Koulè Ble (ou Blan)
Notredam Mèsedès,
Patwòn Repiblik
Dominikèn
(Gran Fèt)
PREMYE
LEKTI
NAN LIV
PWOFET JEREMI 30,8-11ª
Granmèt ki gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze
jouk bèf ki dèyè kou yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav
moun lòt nasyon ankò.
Se mwen menm, Granmèt la, Bondye yo a, y'a sèvi ansanm ak yon pitit
David m'a mete wa sou yo.
Nou pa bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen
tranble, nou menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo.
M'ap vin sove pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an.N'ap tounen lakay
nou pou nou viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Granmèt la menm ki di sa. M'ap disparèt tout nasyon kote mwen te gaye
nou yo.Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou pini se pou m' pini nou, jan sa
dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 125. 1-2ab. 2cd-3. 4-5. 6 (r. : 3)
R/ Granmèt la fè mèvèy
pou nou; nou vin gen kè kontan.
Lè Granmèt la t’ap fè prizonye Siyon yo tounen, nou te tankou moun ki
nan rèv,
Lè sa a bouch nou vin plen ak kontantman, lang nou
ak chante fèt.R.
Le sa a yo t’ap di nan pami nasyon yo:
"Granmèt la fè mèvèy avèk yo. Granmet la fè mèvèy avèk nou: nou vin
gen kè kontan.R.
Granmèt, fè prizonye nou yo tounen, tankou ravin nan Sid yo.
Moun k’ap simen ak dlo nan je, y’ap rekelte ak chante fèt, antan y’ap
pote zepi yo.R.
Yo t’a prale antan y’ap priye, yo t’ap pote semans pou yo simen an; y’ap
tounen ak chante fèt, antan y’ap pote zepi yo.R.
DEZYÈM
LEKTI
NAN LÈT
APOT PÒL POU GALAT YO 5, 1-2,13-25
Se pou n' te ka lib tout bon kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa,
ann rete fèm nan libète sa a. Veye kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.
Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi
nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.
Kanta nou menm, frè m' yo, Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète
nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi eskiz pou nou viv daprè ekzijans lachè.
Okontrè, se pou nou youn sèvi lòt nan renmen nou youn gen pou lòt.
Paske tout sa lalwa a mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou
ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
Men, si youn ap mòde lòt, youn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon
pou youn pa touye lòt tou!
Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou.
Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri
Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a.
Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se sa k’ fè nou pa kapab fè sa nou vle.
Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Se fasil pou nou wè sa egzijans kò a fè moun
fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se youn fè lòt
lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se youn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo
pil.Youn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt bagay ankò
y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun ki fè tout
bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè
poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak
dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak
tout lanvi li yo. Se Lespri Bondye a ki ban nou lavi, se pou n' kite li dirije
lavi nou nan tout bagay.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
Sa a Jezi fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan
Kana Lagalile".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN JAN 2, 1-12
Lè sa a:
Te gen nòs nan Kana Lagalile, manman Jezi te la. Yo te envite Jezi tou
nan nòs la, ansanm ak patizan l’ yo. Diven vin manke, manman Jezi di l’:
"Yo pa gen diven". Jezi di l’: "Sa sa ye pou mwen menm ak ou
menm, madanm? Lè m’ pa ko rive". Manman l’ di sèvitè yo: "Nenpòt sa
l’ di nou, se pou nou fè l’".
Te gen sis ja yo te fouye nan wòch, pou Juif yo pwòpte kò yo, yo chak te
kapab kenbe de oubyen twa mezi. Jezi di yo: "Plen ja yo dlo". Yo plen
yo jous nan bouch. Jezi di yo: "Tire koulye a, pote bay chèf kanbiz
la". Yo pote.
Lè chèf kanbiz la goute dlo a ki te vin tounen diven an (li pa t’ konnen
kote l’ sòti, sèvitè yo menm te konnen, yo menm ki te tire dlo a), chèf kanbiz
la rele mesye marye a, li di l’: "Tout moun kòmanse mete bon diven, epi lè
moun yo sou, yo mete pi move kalite a; ou menm menm ou konsève bon diven an
jous koulye a".
Sa a, Jezi fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan Kana Lagalile, li montre
bèlte l’, patizan l’ yo kwè nan li. Aprè sa li desann Kafanawòm, ni li ni
manman l’, ni frè l’ yo ni patizan l’ yo, yo rete la kèk jou.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Selon Kalandriye Legliz Repiblik Dominikèn, se fèt
Notredam Mèsedès. Se yon lòt non Manman Mari genyen, e se ak non sa yo rekonèt
li kòm Patwòn Repiblik Dominikèn. Depi lè Kristòf Kolon te dekouvri zile a nan
lane 1492, anpil moun te deja montre atachman yo ak vyèj la. Non Mèsedès la, yo te bay manman Lavyèj li, depi lè yo te fonde lòd
relijyez mèsedaryo nan dat 10 dawou 1218, nan Baselòn, nan peyi Lespay. Sen Pyè Nolasko te fonde yon lòd ke li te
dedye ak Mèsedès (travay mizerikòk). Misyon li te patikilye lòd sa a, se
mizerikòd anvè kretyen ki prizonye nan men mizilman yo. Anpil moun nan lòd sa a
te bay lavi yo pou prizonye ak esklav. Wa Jaime I te bay lòd sa gwo sipò. San
Pyè Nolasko ak frè li yo te gen anpil devosyon pou Lavyèj Mari, antan yo te
pran li pou patwòn yo ak gid yo. Yo te vle tounen chevalye Lavyèj Mari nan
sèvis travay liberasyon an. Se pou sa yo onore li tankou Manman Mèsedès oubyen
Lavyèj Delivrans la. Nan lane 1406, Pè
Antonio Quexal, antan ke jeneral lòd la, te di: «Mari se baza k tèt lòd nou
an».
Nan dat 8 septanm 1615, te gen yon gwo tranblemantè ki te sakaj zile a e
sa te trè afekte Sen Domeng. Lè sa se te nan epòk kote Don Dyego Gomès de
Sandoval t’ap gouvènen. Se konsa, konsa gouvènman an te deklare Lavyèj Mèsedès
«Patwòn Ispanyola», kidonk patwòn tout zile a. Yo te konn selebre gwo fèt Mèsedes la nan
dat 8 septanm, ki se dat tranblemantè a te pase a. Men nan lane 1740, yo te
deside chanje dat la pou selebre fèt sa 24 septanm.
Lè Sen Domeng te pran endepantans li nan lane 1844, yo te deklare Lavyèj
Mèsedès kòm Patwòn Repiblik Dominikèn. Nou kapab ale nan kay prensipal kote yo
venere li, sou tèt yon ti mòn, ke yo rele «Santo Cerro», nan pye ti mòn sa nou
jwenn yon ansyen vil yo rele «Konsepsyon La Vega» (Ansyen La Vega).
Anplis ke li se Patwòn Repiblik Dominikèn, Lavyèj Mèsedès se patwòn
espirityèl plizyè vil nan peyi a, e akoz sa yo fete fèt patwonal yo 24 septanm
chak lane. Kèk nan vil sa yo, se Cabrerera, Constanza, Hato Mayor, Imbert,
Pimentel.
Mesaj nou dekouvri nan fèt jodi a, sèke Manman Mari se Manman Limanite,
chak pitit li gen yon fason yo relasyone ak li, yo ba li yon ti non ki montre
atachman ak rekonesans yo. Mari se Manman ki toujou kanpe ak nou, li toujou
prezan menm jan li te toujou prezan bò kote Jezi, Pitit ki fè nou vin tounen
pitit manman li a. Levanjil jodi a sifi pou fè nou konprann afeksyon ak
atansyon manman sa gen pou nou. Se yon manman k’ap fè ale-vini bò kote nou ak
bò kote Jezi. Li di Jezi "Yo pa gen diven"; aprè sa l’ di sèvitè yo:
"Nenpòt sa l’ di nou, se pou nou fè l’". Se nan kontèks sa Jezi te fè
premye mirak li, nan nòs yo te envite li Kana a. Avèk konkou entèsesyon Lavyèj
Mari, ke n’ap fete jodi a sou vokab Notre Dam Mèsedès, Jezi kapab fè mirak nan
lavi nou. Tou senpleman se pou nou fè sa li mande nou fè.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mèsi pou manman w’ ou ba nou kòm
manman, tanpri fè nou renmen li menm jan li renmen nou, fè nou renmen li menm
jan ak ou. Amèn
PWOPOZISYON: Pandan jounen sa a, m’ap pote tout pwoblèm mwen yo
nan lage nan wòb manman Mari, antan m’ap di li mèsi poutèt li toujou la pou
entèsede, pou pote mwen sekou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario