Notre Dam
Doulè
Koulè Blan
PREMYE MOSO LABIB
“Yon responsab legliz dwe
san repwòch; dyak yo tou dwe kenbe mèvèy sakre lafwa a nan yon konsyans ki nèt”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 3,1-13
Ou menm mwen renmen anpil la:
Men yon pawòl ki merite konfyans: si yon moun anvi
responsab legliz, se yon bon bagay li anvi a. Responsab legliz la dwe san
repwòch, mari yon sèl madanm, se pou l’ metrize kò l’, pou l’ gen sajès, pou l’
konn reflechi, pou l’ gen bon konduit, pou l’ konn resevwa moun, pou l’ konn
bay lansèyman, pou l’ pa lage kò l’ nan bwason, pou l’ pa renmen batay, men pou
l’ tou dou, pou l’ pa nan diskisyon, pou l’ pa renmen lajan, men pou l’ dirije
kay li byen, pou l’ fè pitit li yo obeyi antan yo kenbe kò yo dwat. Si yon moun pa konn dirije kay li, kijan pou l’ fè okipe legliz Bondye
a? Se pa yon moun ki fèk konvèti, pou l’ pa gonfle nan lògèy, pou l’ pa tonbe
nan kondanasyon dyab la. Se pou moun deyò yo bay bon temwayaj sou li, pou l’ pa
tonbe nan afwon ak nan pyèj dyab la.
Dyak yo tou se pou yo kenbe kò yo byen, pou yo pa gen de pawòl, pou yo
pa lage kò yo nan anpil diven, pou yo pa chèche avantaj malonèt, pou yo kenbe
mèvèy sakre lafwa a nan yon konsyans ki nèt. Se pou yo eseye yo anvan, epi y’a
sèvi konsa, si pa gen okenn kritik kont yo. Medam yo tou, yo dwe kenbe kò yo
byen, san yo pa pale moun mal, se pou yo metrize kò yo, pou yo fidèl nan tout
bagay. Dyak yo dwe gen yon sèl madanm, yo dwe kondui pitit yo ak moun lakay yo
byen. Moun ki fè sèvis yo byen, yo resevwa yon bon grad, yo gen anpil asirans
nan lafwa nan Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 100, l-2ab. 2cd. 5.6
R/ M’ap mache nan
inosans kè m’.
M’ap chante kè sansib ak jijman an; pou ou,
Granmèt, m’ap chante.
M’ap chèche konprann nan
chemen ki san tach la; kilè w’ap vini kote m’? R.
M’ap mache nan inosans kè m’, nan mitan kay mwen
an. Mwen p’ap mete bagay ki pa kòrèk devan je m’, mwen rayi moun k’ap fè peche
yo.R.
Moun k’ap fè tripotaj an sekrè kont pwoche l’ nan,
moun sa a mwen te fè l’ mouri; moun k’ap leve je l’, k’ap gonfle kè l’, mwen pa
t’ sipòte l’.R.
Je l’ sou fidèl yo ki sou tè a, pou yo chita avèk
mwen; moun k’ap mache nan chemen ki san tach, se li menm k’ap sèvi m’.R
LEVANJIL
“Jenòm, mwen di ou,
leve”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 11-17
Lè sa a:
Jezi t’a pral nan yon vil yo rele Nayim; disip li yo ak yon gran foul
t’a pral avèk li tou. Pandan y’ap pwoche bò pòt lavil la, te gen yon mò yo t’ap
pote, sèl pitit gason manman l’; madanm sa a te vèv, te gen anpil foul lavil la
avèk li.
Lè Granmèt la wè sa, li pran pitye pou li, li di l’: “Pa kriye”. Li
pwoche, li touche sèkèy la. Moun yo ki t’ap pote yo, yo kanpe. Li di: “Jenòm,
mwen di ou, leve”. Mò a chita, li kòmanse pale; Jezi renmèt li bay manman l’.
Sezisman pran tout moun, yo fè lwanj Bondye, y’ap di: “Yon gran pwofèt
leve nan pami nou, Bondye vizite pèp li a”. Pawòl sa a gaye nan tout Lajide sou li, ak nan tout rejyon alantou a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Gen yon gran diferans ant relijyon katolik la ak
lòt relijyon yo.Nan Kristyanism se Bondye ki ale pou chèche moun nan. Nan lòt yo, se moun yo ki ale chèche Bondye!
Nan Legliz Katolik la, ke Kris la fonde a, nou wè sa chak jou. Levanjil sa, se yon prèv ki montre renmen san
mezi Bondye gen pou nou an. Li gen enèji epi ensistans nan renmen Papa e
senplisite ak pwofondè nan renmen manman. Lè Kris la wè vèv la ki te t’ap viv
pou kont li, li te gen konpasyon pou li. Pou ti pòv malerèz sa ki te gen gen kè
li dechire ak pwoblèm lavi a, Jezi te pote konsolasyon, rekonfò, epi li te
remèt li pitit li, avèk sante. Kris la bay vèv la kè kontan, li refè fòs li.
Jezi vin pwopoze nou yon lòt mòd lavi, li vin aprann nou aji pou nou kapab
pa rete endiferan, e l’ap di nou ke se renmen an ki dwe motè aksyon nou yo, se
renmen ki dwe pouse nou fè sa nou dwe fè, nan lè ke nou dwe fè li a. Nou pa dwe
aji pou defann ti enterè pèsonèl nou sèlman, nou dwe aji pou nou kase tout vye
chenn sosyal ki anpeche nou pwogrese nan sosyete a, tout sa ki konstitiye yon
baryè ki anpeche nou avanse.
Pou nou rive reyalize bèl misyon sa a, fòk nou lapriyè pou Granmèt la
kapab renouvle kado renmen Lespri Sen an nan kè nou. Bondye kontinye fè mirak
pou nou kapab gen kè kontan nan Li. Se enposib pou Bondye ta renmen wè nou
tris, paske li renmen nou. E Lekaristi
a, se youn nan sakreman ki pèmèt nou kontanple vizaj renmen an. Se sous
mizerikòd ki p’ap janm sispann koule a. Sen Lik ap fè nou konprann jodi a ke
mizerikòd Bondye p´ap janm fini e nou menm, kòm pitit Bondye, nou dwe gen
mizerikòd, nou dwe tounen avoka sila yo ki pi pòv yo, nou dwe renmen yo epi
akeyi yo. Nou dwe lite kont enjistis
ki manifeste sou tout fòm ak tout sa ki anpeche moun viv kòm moun. Pou sa, nou
dwe kite limyè Pawòl Bondye a klere tout fènwa lavi nou, antan n’ap travay pou
pote lespwa nan tout kè ki angwase. Se sèl nan fason sa nou kapab di ke nou se
sèvitè Kris la, e nou kapab akonpanye lòt yo nan doulè ak nan feblès yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou menm ki pote
laviktwa sou tout fòs dyab la, tanpri pa kite nou kokobe anba pouvwa lanmò. Ede
nou pou nou kapab tounen patizan ou tout bon vre, konsa menm jan ak ou, n’ap
pote viktwa sou lanmò a. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen pral vizite Sen
Sakreman an pou mwen koute sa Bondye vle di mwen jodi a epi kite li antre nan
lavi mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario