Páginas

LENDI 7

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Mwen vin tounen sèvitè legliz la pou m’ reyalize mèvèy sakre a ki kache depi syèk tan yo”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU KOLOSYEN YO 1, 24-2, 3
Frè m’ yo:
Koulye a mwen kontan nan soufrans m’ap soufri pou nou yo, m’ap konplete sa k’ manke nan soufrans Jezikri nan chè mwen, pou kò l’ ki se legliz la; se sèvitè legliz sa a mwen vin tounen, daprè sèvis Bondye ban mwen pou m’ fè nan nou an, pou m’ reyalize pawòl Bondye a.
Mèvèy sakre a, ki te kache depi syèk tan yo ak jenerasyon yo, koulye a li devwale nan sen l’ yo. Bondye te vle montre sen yo richès bèlte sekrè sa a nan nasyon yo; sèkrè sa a se Jezikri, espwa bèlte a nan nou; nou anonse li antan n’ap reprann tout moun, antan n’ap bay tout moun lansèyman nan tout kalite sajès, dekwa pou nou prezante tout moun kòrèk nèt nan Jezikri; se pou li m’ap travay, m’ap batay daprè aktivite l’ k’ap aji nan mwen nan pouvwa a.
Reyèlman vre, mwen vle nou konnen ki kalite kalkilasyon mwen gen pou nou ak pou sila yo ki Laodise a, ni tout moun ki pa t’ wè fas mwen nan chè a, pou kè yo jwenn konsolasyon, antan yo jwenn lansèyman nan charite ak nan tout kalite richès ki plen entelijans la; konsa n’a konnen mèvèy sakre Bondye Papa a ak Jezikri, kote tout trezò sajès ak syans la kache.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 61, 6-7. 9
R/ Nan Bondye delivrans mwen ak bèlte m’.
Nan Bondye sèlman pou ou poze, nanm mwen; paske se nan li pasyans mwen sòti.
Reyèlman vre se li menm ki Bondye m’ ak delivrans mwen, sekou m’, mwen p’ap souke.R.
Espere nan li, tout fanmi pèp la, vide kè nou devan li; Bondye se kachèt pou nou.R.
LEVANJIL
“Yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 6, 6-11
Rive yon jou saba, li te antre nan yon kay reyinyon, li t’ap bay lansèyman. Te gen yon moun la, men dwat li te sèk.
Pwofesè yo ak farizyen yo t’ap obsève si l’ t’ap geri moun jou saba a, pou yo te jwenn dekwa akize l’.
Li menm menm li te konnen panse yo, li di moun nan ki te gen men l’ sèk la: “Leve, kanpe nan mitan”. Li leve, li kanpe.
Jezi di yo: “M’ap poze nou kesyon: èske jou saba yo gen dwa fè dibyen, oubyen dimal; sove yon lavi, oubyen pèdi l’?”
Li gade tout moun alantou, li di moun nan: “Lonje men ou”. Li lonje l’, men l’ vin enganm. Yo menm yo te plen raj, yo fè konplo antre yo pou yo wè sa pou yo fè ak Jezi.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Sen Pòl anseye avèk atitid e ekzanp li, ke kretyen an kapab e dwe imite Kris la menm nan soufrans: “Koulye a mwen kontan nan soufrans m’ap soufri pou nou yo, m’ap konplete sa k’ manke nan soufrans Jezikri nan chè mwen, pou kò l’, ki se Legliz la”. Kris la te deja ekzije a moun pa li yo, pou yo fè sakrifis, pou yo antre nan Wayòm syèl la: si yon moun vle suiv mwen se pou li chaje kwa li chak jou.
Alò fidèl a Jezi ekzije sakrifis. Se pou nou antre nan pot etwat la; paske gran pot la ki laj anpil e ke tout moun kapab antre san pwoblèm nan, pa mennen lòt kote ke nan pèdisyon, e se anpil moun ki antre nan pot sa. Youn nan konfli ki te genyen ant Jezi ak pwofesè lalwa yo avèk farizyen yo, se te pozisyon li fas a lwa sabatik la.
Levanjil jodi a montre nou yon ekzanp ke Jezi viv plizyè fwa. Yon mesye avèk men dwat li paralize, e ki t’ap suiv ansèyman Jezi nan sinagòg la, e Jezi te geri li. Jiske la pa t’ gen pwoblèm paske konfli sa pa t’ devwale. Entansyon doktè lalwa yo avèk farizyen yo te diferan de entansyon Jezi. Pou farizyen yo avèk doktè yo, geri yon moun ki malad jou samdi, se te yon gwo peche paske se te kont lalwa repo a. Pou Jezi, repo jou samdi a relatif; sa vle di, tou depan de sitiyasyon ki prezante a, li kapab obsève, konsa li kapab pa obsève li. Si se pou sove lavi moun, pa gen pwoblèm pou l’ pase sou lalwa sabatik la.
Levanjil Sen Lik ap fè nou wè ke rezon ki fè gen plis konfli ant Jezi e doktè lalwa yo avèk farizyen yo, se paske li te mete diyite ke moun genyen pi wo pase nenpòt ki lwa ki ekziste. E yo menm, yo pa t’ renmen sa. Paske pou yo, sa ki te pi enpòtan, se te obsève lalwa e se sa ki t’ap sove yo. Alò, pou yo, di mil moun te mèt mouri, te mèt gen pwoblèm. Sa pa regade yo; depi yo obsève lalwa a, yo bon nèt. Konsa, nan sosyete kote n’ap viv, genyen farizyen ak doktè lalwa ki ekziste nan fason y’ap viv.
E tankou mesye ki te paralize a, nou konn paralize tou sitou lè nou pa konnen ki kote vrè kè kontan nou ye, lè nou pa idantifye ki kote n’ap jwenn vrè delivrans la; nou konn paralize lè nou fè Legliz Jezikri a tounen yon relijyon kote se ipokrizi, enterè, egoyis k’ap mennen. Lè nou pa vle renmen frè ak sè nou yo jan Bondye mande nou, nou pa obsève kòmandman Granmèt la nou konn paralize.
LAPRIYÈ: Granmèt ede nou pou nou kase tèt tounen vin jwenn ou, ou ki se sous liberasyon an, sous lavi a, pou nou kapab jwenn gerizon pou tout maladi ki fè nou paralize.

PWOPOZISYON: Ede yon moun ki nan difikilte pandan jounen an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario