Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Sakreman relijyon an
gran”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TI MOTE 3,14-16
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen ekri ou bagay sa yo antan mwen espere vin kote
ou byen vit; si m’ fè reta, se pou ou konnen kijan pou ou kondui tèt ou nan
lakay Bondye a, ki legliz Bondye vivan an, kolòn ak fondman verite a.
Mèvèy kache relijyon an, li gran vre; li parèt nan chè a, yo rann li
jistis nan Lespri a, li parèt devan Mesaje yo, yo preche l’ bay nasyon yo, yo
kwè l’ sou tè a, li monte nan bèlte a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 110, 1-2. 3-4. 5-6
R/ Yo gran, travay
Granmèt yo.
M’ap fè lwanj Granmèt la ak tout kè m’, nan
reyinyon moun kòrèk yo ak legliz la. Travay Granmèt yo gran, yo merite tout
moun ki anvi yo chèche yo.R.
Travay li se bèlte ak grandè, jistis li dire pou tout tan gen tan. Li fè
sonje mèvèy li, Granmèt la gen kè sansib, li pran pitye.R.
Li bay moun ki respekte l’ yo manje; k’ap sonje contra l’ la pou tout
tan. Li anonse pouvwa travay li yo bay pèp li a, pou l’ ba li eritaj nasyon yo.R.
LEVANJIL
“Nou chante, nou menm nou pa danse; nou chante
chante dèy, nou menm nou pa kriye”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 31-35
Lè sa a:
Granmèt la di: “Ak ki sa mwen ta konpare lèzòm jenerasyon sa a? ak ki sa
yo sanble? Yo tankou ti moun ki chita sou laplas, youn ap pale ak lòt, y’ap di:
“Nou chante pou nou ak flit, nou menm nou pa danse; nou chante dèy, nou menm
nou pa kriye”.
Reyèlman vre Jan Batis rive, li pa manje pen, li pa bwè diven, epi nou
di: “Se yon demon li genyen”.
Pitit moun nan rive, l’ap manje, l’ap bwè, epi nou di: “Men yon moun
k’ap manje anpil, k’ap bwè diven, ki zanmi pibliken yo ak pechè yo”. Men sajès la jwenn jistis nan men tout pitit li yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
“Se pou ou konnen kijan pou ou kondui tèt ou nan
lakay Bondye a”. Nan premye moso Labib la, Sen Pòl vle montre nou lè
yo pale de «kominote kretyèn», de «Legliz Bondye» ak «lakay Bondye a», se de
yon sèl reyalite y’ap pale nou. Èske nou tout nou gen
konviksyon nou se «fanmi Bondye a»? Se pa yon fason pou nou chante kantamwa
nou, men ak yon sans diyite ak responsablite. Nou pa dwe janm bliye ke premye
kretyen yo, se te yon ti kominote yo te fòme, yon ti gwoup ki te defye gwo chèf
nan epòk la e ki te fè travay li kòmsadwa.
Èske nou menm se konsa nou kwè li? Kominote a, se li legliz Bondye vivan
an, kolòn ak fondman verite a. Sèke Levanjil la se nan kominote n’ap viv li, se
nan tèt ansanm. Si pa gen asanble Legliz, Lafwa pèdi fòs, epi li tounen yon
bagay ki vag, ki pa byen fonde, byen anrasinen.
Petèt jodi a, gen yon tandans pou moun pa ale legliz chak dimanch: men
an reyalite se sa ki poto mitan yon lafwa solid. Moun ki pa nouri ak pawòl ak Pen Bondye a, finalman li viv san Bondye.
Men, an reyalite lè limanite viv san Bondye, lavi a redui ak yon bagay ki pa vo
anyen.
Kisa Jezi ap di nou nan Levanjil la?
Lè Jezi fin fè konpliman pou Jan Batis (Lik 7,18-30), li di moun yo “Ak
ki sa mwen ta konpare jenerasyon sa a”?
Nan sans sa a, Jezi te vle pale de pèp Izrayèl la, pèp sa ki pa t’
sispann twonpe Bondye pandan karant lane li t’ap mache atravè dezè a. Men sa ki
evidan, menm nan tan Jezi t’ap viv la moun yo te kontinye ap viv nan enfidelite
ak Granmèt la.
Jan Batis, sila a ki te la avan Jezi a pale, yo pa bay pawòl li
enpòtans. Kòm li pa t’ manje, li pa t’ bwè, yo te di li gen yon denmon anndan
li; Jezi vini li pale, li manje, li bwè e yo di li se yon gouman, yon tafyatè,
yon bandi. Yo te bliye si Jezi se zanmi tout moun, zanmi pibliken yo, zanmi
pechè yo ki vin rele tout moun pou yo kapab konvèti, pou chanje move kondwit
yo.
Jounen jodi a anpil moun kontinye rete endiferan, yo pa ba li regle
anyen pou yo; gen anpil moun ki kontinye pa bay Pawòl Bondye a enpòtans, yo
rete endiferan, yo pase predikatè yo nan betiz. Men yo pa konnen kisa y’ap fè.
Si mwen menm mwen ta yon moun konsa, jodi a m’ap mande Bondye padon epi m’ap
mete zòrèy mwen pi atantif pou mwen kapab koute li epi viv daprè pawòl li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ou montre nou mizerikòd ou a san limit lè ou chita sou tab
ansanm ak pechè yo, lè ou padone fanm adiltè a, lè ou pale nou de ti gason
banbochè a. Aprann nou renmen menm jan ak ou.
PWOPOZISYON: Chèche yon moun k’ap viv nan move kondisyon, pou
ou kapab ede li chanje konduit, san ou pa fè vyolans ak li. Pale ak li ak dousè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario