Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Nan esklavaj nou an,
Bondye pa t’ lage nou”.
NAN LIV ESDRAS 9, 5-9
Mwen menm, Esdras, nan sakrifis aswè a, mwen leve
sot nan soufrans mwen an, mwen chire manto m’ ak chemiz mwen, mwen met jenou m’
atè, mwen leve men m’ kot Granmèt Bondye mwen, mwen di:
“Bondye m’, mwen wont, mwen jennen pou m’ leve fas
mwen kote ou, paske peche nou yo vin anpil sou tèt nou, fot nou yo devlope jous
nan syèl la, depi sou jou zansèt nou yo. Men nou menm tou nou fè peche ki lou
jous nan jou jodi a; pou peche nou yo yo lage nou, ni nou menm ni wa nou yo ni
prèt nou yo, nan men wa yo sou tè a, nan epe, nan ekzil, nan piyay, ak nan
lawont figi, tankou jodi a menm.
Koulye a, tankou yon ti kras pou yon ti moman,
lapriyè nou rive kot Granmèt Bondye nou an, pou yo lage rès nou yo, pou yo ba
nou yon ti pikèt joupa nan kote l’ ki sen an, pou Bondye nou an klere je nou,
pou l’ ba nou yon ti lavi nan esklavaj nou an.
Sèke nou se esklav, men nan esklavaj nou an Bondye
nou an pa t’ lage nou; okontrè li fè nou jwenn kè sansib devan wa Pès yo, pou
l’ ba nou lavi, pou l’ fè kay Bondye nou an vin bèl, pou l’ drese miray li yo
ki te kraze yo, pou l’ ba nou yon lantouraj nan Jida ak Jerizalèm”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Tob 13, 2. 4. 6. 7. 8
R/ Granmèt, ou gran, pou
tout tan.
Sèke se ou menm ki pini, ki sove, ki kondui anba tè, ki ramne, pèsonn pa
chape nan men ou.R.
Sèke li te gaye nou nan pami nasyon yo, ki pa rekonèt li yo, pou nou te
kapab rakonte mèvèy li yo, pou nou te kapab fè konnen yo, paske pa gen okenn
Bondye ki gen tout pouvwa sof li menm.R.
Konsidere sa l’ fè nou, avèk respè ak krent se pou nou fè lwanj pou li,
fè lwanj wa syèk tan yo nan aksyon nou yo.R.
Mwen menm nan tè kote m’ ekzile a, m’ap fè lwanj li, paske li montre
bèlte l’ nan yon nasyon ki nan peche.R.
Konsa se pou nou tounen, pechè yo, fè sa ki korèk devan Bondye, antan
nou kwè l’ap fè kè l’ sansib pou nou.R.
LEVANJIL
“Li voye yo preche rèy Bondye a, pou yo geri malad
yo”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 1-6
Lè sa a:
Jezi rele douz Apot yo, li ba yo fòs ak pouvwa
sou tout demon yo, epi pou yo geri maladi yo. Li voye yo preche rèy Bondye a,
epi geri malad yo.
Li di yo: “Pa pran anyen sou wout la, ni baton, ni sak, ni pen, ni
lajan, pa gen de chemiz. Nan nenpòt ki kay nou antre, rete la, epi se la pou
nou deplase al yon lòt kote. Moun ki pa resevwa nou, sòti nan lavil la, menm
pousyè pye nou, souke l’ kòm temwayaj kont yo”. Yo pati, yo fè tout tou a, nan
bouk yo, y’ap preche levanjil la, y’ap fè gerizon tout kote.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Nan premye Lekti a, Esdras eksprime tout santiman
ki nan kè li kòm yon gwo lapriyè bay Bondye. Pawòl li yo sanble plen ak sajès,
regrè ak rekonesans: “Bondye m’, mwen wont, mwen jennen pou m’ leve fas mwen
kote ou, paske peche nou yo vin anpil sou tèt nou, fot nou yo devlope jous nan
syèl la, depi sou jou zansèt nou yo. Men nou menm tou nou fè peche ki lou jous
nan jou jodi a…”
Nou dwe reveye nou pou nou fè lapè ak Bondye. Lè nou pran inisyativ sa, ebyen
nou deja di non ak satan, nou di non ak sa l’ap pwopoze nou e nou deja siyen
pou gouvènman Bondye a. Apot Pòl di nou kote peche ap miltipliye, se la sous
lagras Bondye jayi ak plis fòs; men èske sa vle di pou nou chwazi kontinye
benyen nan peche a? Non. Lè nou santi nou lèd, lè nou santi nou jennen ak
Bopndye, lè nou santi nou wont devan li, lè sa fòk nou pran desizyon pou nou
mete jenou nou atè, pou nou lapriyè pou Bondye kapab montre nou mizerikòd li.
Gen yon tewolojyen ki te di, lè nou ajenou devan Bondye se lè sa a nou
gran.
Kidonk, lè nou fè nou tou piti devan Bondye, lè sa Bondye li menm li
leve nou, li ba nou lebra, li soutni nou, li divinize nou, li mete nou byen wo.
Levanjil jodi a kapab ede nou konprann sa byen: Jezi rele douz mesye li te
chwazi pou mache ak li yo. Puiske li te gen tan ba yo tout lansyèman, tout
fòmasyon ki nesesè, kounye a li konvoke yo, li fè yon ti reyinyon ak yo, li
voye yo nan misyon e li ba yo kèk enstriksyon sou fason yo dwe reyalize misyon
sa. Antan li ba yo fòs ak pouvwa pou domine tout demon yo, li voye yo al fè de
(2) bagay: preche rèy Bondye a epi geri malad yo. Sa se yon bagay ekstrawòdinè!
Jezi delege pwòp pouvwa li bay disip yo, li voye yo al fè sa li menm li konn
fè.
Nou menm tou, se chak jou Jezi ap rele nou pou nou tounen disip misyonè,
pou nou al fè mirak, leve mò yo, preche rèy Bondye, geri malad, chase demon.
Deja depi nan batèm nou nou te resevwa bèl misyon sa a; nou kominye nan
sakreman kò ak san Jezi, pou nou kapab tounen sa li menm li ye a, pou nou kapab
fè yon sèl ak li, pou nou ka pran fòs nan li pou nou reyalize misyon an.
Men, lè nou konfime nan lafwa, lè nou resevwa sakreman Konfimasyon an,
se lè sa nou resevwa an plenitid fòs ak kado Lespri Bondye a, pou nou ale
toupatou al fè patizan pou Granmèt la; se lè sa nou vin tounen tout bon vre temwen
Jezikri, temwen Legliz la, kretyen granmoun nan lafwa. Jodi a apot yo pa la,
misyon an se nan men nou li ye, travay liberasyon tè a, se nan men nou tout ki
batize Jezi kite li. Se pou nou branche nou nan Bondye pou nou ka gen laviktwa
sou tout fòs mal yo, pou misyon nou kapab pote siksè. Amèn Alelouya!
LAPRIYÈ: Granmèt mwen di w’ mèsi paske ou chwazi mwen kòm
asosye ou na travay liberasyon tè a, malgre mwen pa mweri; tanpri toujou ban
mwen fòs ak kouraj ou pou mwen kapab fè sa ou vle san mwen pa gade dèyè.
PWOPOZISYON: Vizite yon moun ki malad oubyen moun ki nan
prizon, lapriyè ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario