Páginas

JEDI 17

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Fè atansyon pwòp tèt ou ak lansèyman an: konsa w’a sove pwòp tèt ou ni sila yo k’ap koute w’ la
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 4, 12-16
Ou menm mwen renmen anpil la:
Piga pèsòn meprize ou poutèt ou jèn jan; men se pou ou sèvi modèl pou fidèl yo, nan pawòl, nan konduit, nan charite, nan lafwa, nan fason ou kenbe kò ou san tach. An atandan mwen rive, mete tout efò ou nan lekti, nan prèch ak nan lansèyman. Pa neglije favè a ki nan ou a, sa yo te ba ou a gras a pawòl pwofèt yo, antan prèt yo te poze men sou ou a. Kalkile sou sa, met atansyon ou nan bagay sa yo, pou tout moun wè klè kijan ou fè pwogrè. Fè atansyon pwòp tèt ou ak lansèyman an, ensiste nan yo; antan ou fè sa, w’ap sove pwòp tèt ou, ni sila yo k’ap koute w’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 110, 7-8. 9. 10
R/ Travay Granmèt yo gran.
Travay men l’, se verite ak jijman; tout kòmandman l’ yo fidèl, yo asire pou tout tan gen tan, yo fèt nan verite ak jistis.R.
Li voye delivrans pou pèp li a, li kòmande contra l’ la pou tout tan. Non l’ sen, li terib.R.
Kòmansman sajès la se respè Granmèt la, se bon entelijans pou tout moun ki fè l’; lwanj li dire pou tout tan gen tan.R.
LEVANJIL
“Yo padonnen l’ anpil peche, paske li renmen anpil”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 7, 36-50
Lè sa a:
Youn nan farizyen yo mande Jezi pou l’ vin manje avèk li. Jezi antre lakay farizyen an, l’al sou tab. Yon madanm ki t’ap mennen yon vi peche nan lavil la vin rive, lè l’ konnen Jezi te sou tab nan lakay farizyen an, li pote yon boutèy losyon; li kanpe dèyè bò pye l’, li kòmanse wouze pye l’ ak dlo k’ap sot nan je l’, li souye yo ak cheve tèt li, li bo pye l’, li pase losyon sou yo.
Lè farizyen an ki te envite Jezi a wè sa, li di nan kè l’: “Sila a, si se te pwofèt li te ye, li ta konnen sètènman kilès epi ki kalite moun madanm sa a ye, li menm k’ap touché l’ la: se yon fi k’ap viv nan peche”.
Jezi pran lapawòl, li di l’: “Simon, mwen gen kichòy pou m’ di ou”.
Simon di l’: “Mèt, pale”.
“De moun te dwe yon moun ki konn prete lajan; youn te dwe senksan goud, lòt la senkant. Kòm yo pa t’ kapab renmèt li, li fè yo toulede kado lajan an. Kilès k’ap renmen l’ pi plis?”
Simon reponn, li di: “Mwen konsidere se sa li fè kado plis la”.
Jezi di l’: “Ou fè bon rezònman”.
Li vire kot madanm nan, li di Simon: “Ou wè madanm sa a? Mwen antre lakay ou, ou pa ban m’ dlo pou pye m’; li menm menm se ak dlo nan je l’ li wouze pye m’, ak cheve l’ li souye yo. Ou pa bo m’; li menm menm, depi l’ antre, li pa sispann bo pye m’. Ou pa pase luil sou tèt mwen; li menm menm li vide losyon sou pye m’. Se pousa mwen di ou: Pakèt peche l’ yo padonnen, paske li renmen anpil. Moun yo padonnen ti kras, li renmen ti kras”.
Jezi di madanm nan: “Peche ou yo padonnen”. Moun ki te sou tab ansanm ak li yo, yo kòmanse ap di anndan kè yo: “Kilès sila a, k’ap padonnen ata peche yo?”
Jezi menm di madanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale ak lapè”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Mezanmi, pafwa nou mache legliz, nou priye chak jou, nou evite fè sa k’ pa bon; men se pa de twonpe n’ap twonpe tèt nou! Anpil fwa nou aji konsa paske nou panse Bondye ap kontwole konpòtman nou, pou wè kisa nou merite. Si nou byen konpòte nou, l’ap ba nou benediksyon li. Si nou fè sa k’ pa bon, l’ap kale nou.  Men se pa konsa Bondye konn aji !
Bondye Granmèt la gen yon siyati, se Renmen. Li Toupwisan, li gen tout pouvwa, men gen yon sèl bagay li pa kapab fè : li pa ka pa renmen nou ! Se pa poutèt jan nou aji li renmen nou, okontrè, li te gen tan renmen nou davans, depi avan nou te la. Li p’ap janm sispann renmen nou, kit nou merite l’, kit nou pa merite l’.
Se sa Jezi ap montre farizyen yo nan moso Levanjil nou te li jodi a.  Yo menm te konnen se yo menm ki merite benediksyon Bondye, lòt moun pa merite l’. Men benediksyon Bondye a, se pa yon kesyon merite pou nou merite l’, gras Granmèt la se piyay l’ap ba nou li, gratis ti cheri.
Se lè nou rive aksepte renmen Bondye a nan kè nou, sitou lè nou rekonèt nou pa t’ merite benediksyon sa a, tout bagay ap chanje. Si n’ mache legliz, tout sa nou fè korèk, nou pa gen dwa vante tèt nou pou sa. Si nou youn sèvi lòt, youn renmen lòt, se pa achte n’ap achte gras Bondye a. N’ap fè l’ paske nou rekonesan, sa nou te jwenn gratis, n’ap fè lòt moun kado li gratis tou.
Se sa madanm ki t’ap trennen nan peche a te konprann pi byen pase farizyen yo, lè l’ te jwenn yon moun ki pa t’ jije l’, yon moun ki te aksepte l’ jan l’ te ye a, ki te konprann li ; epi se sa ki te boulvèse kè li, ki te chanje lavi li.
LAPRIYÈ : Mèsi, Granmèt, paske Jezi te vin montre nou ke ou p’ap janm sispann renmen nou. Tanpri, fè Lespri Sen ou an louvri kè m’, pou m’ ka pi rekonesan ! Amèn.

PWOPOZISYON : Jodi a, m’ap sispann kritike lòt moun ki pa aji menm jan avè m’.Mwen pral ede yo pito pou yo kapab konnen Bòn Nouvèl la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario