
pale. Lè yo imilye l’, lè yo meprize l’, lè yo bat li, li menm, li pa pèdi
lafwa li. Li pa pèdi lespwa li. Paske li konnen kiyès li ye devan Bondye.
Nan dezyèm moso
Labib, se Sen Jak k’ap mande nou fè travay lafwa nou mande a. Travay sa a se
ran sèvis ak moun ki nan bezwen. Travay sa a se trete tout moun ak onè respè,
menm si yo pa gen lajan. Okontrè se sitou moun ki pi malere yo, sa k’ pi piti
yo, sa k’ pi fèb yo, se yo menm Jezi te renmen pi plis.
Levanjil la vin
souliye tout mesaj sa yo, paske nan Levanjil la, Jezi mande disip li yo: e nou
menm, kilès nou di mwen ye? Sa vle di, si nou di Jezi
se Kris la, si se li menm nou rekonèt kòm Granmèt nou an, se pou nou montre sa
nan jan n’ap viv tankou Jezi.
Jezi te pote kè poze ba nou. Nou menm kretyen ki se disip Jezi, fòk nou
fè jefò pou rekonsilye moun ki nan kont. Fòk nou bay timoun konsèy, fò n’
ankadre jèn yo, pou lakou a vin trankil. Se pou nou kreye bon jan relasyon nan kominote a,
pou nou kapab gen lapè nan peyi a.
Gen yon lòt bagay ankò
nan Levanjil la. Byen ke Pyè te byen di Jezi se Kris la, li pa t’ ko fin
konprann sa sa te vle di. Kris la vle
di, Wa a. Se yon moun pèp Izrayèl la t’ap tann pou libere yo, paske peyi a t’ap
sibi anba yon okipasyon etranje. Daprè Pyè, Jezi se te Kris la, men nan yon
sans politik.
Jezi korije Pyè, li gen pou li montre li ke liberasyon li vin pote ba nou
an se te pi gwo pase yon kesyon politik. Jezi se Kris la, se li k’ Wa a tout
bon; men nan yon lòt sans, pi pwofon, ki rive pi lwen, paske li vin libere nou
ak tout sa k’ mare nou, tout sa k’ bloke nou, tout sa k’ anpeche nou viv tankou
pitit Bondye.
LAPRIYÈ: Mèsi Jezi, paske ou fè n’ konprann kiyès
Bondye ye, sa fè n’ konprann kiyès nou ye tou! Amèn.
PWOPOZISYON: Kijan m’ ka fè lafwa mwen
aji jodi a ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario