Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Kenbe kòmandman an san fot joustan
Granmèt la rive".
LEKTI PREMYE LÈT APOT PÒL
KI SEN POU TIMOTE 6, 13-16
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen pase ou lòd, devan Bondye ki bay tout bagay lavi a, ak devan
Jezikri ki te bay temwyaj sou Pons Pilat, pou ou kenbe kòmandman an san fot,
san repwòch, joustan Granmèt nou Jezikri rive; Sila a ki sen an ap fè l’ parèt
nan tan l’ yo, sila a sèl ki gen pouvwa a, Wa wa yo ak Granmèt mèt yo, li menm
sèl ki pa kapab mouri a, ki abite yon limyè pèsòn pa kapab pwoche a, li menm
pèsòn nan moun yo pa janm wè a, ni yo pa kapab wè l’, konsiderasyon ak otorite
tout tan pou li. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r.: 2c)
R/ Antre devan fas
Granmèt la avèk gran fèt.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre
devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li
nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Antre nan pòtay li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik, fè lwanj
li, fè konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt la bon; pou tout tan kè l’ sansib pou jenerasyon ak
jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
"Sa k’ nan bon tè a, se sila yo ki kenbe pawòl
la, ki donnen fwi nan pasyans".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A
DAPRÈ SEN LIK 8, 4-15
Lè sa a:
Kòm anpil foul te rasanble, yo te vin sot nan vil yo pou yo pwoche kot
Jezi, li di sou fòm parabòl: "Sila a ki konn simen an sòti pou simen
semans li. Pandan l’ap simen, yon
pòsyon tonbe bò chemen an, yo foule l’ anba pye, zwazo syèl yo manje l’. Yon
lòt pòsyon tonbe sou wòch, kon l’ pouse, li seche, paske pa t’ gen frechè. Yon
lòt pòsyon tonbe nan pami pikan, pikan yo pouse ansanm avèk li, yo toufe l’.
Yon lòt pòsyon tonbe nan bon tè, li leve, li bay fui san fwa plis".
Pandan l’ap di sa, li rele byen fò: "Moun ki gen zòrèy pou koute,
se pou l’ koute".
Disip li yo poze l’ kesyon, sou sans parabòl sa a.
Li di yo: "Nou menm yo ba nou pouvwa pou nou konnen mèvèy sakre rèy
Bondye a, lòt yo menm se an parabòl, pou yo gade san yo pa wè, pou yo tande san
yo pa konprann.
Men parabòl la: Semans la se pawòl Bondye a. Sa k’ sou bò wout la, se
sila yo ki fin tande, apre sa, dyab la rive, li wete pawòl la sot nan kè yo,
pou yo pa kwè, pou yo pa sove. Sa k’ sou wòch la, se sila yo ki fin tande, yo
resevwa pawòl la avèk kè kontan, men yo pa gen rasin, se pou yon tan yo kwè,
epi nan tan difikilte a, yo sede. Sa k’ tonbe nan pikan yo, se sila yo ki fin
tande, men antan y’ap travèse tèt chaje ak richès ak plezi lavi a, yo toufe, yo
pa donnen fui.
Men sa k’ nan bon tè a, se sila yo ki tande pawòl la nan yon kè ki bon,
ki kòrèk nèt, yo donnen fui nan pasyans".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Litiji jodi a prezante nou kèk bèl lide ke nou dwe swiv, ke nou dwe mete
an pratik pou pawòl Bondye a ka pote fwi nan lavi nou. Nan premye moso Labib
la, Apot Pòl, nan lèt li ekri Timote a, ap ekzòte l’ pou l’ kenben kòmandman yo
san fot jiskaske Jezi retounen avèk pouvwa Wa li, ak tout otorite l’.
Pi devan, nan Levanjil la, Sen Lik prezante nou Jezi k’ap bay ansèyman
sou “parabòl nèg ki t’ap simen an. An nou wè nan ti refleksyon nou, kisa Jezi
vle fè nou konprann atravè parabòl sa a. Nou te kapab di, moun k’ap simen an se
Jezi. Semans la, se pawòl Bondye.
Chak moun gen yon fason li akeyi semans pawòl la. Jezi rann li kont gen
moun ki tande pawòl la, men yo pa akeyi l’; dòt akeyi l’ men yo pa pratike l’;
dòt tande pawòl la men yo kite pwoblèm ak traka lavi a rache pawòl la nan kè
yo; epi dòt koute pawòl la, malgre tout difikilte yo rive mete l’ an praktik
nan lavi yo.
Pawòl Bondye toujou vivan e se menm pawòl sa a n’ap tande jodi a. Kòman
mwen akeyi l’ nan lavi m’? Ki fwi li pote nan lavi mwen? Èske lè m’ ale Legliz
oubyen nan yon rankon lapriyè, se pa lòt bagay m’ al okipe? Èske m’ pa kite
pwoblèm lavi a fè m’ soud pafwa ? An nou pwofite ansèyman Jezi ban nou jodi a
atravè bèl parabòl sa a pou de jou an jou, nou tounen pi bon tè pou semans
pawòl Granmèt la kapab jèmen, grandi epi pote bon jan fwi nan lavi nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri fè m’
tounen yon bon tè pou semans pawòl ou ka pote fwi nan lavi mwen. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap reflechi sou sa ki
antrave kwasans semans pawòl Bondye a nan kè mwen.
Koulè Vèt
No hay comentarios:
Publicar un comentario