Páginas

MADI 8

Koulè Blan oubyen Ble
NESANS MARI KI SEN, KI VYÈJ
Fèt
PREMYE MOSO LABIB
“Lè pou l’anfante a rive”
NAN LIV PWOFÈT MICHE 5, 2-5a
Men pawòl Granmèt la:
“Kanta ou menm, Bètleyèm Efrata, ou tou piti nan lame Jida yo; se nan ou l’ap soti pou mwen, sa a k’ap chèf nan Izrayèl la. Ras papa li soti depi nan kòmansman, depi nan jou lontan nèt yo. Se pou sa l’ap lage yo jous nan tan an pou sa a ki gen pou l’ anfante a ap fè pitit la, epi rès frè l’ yo ap tounen vin jwenn Izrayèl.
L’ap kanpe, l’ap gadiyen mouton yo avèk fòs Granmèt la, avèk glwa non Granmèt Bondye l’ la; y’ap tounen, paske koulye a l’ap jwenn gran konsiderasyon jous nan bout tè a. Li menm l’ap lapè a”.
Pawòl Granmèt la.
OUBYEN:
“Sa yo Bondye chwazi davans yo, li pare plas pou yo davans tou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN YO 8, 28-30
Frè m’ yo:
Nou konnen pou moun ki renmen Bondye, tout bagay sèvi pou byen yo, yo menm li rele pou yo vin sen, daprè desizyon li pran davans. Reyèlman, sa yo li konnen depi davans pou moun pa l’ yo, depi davans tou li pare yo pou yo vin pran menm fòm ak pòtre Pitit li a, pou li menm li vin tounen premye pitit nan pami tout foul frè yo. Sa yo li fin pare davans la, li rele yo tou; sa yo li rele a, li fè yo vin sen tou; sa yo li fè vin sen an, li ba yo glwa a tou.
SÒM REPONS 12, 6ab.6cd
R/ Se pa ti kras kontan mwen kontan nan Granmèt la.
Kanta mwen menm se nan mizerikòd ou a mwen espere. Kè m’ ap danse nan delivrans ou a.R.
M’ap chante pou Granmèt la, li fè m’ jwenn byen yo, m’ap jwe mizik pou non Granmèt la ki anwo nèt la.R.
LEVANJIL
“Sa a ki pran nesans nan li a, se nan Lespri a li soti”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI DAPRÈ MATYE KI SEN 1,1-16. 18-23
Liv ras [anfantman] Jezikri, pitit David, pitit Abraam.
Abraam anfante Izaak, Izaak menm anfante Jakòb, Jakòb menm anfante Jida ak frè l’ yo. Jida anfante Farès ak Zara sot nan Tamar, Farès anfante Eswòn, Eswòn anfante Aram, Aram anfante Aminadad.Aminadad anfante Naasòn, Naasòn anfante Salmòn, Salmòn anfanté Boòz sot nan Raab, Boòz anfante Obèd sot nan Rut, Obèd anfante Jese, Jese anfante wa David.
Wa David anfante Salomon sot nan sa a ki te madanm Iri a, Salomon anfante Roboam, Roboam anfante Abya, Abya anfante Asa, Asa anfante Jozafat. Jozafat anfante Joram, Joram anfante Ozyas, Ozyas anfante Joatam, Joatam anfante Akaz, Akaz anfante Ezekyas, Ezekyas anfante Manase. Manase anfante Amon, Amon anfante Jozyas, Jozyas anfante Jekonyas ak frè l’ yo, lè ekzil Babilòn nan.
Aprè ekzil Babilòn nan, Jekonyas anfante Salatyèl, Salatyèl anfante Zowobabèl, Zowobabèl anfante Abioud, Abioud anfante Elyakim, Elyakim anfante Azòr, Azòr anfante Sadòk, Sadòk anfante Akim, Akim anfante Elioud, Elioud anfante Eleazar, Eleazar anfante Matan, Matan anfante Jakòb. Jakòb menm anfante Jozèf, ki te marye ak Mari; se nan Mari sa a menm Jezi pran nesans, li menm yo rele Kris la.
Kanta Jezikri menm, men ki jan li te fèt: Mari, manman l’ te marye ak Jozèf; anvan yo vin abite ansanm, rive li vin ansent gras a Lespri Sen an; Jozèf menm, mari l’ la, kòm se te yon moun kòrèk, li pa t’ vle denonse l’, li deside ranvwaye l’ an sekrè.
Pandan li t’ap kalkilé sou sa, zanj Granmèt la parèt nan rèv, li di l’: “Jozèf, pitit David, pa pè resevwa Mari, madanm ou an: sèke sa a ki pran nesans nan li a, se nan Lespri Sen an li sòti. L’ap anfante yon ti gason, w’ap rele non l’ Jezi; paske se li menm k’ap sovè pèp li a sot nan peche l’ yo”. Tout sa rive, pou reyalize sa Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la: “Men Vyèj la ap ansent, l’ap anfante yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, sa vle di “Bondye avèk nou” ”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi samdi a, ki se jou Lavyèj Mari, n’ap selebre Nesans Mari ki Sen e ki Vyèj. Nòmalman nou konnen se 8 septanm ki fèt Nesans Lavyèj, men puiske se dimanche li tonbe ane sa, e se youn nan gwo fèt Legliz la, alò, Legliz la pase li jodi a, paske okenn fèt pa gen priyorite sou jou dimanch.
Jodi a Legliz la envite nou selebre nan kè kontan Nativite Lavyèj Mari. Se yon okazyon pou nou medite sou enpòtans Mari genyen nan istwa delivrans la. Paran Mari, se te Án ak Jwachen. De moun sa yo te gen difikilte pou yo anfante, alafen Bondye koute priyè yo, e li ba yo Mari; konsa yo te konsakre li bay Granmèt la.
Fèt maryal sa antre nan litiji womèn nan nan finisman VII èm syèk, lè Pap Serge I, ki te yon pap Oryantal, t’ap mennen bak Legliz. Kretyen yo fete ak kè kontan Nesans Mari menm jan nou fete Jan Batis. Tou lède fèt sa yo anonse delivrans la (Sovè a ki gen pou l’fèt). Se Legliz Jerizalèm ki te premye onore souvni nativite manman Bondye nan yon fèt ki selebre nan vil Wòm. E Wòm te adopte li asireman nan fen VII èm syèk kote pap Serge I (687-701) dedye Legliz sa ki konstwi sou ranplasman kote kay Sent Án te ye. Li te epapiye byen vit nan tout Oksidan, presizeman nan peyi Lafrans. Nan XI èm syèk sen Fulbert te kontribiye pou fè plis moun konnen fèt sa.
Nesans Mari ap fè nou sonje ke nou tout resevwa apèl pou nou akeyi Jezikri, pou li kapab vin fèt nan mitan nou, e nan fèt l’ap fèt nan nou, l’ap fè nou fèt nan vrè lavi a, lavi ki anwo a, lavi ki nan Lespri a, lavi n’ap viv kòm pitit ke papa a renmen anpil yo. Nan levanjil la, vizaj Jozèf kapab eklere nou nan sans sa. Tankou li menm, an nou akeyi Kris la, pandan ke n’ap pran Mari lakay nou. Si « wi » Mari a te endispansab pou Pitit Bondye a te tounen moun, « wi » Jozèf la te endispansab tou pou li kapab tounen « Mesi » ki sòti nan desandans David e ki vin akonpli pwomès Bondye te fè a. Nou menm kounye a,  ann mele wi nou an avèk pa Jozèf la pou nou akeyi Mari nan istwa lavi nou e avèk Mari, Sovè ke li pote nan vant li an, fè tout moun rive jwenn delivrans Granmèt la.
LAPRIYÈ : Granmèt, tanpri, bay sèvitè w’ yo sekou gras syèl la, pou sa yo ki jwenn kòmansman delivrans a lè Mari ki sen e ki Vyèj te vin manman an, yo rive jwenn plis lapè nan fèt Nesans li a.  Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : M’ap rekonèt enpòtans Mari genyen nan istwa delivrans lan. M’ap resite yon dizèn chaplè jodi a.

No hay comentarios:

Publicar un comentario