Páginas

JEDI 3

Koulè Blan
Sen Gregwa Legran, Pap ak Savan Sakre Legliz la
PREMYE MOSO LABIB
“Li delivre nou sot anba pouvwa fènwa yo, li fè nou travèse nan peyi wa Pitit li renmen an”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 9-14
Frè m’ yo:
Depi jou mwen te tande pale sou nou an, mwen pa sispann lapriyè pou nou, m’ap mande Bondye favè pou nou, pou nou plen ak konesans volonte l’, nan tout kalite sajès ak entelijans lespri a, pou nou mache yon fason kòrèk antan nou fè Bondye plezi nan tout bagay, antan n’ap donnen fwi nan tout kalite bon aksyon, antan n’ap devlope nan syans Bondye a, n’ap asire nan tout kalite fòs dapre pouvwa bèlte l’, nan tout kalite pasyans ak pèseverans avèk kè kontan; n’ap di Bondye Papa a mèsi, li menm ki fè nou merite jwenn pòsyon nan eritaj sen yo nan limyè a, li menm ki delivre nou sot anba pouvwa fènwa yo, ki fè nou travèse nan peyi wa Pitit li renmen an. Nan Pitit sa a nou jwenn delivrans pa pouvwa san li, padon pou peche yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 2-3ab. 3cd-4. 5-6
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li a.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, nan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li fè sonje kè sansib li a ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an. Sonnen twonpèt pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak chante sòm; sonnen twonpèt ak kòn, sonnen klewon devan Granmèt la ki wa.R.
LEVANJIL
Yo kite tout bagay, yo suiv li
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 5, l-11
Lè sa a:
Kòm foul yo te gonfle sou Jezi pou yo tande pawòl Bondye a, li te kanpe sou bò letan Jenezarèt la. Li wè de kannòt ki mouye bò letan an; moun k’ap peche pwason yo te desann, yo t’ap lave filè yo. Li monte nan youn nan kannòt yo, sa k’ te pou Simon an, li mande l’ pou l’ rekile yon ti kras sot bò tè a. Li chita, l’ap bay foul yo lansèyman antan l’ nan ti kannòt la.
Kon l’ fin pale, li di Simon: “Mennen nou nan fon, epi lage filè yo pou lapèch la”.
Simon reponn, li di l’. “Mèt, tout nan nuit nou travay san nou pa pran anyen; sèlman sou pawòl ou m’ap lage filè a.
Lè yo fè sa, yo ranmase yon pakèt foul pwason ; filè yo a t’ap chire. Yo fè asosye yo siy, sa k’ te nan lòt kannòt la, pou yo vin ede yo. Yo rive, yo plen toulede kannòt yo, jous yo te prèt pou koule.
Lè Simon Pyè wè sa, li lage kò l’ nan jenou Jezi, li di: Rale kò ou lwen m’, paske se yon moun ki nan peche mwen ye, Granmèt.
Sèke sezisman te anvayi l’, ansanm ak tout moun ki te avèk li yo nan lapèch pwason yo yo te pran an; konsa tou pou ni Jak ni Jan, pitit Zebede yo, ki te asosye Simon.
Jezi di Simon: “Pa pè, apati koulye a, se lapèch moun w’ap fè”.
Yo kondui kannòt yo jous atè, yo kite tout bagay, yo suiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan misyon Jezi te genyen pou delivre tè a, li te asosye kèk moun avèk li. Jodi a Jezi rele Simon. Nou menm tou Jezi te rele nou depi jou nou te batize. Me se chak jou li kontinye ap rele nou pou nou kapab sèvi lòt yo. Men jan ak Simon, nou menm tou nou ka di Jezi « Rale kò ou lwen m’, paske se yon moun ki nan peche mwen ye, Granmèt ». Men si Jezi rele nou, se paske li vle chanje kondisyon lavi nou, li vle nou kite salte peche a, pou li kapab lave nou, pirifye nou.
Jodi a, frè ak sè m’ yo, an nou sispann chache pretèks,  menm jan ak Sen Gregwa Legran, an nou kite Granmèt la sedui nou pou nou ka wè bonte ak dousè li, pou nou ka tounen yon siy vizib wayòm li an nan fanmi nou, nan kominote nou ak mond n’ap viv la. Nou pa bezwen pè, paske l’ap ba nou mwayen pou nou reyalize.
Jezi di Simon “Pa pè, apati koulye a, se lapèch moun w’ap fè”. E mwen menm, kisa Jezi ap di m’ jodi a ?
Jounen jodi a, Jezi vle monte nan kannòt nou chak k’ap navige nan lanmè lavi a. Jezi chita anndan kannòt kè w’  e l’ap di ou lage filè a. Nou ka imajine nou kòman Pyè te santi l’enpòtan lè l’ wè se nan kannòt pa l’ la Jezi te monte, li te santi l’enpòtan paske je l’ pa t’ ko ouvri, Jezi pa t’ ko antre nan lavi li, men kou l’ te fin santi prezans Bondye nan li, li te santi l’ twò gwo pechè pou Jezi te ret bò kote l’. Men Jezi pa t’ vin chache moun ki san tach, ni zanj sou latè, men li te vin chache moun ki te santi yo ka kite tout aktivite pèsonèl yo pou yo fè travay Granmèt la. Menm jan ak Simon, si jodi a ou tande vwa Granmèt la, pa fè tèt di, se pou ou koute.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, n’ap mande w’ pou w’ aprann nou konnen kòman pou nou koube devan w’, pou n’ aprann konnen ke lè w’ chwazi nou pou yon bagay, se pa paske nou pi enpòtan pase lòt yo men se paske ou rele moun ou vle pou sèvis ou.

PWOPOZISYON : M’ap mande Bondye lespri disènman pou m’aprann konnen plan l’ nan lavi mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario