Páginas

DIMANCH 6

Koulè Vèt
VENNTWAZYÈM DIMANCH ÒDINÈ, ANE-B
PREMYE LEKTI
"Zorèy moun soud yo louvri, lang moun baba yo louvri".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 35, 4-7a
Di moun ki fèb yo: "Kouraj, pa pè; men Bondye nou an ap pote vanjans, l’ap renmèt yo sa yo te fè n’: Bondye li menm ap vini, l’ap sove nou".
Lè sa a je avèg yo ap louvri, zòrèy moun soud yo ap louvri; lè sa a moun ki t’ap bwate a ap vòltije tankou kabrit, lang moun ki baba yo ap lage; paske dlo eklate nan savann nan, gran ravin dlo nan tè sèk la. Sa k’ te sèk la ap vin tounen letan, sa k’ te swaf la ap vin tounen sous dlo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc-10 (r.: 2a)
R/ Fè lwanj Granmèt, nam mwen.
Li menm ki kenbe verite a pou tout tan, ki fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, ki bay moun ki grangou yo manje, Granmèt la lage prizonye yo.R.
Granmèt la klere avèg yo, Granmèt la drese sa k’ kraze yo, Granmèt la renmen sa k’ kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
Ofelen an ak vèv la, li soutni yo, men chemen moun peche yo, li gaye yo. Granmèt la ap kòmande kòm wa pou tout tan, Bondye ou la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
DEZYÈM LEKTI
"Èske Bondye pa chwazi pòv yo pou eritye peyi wa a?"
LEKTI LÈT APOT JAK KI SEN 2, 15
Frè m’ yo, pa mele lafwa Granmèt nou an Jezikri ki nan bèlte a avèk konsiderasyon moun. Paske, si nan reyinyon nou an gen yon moun ki antre avèk bag lò, rad pwòp, epi tou gen yon pòv ki antre avèk rad sal, nou vire je kot sa k’ abiye ak bèl rad la, epi nou di l’: "Ou menm, chita byen isit la"; kanta pou pòv la menm, nou di l’: "Ou menm, chita laba a oubyen chita sou macheskalye pye m’ yo"; èske nou pa jije nan kè nou, epi nou vin tounen jij ki gen panse mechan?
Koute, frè m’ yo mwen si tèlman renmen yo: Èske Bondye pa chwazi pòv yo sou tè sa a pou yo rich nan lafwa a epi pou yo eritye peyi wa a, sa Bondye pwomèt moun ki renmen l’ yo?
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Li fè moun soud yo tande, li fè baba yo pale".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN MAK 7, 31-37
Lè sa a:
Jezi sòti nan zòn Ti, li travèse Sidon, li rive jous nan lanmè Lagalile a, nan mitan zòn Dekapòl la.
Yo mennen yon moun soud ba li, moun nan te baba tou, yo t’ap lapriyè l’ pou l’ poze men sou li. Li pran l’ apa sot nan foul la, li mèt dwèt li nan zorèy li, li krache, li touche lang li; li leve je nan syèl la, li pouse yon ti souf, li di l’: "Efeta", sa vle di "Louvri". Menm lè a zorèy li louvri, kòd lang li lage, li t’ap pale kòrèk.
Li pase yo lòd pou yo pa di pèsonn sa. Men plis li t’ap pase lòd, se plis yo t’ap preche sa.
Moun yo te sezi anpil, yo t’ap di: "Li fè tout bagay byen: li fè moun soud yo tande, li fè baba yo pale".
REFLEKSYON: Premye moso Labib jodi a fè nou konprann ke tout moun se moun pou Bondye. Bondye pa dakò enjistis. Bondye pa dakò inegalite. Lè gen moun k’ap soufri, Bondye aji nan lavi yo pou fè yo jwenn sa yo bezwen.
Nan dezyèm moso Labib la, Sen Jak mande pou nou viv daprè prensip nou antan ke moun k’ap swiv Bondye sa a. Pafwa, menm anndan Legliz la, pandan n’ap preche pawòl Bondye ki renmen tout moun menm jan, pandan n’ap fè lwanj pou Jezi ki te pote bay malere yo Bòn Nouvèl la, la menm, nou konn ap meprize moun ki pa gen bèl rad sou yo. Sa se ipokrizi.
Nan Levanjil la, Jezi geri yon moun ki te soud ak baba. Se yon moun ki te izole, ki pa t’ ka kominike. Kounye a li ka patisipe nan aktivite kominote a. Li ka tande Bòn Nouvèl la, li ka eksprime jan Bondye bon.
Moun yo te konn kite l’ deyò a, moun yo pa t’okipe a, kounye a se li menm ki pi gwo temwen Jezikri, poutèt jan Jezi te aji nan lavi li. Se sa siy Jezi bay la. Se sa k’ te fè tout moun sezi, paske yo wè siy sa yo t’ap tann nan te gen tan rive ak Jezi.
E nou menm, kijan n’ap fè entegre moun ki pa gen yon vwa nan sosyete a?  Depi se Jezi n’ap swiv, fò n’ dakò pou n’ akeyi tout moun nan kominote nou an, san nou pa gade si yo rich, si yo pòv.
Ki siy, ki rezilta, n’ap bay onon Jezi? Lè se malere yo ki jwenn premye plas nan mitan nou, lè yo respekte dwa moun nan sosyete a, lè gason ak fanm gen yon relasyon egal ego, lè sa a, nou kapab di nou te jwenn sa nou t’ap tann nan. Lè sa a, nou kapab di n’ap preche Bòn Nouvèl Granmèt nou an.
LAPRIYÈ: Granmèt, pafwa m’ konn soud. Fè m’ koute rèl moun k’ap soufri!  Pafwa m’ konn baba tou.  Fè m’ kapab anonse Bòn Nouvèl ou a pou tout moun k’ap tann li!  Amèn.

PWOPOZISYON: Lè m’ al Legliz jodi a, m’ap fè yon jefò pou m salye yon moun ki sanble lòt moun yo pa okipe l’. M’ap akeyi l’ onon Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario