Páginas

LENDI 14

Koulè Wouj
EKZALTASYON LASENT KWA
Fèt
PREMYE MOSO LABIB
“Moun sèpan yo te mòde yo, lè yo gade l’, yo geri”.
NAN LIV NONB 21, 4-9
Jou sa yo:
Pèp la kòmanse about anba redi vwayaje, redi travay.
Li pale kont Bondye ak kont Moyiz, li di: “Pouki ou te fè nou sòti Lejip la, pou nou mouri nan dezè a? Pa gen pen, pa gen dlo, nou kòmanse degoute avèk manje fad sa a”.
Se pousa Granmèt la voye sèpan ki mode-boule nan pèp la; lè yo kòmanse fè moun yo malad, fè moun yo mouri, anpil moun vin kot Moyiz, yo di: “Nou fè peche, paske nou pale kont Granmèt la ak kont ou menm: priye pou l’ wete sèpan sa yo sot kote nou”. Moyiz priye pou pèp la.
Granmèt la pale ak li: “Fè yon sèpan ak kuiv, mete l’ kòm yon siy: moun sèpan yo mòde, lè l’ gade l’, l’ap viv”. Moyiz fè sèpan avèk kuiv, li mete l’ kòm siy; kon moun sèpan te mòde yo gade l’, yo vin geri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
77, 1-2. 34-35. 36-37. 38
R/ Se pou nou pa bliye sa Granmèt la fè.
Pèp mwen, konsidere ansèyman m’ nan; panche zòrèy ou sou pawòl yo k’ap sòti nan bouch mwen an.M’ap louvri bouch mwen nan parabòl, m’ap pale bagay ki te kache depi lontan anpil.R.
Lè l’ t’ap touye yo a, yo te vin ap chèche l’, yo konvèti, yo vin kote l’ granmaten; yo vin sonje se Bondye k’ap pote yo sekou; Bondye ki anwo nèt la, se redanmtè yo.R.
Men yo ba l’ desepsyon ak bouch yo, ak lang yo yo chèche twonpe l’; kè yo pa t’ dwat avèk li, yo pa t’ fidèl nan alyans li a.R.
Li menm menm li te gen mizerikòd, li padonnen peche a, li pa gaye yo. Anpil fwa li vire kòlè l’, li pa limen tout move san l’.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Li rabese pwòp tèt li: se pou sa Bondye leve l’ anlè”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2, 6-11
Jezikri, malgre li te nan kondisyon Bondye, egal li egal ak Bondye a, li pa t’ konsidere sa tankou yon bagay li kenbe pou pwòp tèt pa l’, men li vide pwòp tèt li antan l’ pran kondisyon esklav, li vin tankou tout moun, epi daprè konpòtman l’, yo wè li se yon moun. Li rabese pwòp tèt li, antan l’ obeyi jous nan lanmò, epi lanmò kwa a. Se poutèt sa Bondye leve l’ anlè, li ba l’ non an ki anlè tout non. Konsa, o non Jezi, tout jenou fèt pou plwaye nan syèl la, sou tè a ak anba tè yo, tout lang pou deklare se Granmèt Jezikri ye nan glwa Bondye Papa a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Yo gen pou yo leve Pitit moun nan anlè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN KI SEN 3, 13-17
Lè sa a: Jezi di Nikodèm:
“Pèsòn pa monte nan syèl la, sof sa a ki desann sot nan syèl la, Pitit moun nan ki nan syèl la. Menm jan Moyiz te leve sèpan an nan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Pitit moun nan, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an.
Reyèlman Bondye si tèlman renmen tè a, li bay Pitit li a, Sèl Pitit li a, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi tout tan an. Sèke Bondye pa voye Pitit li a sou tè a pou l’ jije tè a, men pou tè a kapab sove gras a li”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a litiji Legliz la envite n’ fete Ekzaltasyon lakwa Granmèt Jezi nou an. Se yon fèt ki kòmanse menm jou konsekrasyon Bazilik sen “Sepulcre”, jou ki te 13 septanm nan lane 333, kote yo te konn sòti ak lakwa a deyò nan pwosesyon pou yo ka venere l’, paske se enstriman Jezi sovè nou an te itilize pou l’ te Sove nou.
Lakwa se senbòl delivrans tout kretyen, se kat idantite nou. Nou kapab menm sonje sa Jezi te di moun ki vle mache deyè l’ yo, yo dwe pran kwa yo sou do yo. Se yon envitasyon depi nan kòmansman Jezi lanse bay tout moun ki te vle mache deyè li, pou vin patizan li; tout moun ki te mal konprann prezans Jezi nan mitan yo, pou yo kapab rive gen sa klè nan tèt yo: bèlte a makonnen ak lakwa a. Si Jezikri pa t’ aksepte monte sou kwa a, si l’ pa t’ aksepte soufrti tout sa l’ te andire yo, li pa t’ap kapab rive akonpli gwo misyon sa a Papa l’ te konfye l’ la: Temwaye kokenn chenn renmen ak kè sansib Bondye gen pou limanite.
Pandan Jezi aksepte monte sou kwa a, li ede lemond dekouvri se pa nan vyolans la nou kapab rezoud konfli nou yo, men nan padon, nan bay pwòp lavi nou pou sila a nou renmen an. Fèt ekzaltasyon lakwa a kapab fè nou non sèlman dekouvri renmen Bondye pou limanite a travè pwòp Pitit li a, Jezikri, men tou li kapab ede nou dekouvri tout sakrifis yon paran ap fè nan redi travay, nan bliye tèt li, pou li rive bay pwòp pitit li sa li bezwen pou li viv, pou li grandi kòmsadwa, pou li resevwa bon jan fòmasyon pou li rive bati pwòp avni li.
Nan premye lekti liv Nonb lan, nou wè kòman Bondye te endike Moyiz kòman pou l’ fè pou l’ pote delivrans bay tout moun sèpan yo te pike yo pou yo kapab pa mouri. Se deja imaj lakwa Jezikri a, sila a ki pote lavi sou tè a, vrè lavi a ki sòti nan Bondye Papa a. Tout moun ki koute pawòl li yo, ki kwè nan yo, y’ap gen lavi pou tout tan. Sa a se yon mèvèy ekstrawòdinè lè moun nan resevwa bèl mesay Jezi te vin pote a, mesaj ki vrèman wete tout fènwa nan lavi moun nan, mesay ki vin ede moun nan dekouvri vrè sans lavi li.
Nan dezyèm lekti a nou wè kote Sen Pòl montre n’ kòz obeyisans Jezi a, rabèsman l’ lan jous sou bwa lakwa a, Bondye Papa l’ fè l’ jwenn rekonpans li merite a: Li leve l’ anlè tout bagay epi l’ mete l’ kòmandan tout sa ki ekziste. Nou dwe toujou imite Jezi nan obeyisans li, pou nou menm tou ki se patizan li nou aprann abandone n’ nan men Bondye, nou kite l’ dirije lavi nou, nou rive mete konfyans nou nan li nèt ale.
Jezi se sila a Bondye Papa a voye sou tè a pou delivre n’ anba tout peche, anba tout mal. Si reyèlman vre nou apiye lavi n’ sou sa li mande nou, n’ap kapab santi se li menm k’ap viv nan nou menm.
Jezi se vrèman solisyon ak tout pwoblèm n’ap rankontre sou latè beni, pwoblèm divizyon, vyolans nan sosyete yo, nan fanmi yo,… Nou dwe rantre nan fon konsyans nou, koute vwa sa a k’ap pale anndedan nou, medite pawòl Jezi nan sakrifis lakwa li a, pou n’ dekouvri sa li menm li vle di nou; nou dwe rekonèt nou pa mèt tèt nou, se timoun nou ye devan grandè li.
Lè n’ vrèman fè rankont sa a ak li, nou sèten n’ap rive goute deja kè poze a, kè kontan an, rekonfò a nou bezwen an. Nan rankont sa a n’ap rive dekouvri nou dwe louvri kè n’ pou n’ viv nan solidarite, nan respè, nan fratènite ak tout moun sou latè, espesyalman ak sa k’ nan difikilte yo. Kòm kretyen, nou dwe travay pou tabli sou latè Wayòm Bondye a, wayòm jistis la, wayòm kè poze a, wayòm renmen an.
LAPRIYÈ: Granmèt, ba nou fòs ak kouraj ou pou n’ pote lakwa nou epi pou n’ ede lòt yo pote pa yo a pandan nou gen asirans sa a ou toujou avèk nou, epi laviktwa a se pou nou li ye.

PWOPOZISYON: Ak gwoup frè ak sè w’ nan mouvman legliz ou fè pati a, oubyen ak fanmi w’, kreye yon espas pou n’ reflechi sou sans lakwa Jezikri a ki kraze lanmò ak peche a, lakwa sa a ki sove n’ nan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario