Páginas

SAMDI 5

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Bondye rekonsilye nou avèk li, li prezante nou sen, san tach".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 21-23
Frè m’ yo :
Lontan nou menm tou nou te etranje, nou te lènmi, akoz santiman nou te genyen pou nou te fè sa ki mal ; koulye a menm Bondye rekonsilye nou nan kò chè Jezikri a gras a lanmò l’, pou l’ prezante nou sen, san tach, san yo pa gen anyen pou repwoche nou devan l’. Si reyèlman vre nou kenbe fèm nan lafwa a, nou pran rasin byen solid san anyen pa dekontwole nou sot nan espwa levanjil la nou te tande a, levanjil sa a y’ap preche bay tout sa Bondye kreye yo ki anba syèl la, levanjil sa a mwen menm Pòl m’ap sèvi a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 53, 3-4. 6 e 8 (r. : 6a)
R/ Men Bondye ap ede mwen.
Bondye, o non ou sove m’, nan pouvwa ou, jije m’.
Bondye, koute lapriyè m’, panche zòrèy ou pou ou koute pawòl bouch mwen.R.
Men Bondye ap ede m’, Granmèt la ap resevwa lavi m’,
M’ap ofri ou sakrifis ak tout kè m’,
M’ap fè lwanj non ou, Granmèt, paske ou bon.R.
LEVANJIL
"Pouki n’ap fè sa yo pa pèmèt jou saba a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 1-5
Rive yon jou saba, Jezi t’ap travèse jaden ble, disip li yo t’ap rache zepi yo, yo t’ap manje yo lè yo fin fwote yo nan men yo.
Detwa nan farizyen yo t’ap di yo: "Pouki sa n’ap fè sa yo pa pèmèt nan saba a?"
Jezi reponn yo, li di: "Èske nou pa li sa David te fè, lè l’ te grangou ni li menm ni moun ki te avèk li yo; kijan li antre nan kay Bondye a, epi li pran pen yo ki te ekspoze yo, li manje yo, li bay moun yo ki te avèk li yo: bagay yo pa pèmèt manje, sof pou prèt yo sèlman?"
Epi li t’ap di yo: "Sèke Pitit moun nan mèt ata saba a".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, jodi a, atravè lèt li voye bay Legliz Kolòs la, Apot Pòl, Apot nasyon yo ap di nou nou pa moun vini ankò, nou se pitit kay, nou pa etranje, men nou se moun natif natal. Tout sa, se paske Bondye rekonsilye nou ak li, granmesi Pitit li a ki soufri, ki mouri e ki leve byen vivan. Se poutèt sa nou menm tou nou dwe chanje atitid nou, paske nou se moun nouvo, nou pa ka kontinye nan menm vye panse ak konpòtman nou yo; okontrè nou dwe prezante vizaj renmen an, renmen sa a ki sove nou an, renmen ki rachte nou an. Sa vle di, nou dwe tounen yon lanp lespwa pou klere chemen sila yo ki lwen, sila yo ki swaf rankontre ak Bondye, pou yo menm tou, yo kapab rekonsilye ak li, pou yo goute dousè renmen ak kè sansib li a.
Rekonsilye ak pwòp tèt nou, ak Bondye ak frè ak sè nou, se pran chemen k’ap mennen nou nan lapè ak kè poze a, chemen Jezi te pran an; sa vle di, nou dwe aksepte eprèv ak difikilte lavi a nan lafwa, ak fèm asirans ke nou gen pou nou rive nan viktwa a kan menm, gras ak konkou lagras Granmèt la ki pa janm abandone nou.
Jezi peye pou fot nou yo. Soufrans nou te merite pou peche nou fè, li menm ki inosan, li ramase yo sou do li. Li lave nou ak san li, li sanktifye nou. Li restore nou, li fè nou tounen kreyati tou nèf.
Jounen jodi a, n’ap viv nan yon mond ki plen ak ipokrizi. Depi lontan nan tan Jezi, te toujou gen ipokrit. Nou wè farizyen yo kritike Jezi paske li pèmèt disip li yo pran kèk zepi ble pou yo te kapab manje jou Saba a. Se kòmsi si yon moun ap mouri grangou, li pa gen dwa sove lavi li. Men Jezi di yo, li menm li se Mèt saba a. "Sèke Pitit moun nan mèt ata saba a" (Lik 6,5). Men sa Jezi te vle yo konprann plis toujou, sèke pa gen okenn lwa ki gen valè oubyen enpòtans si li pa garanti lavi. Tout lwa dwe osèvis lavi. Avan tout bagay se lavi ki enpòtan.
LAPRIYE: Mesi Jezi pou kalite favè sa a ki fè nou pa rete nan bafon lanmò a pou tout tan. Tanpri, ede nou dosil nan men Lespri Sen an k’ap montre nou kijan pou nou travay pou fè lavi fleri.

PWOPOZISYON: Rejte tout konpòtman ki detwi lavi. Lapriyè pou vyolans ak entolerans kapab fini nan sosyete a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario