Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Tout bagay, se pa pouvwa l’, se nan li yo kreye”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU
KOLOSYEN YO 1, 15- 20
Jezikri se pòtre Bondye yo pa
kapab wè a, se premye pitit nan tout sa li kreye yo, paske se nan li tout bagay
kreye nan syèl la ak sou tè a, sa yo kapab wè ak sa yo pa kapab wè, swa fotèy,
swa pouvwa, swa gouvènman, swa otorite : tout bagay se pa pouvwa l’, se
nan li yo kreye, li menm li anvan tout bagay, tout bagay kanpe nan ekzistans
nan li.
Li menm se tèt kò Legliz la, li se
sous, premye pitit nan pami mò yo, pou l’ kapab kenbe premye ran an nan tout
bagay ; sèke se nan li Bondye pran plezi fè tout bagay nèt abite, se nan
li, pa pouvwa li, li vle rekonsilye tout bagay, ni sa k’ sou tè a, ni sa k’ nan
syèl la, antan l’ fè lapè pa pouvwa san l’ ki koule sou kwa a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2.:t. I. 5
R/ Antre devan fas Granmèt la avèk gran fèt.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè
a, sèvi Granmèt la nan kè kontan ; antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki
Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Antre nan pòtay li yo avèk lwanj,
nan lakou l’ yo avèk kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Sèke Granmèt la bon ; pou
tout tan kè l’ sansib, pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.
LEVANJIL
“Lè y’a pran mari a nan men yo, lè
sa a y’a fè jèn”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 5, 33-39
Lè sa a: farizyen yo ak pwofesè yo
di Jezi:
“Pouki sa disip Jan yo ap fè jèn
souvan, ap lapriyè souvan, ni farizyen yo tou; kanta disip ou yo menm y’ap
manje, y’ap bwè”,
Li di yo: “Èske nou kapab fè zanmi
mari a fè jèn, pandan mari a ansanm avèk yo. Men gen jou k’ap vini, lè y’a pran
mari a nan men yo, lè sa a y’ap fè jèn sa yo’’.
Li t’ap di yon parabòl pou
yo : “Pèsòn pa pran yon moso twal ki sot nan yon rad nèf pou l’ mete l’
nan yon vye rad ; otreman rad nèf la ap chire tou, epi moso ki sot nan rad
nèf la, li pa ale ak vye rad la.
Epi pèsonn pa met diven nouvo nan
veso ansyen ki fèt ak po bèt ; otreman diven nouvo a ap fè veso yo eklate,
l’ap vide, epi veso yo ap pèdi ; men diven nouvo fèt pou mete nan veso
nèf, pou toulede konsève. Pèsonn, lè l’ fin bwè sa k’ vye a, pa vle nouvo a
tousuit, paske l’ap di : “Vye
a pi bon”.
An nou fè
lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Premye moso Labib la se yon chan ke, san dout, premye
patizan Jezikri yo te konn chante. Se yon powèm ki ekprime grandè ak mayifisans
Kris la, nan lòd kreyasyon an ak nan lòd rezireksyon an, sou baz inivèsèl
istorik lakwa. Kris la se imaj Bondye ki envizib. Nou konnen byen ke Bondye
envizib e se sa ki enkyetid nou, men nou dwe di li mèsi poutèt li te kreye nou
pòtre ak li pou nou te kapab sanble ak li. Pòtre Bondye, se pòtre renmen an e
se Jezi ki vin montre nou li.
Kris la se
premye pitit nan tout sa Bondye kreye yo. Li menm ki se Pawòl ak Sajès Bondye
a, li te ekziste avan tout bagay. (Pwovèb 8,22-26) ; rasin Jezikri plante nan
kòmansman tan yo.Tout bagay ki vizib oubyen envizib nan syèl la ak sou tè a, se
nan li tout bagay sa yo pran orijin, se li menm ki sous yo. Kidonk Kris la se
enèji nan linivè a ki travay tout kreyati, e ki bay tout bagay fòm. Li tout
kote e l’ap aji nan tout bagay. Li se senbòl inite Kreyasyon an, se nan li tout
bagay ap rive jwenn akonplisman yo. Konsa tou, Jezikri se tèt kò a, sa vle di,
tèt Legliz la. Imaj tèt sa a, vle montre nou ki diferans ki genyen ant Kris la
avèk Kreyasyon an : nou pa kapab pran youn pou lòt.
Jezi, malgre
li makonnen vitalman avèk limanite, nou pa kapab konfonn li avèk li. Jezi se
tèt la k’ap mennen kò a, k’ap anime li,… k’ap sove li. Se avèk san Kris la
Bondye te rekonsilye tout bagay ; san sa a pote lapè ak solisyon pou tout
kalite pwoblèm. Nan Levanjil la, nou wè disiplin Jezi bay disip li yo
eskandalize pèp la, paske yo wè disip Jezi yo pa t’ gen menm konpòtman ak disip
lòt mèt ki te genyen nan tan sa a. Avèk yon deklarasyon sou prezans Mesye marye
a ak 2 ti parabòl Jezi pral Jistifye kònpòtman disip li yo, e sa kapab mennen
nou fè yon ti konklizyon konsa :
Nan Ansyen
Testaman ak nan relijyon Juif yo, pratik jèn nan te makonnen ak esperans yon
mesi, yon sovè, yon liberatè. Se yon pratik
ki te montre kijan moun ki t’ap viv nan epòk sa a pa t’ satisfè de reyalite yo
t’ap viv la e yo t’ap tann yon konsolasyon pou Izrayèl. Jan Batis te fè bagay sa tounen yon lwa pou tout moun te
obsève. Ebyen lè disip Jezi yo pa t’antre nan obsèvans prensip sa, se kòmsi yo
te montre ke Mesi pèp la t’ap reve a pa t’enterese yo.Nan kontèks sa a, repons
Jezi a te klè : Disip yo pa kapab ap fè jèn, puiske Mesi tout moun t’ap
tann nan, yo deja ap viv nan entimite, nan zanmitay ak li. Kidonk tan jèn ak
abstinan sou koze diven an, se yon tan ki te deja pase, kounye a se tan
mesyanik yo ke n’ap viv, Mesi a la avèk nou l’ap konsole nou, nou se patnè li,
nou se zanmi li.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri
ede nou pratike jèn ki fè ou plezi a ; ede nou renmen pwochen nou san
mezi, ba nou yon lespri ki senp pou nou kapab sèvi ou, ou menm ki se Mèt
Kreyasyon an.
PWOPOZISYON : Mesye Marye a la : kòman mwen kapab akeyi li, epi
envite lòt yo vin fete ak li ?
No hay comentarios:
Publicar un comentario