Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Kanta ou menm, moun
Bondye, suiv jistis la”.
NAN PREMYE LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 6, 2c-12
Ou menm mwen renmen anpil la:
Se bagay sa yo pou ou anseye, pou ou preche. Si yon moun anseye yon lòt
fason, si l’ pa aksepte pawòl Granmèt nou Jezikri ki solid yo, ni lansèyman ki
regle sou relijyon an, se moun k’ap leve tèt li, ki pa konn anyen, li gen
maladi vire alantou kesyon ak batay mo; nan bagay sa yo se lanvi ki leve, ak
diskisyon, joure, move dout, kont ki pa kapab fini ki sot nan moun ki gen
lespri yo gate, ki pa gen laverite a, ki konsidere relijyon an tankou bagay
k’ap rapòte lajan.
Gen gran avantaj nan relijyon an si nou kontante nou ak sa nou genyen.
Nou pa t’ pote anyen sou tè sa a: konsa tou, pa gen dout sou sa, nou pa kapab
pote anyen sot sou tè sa a. Si nou gen manje ak dekwa pou nou abiye, nou mèt
satisfè avèk bagay sa yo. Sèke moun ki vle vin rich yo, yo tonbe nan tantasyon
ak nan pyèj dyab la, ak yon pakèt lanvi ki pa sèvi anyen, ki pa bon, k’ap nwaye
moun yo nan lanmò k’ap pèdi yo. Rasin tout mal yo, se renmen lajan, moun ki met
lide yo sou sa, yo devye sot nan lafwa a, yo rale anpil soufrans sou pwòp tèt
yo.
Kanta ou menm, moun Bondye, kouri lwen bagay sa yo; suiv jistis la
okontrè, relijyon an, lafwa a, charite a, pasyans la, dousè a. Batay bon batay
lafwa a, kenbe lavi tout tan an, kote yo rele w’ la, sa ou te fè bèl
deklarasyon lafwa pou li a devan pakèt temwen yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 48, 6-7. 8-10. 17-18. 19-20
R/ Se chans pou sila yo
ki pòv nan lespri a, paske se pou yo rèy syèl yo ye.
Pouki pou m’ pè jou malè yo, lè mechanste pwofitè yo ap antoure m’ nan?
Yo menm ki met konfyans nan fòs yo, yo menm k’ap fè lwanj tèt yo poutèt pakèt
richès yo? R.
Sèke yon moun pa delivre pwòp tèt li; li p’ap bay Bondye pri delivrans
peche l’.
Pri delivrans nanm li twò chè: l’ap manke jous nan dènye bout, pou l’ ta
viv jouska lafen, pou l’ pa ta wè lanmò.R.
Pa pè, lè yon moun vin rich, lè richès lakay li ap
vin anpil. Sèke, lè l’ap mouri, li p’ap pote tout bagay sa yo, richès li p’ap
desann avèk li.R.
Malgre li t’ap fè konpliman pou nanm li nan lavi
l’: “Y’ap fè lwanj ou, paske ou aji byen ak tèt ou”; malgre sa l’ a pral jwenn
ras zansèt li yo, ki p’ap janm wè limyè.R.
LEVANJIL
“Medam yo te avèk Jezi, yo t’ap sèvi l’ ak
byen yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 8, 1-3
Lè sa a:
Jezi t’ap travèse vil ak bouk yo, l’ap preche, l’ap
anonse bòn nouvèl rèy Bondye a; douz yo te avèk li, ni kèk medam li te geri sot
anba pouvwa move lespri ak maladi: Mari, sa yo rele Madlèn nan, sa l’ te wete
sèt demon sot nan li a, Ján, madanm Chouza a, minis Ewòd la, Sizán, avèk anpil
lòt medam ki t’ap sèvi l’ ak byen yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan tan sa yo, nou wè gen yon tandans pou melanje
tout bagay; gen moun ki vle mete tout bagay tèt anba. Gen moun ki menm vle pran
Legliz Bondye a pou yo regle biznis yo, de jou an jou divizyon ap miltipliye,
doktrin ap miltipliye, ti legliz ap pran nesans; nan yon sèl katye nou kapab
rive jwenn menm 10 “legliz”. Chak pyès kay tounen yon legliz! Gen anpil lespri
pèvèti ki preche bagay ki pa ale nan sans verite Levanjil la, gen anpil moun
k’ap kreye doktrin pou yo twonpe moun ki gen lespri yo fèb, moun ki gen ti
lafwa wòwòt nan Bondye.
Sa pa fè twò lontan, mwen te monte yon bis: gen yon mesye ki te vini li
monte nan bis la, li salye pasaje yo epi envite yo fèmenm zye yo pou li fè yon
lapriyè. Aprè li fè lapriyè a, li kòmanse mande moun yo lajan, paske li te
pretann li vle konstwi yon “tanp” pou Bondye. Gen kèk moun ki te ba li lajan
nan machin nan, men nan yon ti tan aprè zen te pete! Gen yon madanm ki te di
mesye a ke li pa t’ gen lespri Bondye nan li, li te pran diskite avèk li epi sa
te anime lòt pasaje ki te nan machin nan, yo tout pran ri, menm moun ki te gen
tan ba li kòb pou soutni pwojè a. Mesye a te santi li te wont e li pa t’ pran
tan pou li te desann machin nan.
Mezanmi, lè yon moun vin pale nou de Bondye, se pou nou chèchè disène si
se ak senserite li vini pale ak nou. Pou ka mesye sa, se sèlman Bondye ak li ki
konn si li te sensè nan entansyon li a. Mwen menm sèl kesyon mwen te poze tèt
mwen se: Èske jounen jodi a manke espas nan legliz, ki fè yon moun ta vle
konstwi yon tanp pou Bondye? Èske nou pa konstate gen plis tanp pase kretyen!
Jodi a, Apot Pòl ap di nou fè atansyon ak moun k’ap anseye yon lòt fason
ke fason Jezi montre nou an, moun ki pa aksepte pawòl Granmèt nou Jezikri ki
solid yo, ni lansèyman ki regle sou relijyon an, moun k’ap leve tèt li, ki pa
konn anyen, ki gen maladi vire alantou kesyon ak batay mo; nan bagay sa yo se
lanvi ki leve, ak diskisyon, joure, move dout, kont ki pa kapab fini ki sot nan
moun ki gen lespri yo gate, ki pa gen laverite a, ki konsidere relijyon an
tankou bagay k’ap rapòte lajan.
Si yon moun vle mache ak Granmèt la, se pou li chèche pòv nan lespri li
pou li kapab eritye wayòm syèl la. Si yon moun ap chèche richès materyèl, li ka
difisil pou li pòv nan lespri li. Si nou wè, n’ap sèvi Bondye epi tout dezi nou
yo pa konble, se pou nou kontan, paske lè tout dezi yon moun konble, petèt sa
ka fè li ogeye, sa ka fè li pa santi nesesite pou Bondye ranpli li. Okontrè,
nou dwe apran kontante nou ak sa nou genyen, pou nou kapab lib pou sèvi Bondye.
Konsa n’a liberte anba chèn esklavaj byen materyèl. Chèche wayòm Bondye an
premye epi tout lòt bagay yo ap vini aprè.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ban mwen fòs pou
mwen suiv ou san ipokrizi; pa kite mwen di ni fè anyen ki pa an amoni ak pawòl
ou a ki se pawòl lavi, pawòl liberasyon. Fè mwen mache nan limyè pawòl la.
PWOPOZISYON: Gade pou w’ wè nan ki fason ou konn kontredi pawòl
Bondye a; mande Bondye entelijans pou ou pa tounen patizan dyab la nan fason
w’ap viv.
No hay comentarios:
Publicar un comentario