Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
"Yon ti moman ankò, m’ap plen kay sa a ak
bèlte".
LEKTI
LIV PWOFÈT AJE 2, lb-10
Nan dezyèm ane wa Dariyis, sou setyèm mwa a, venteyinyèm jou mwa a,
pawòl Granmèt la rive pa lantremiz pwofèt Aje, li di: "Pale ak Zorobabèl,
pitit Salatyèl, chèf Jida, ni ak Jezi, pitit Losedèk, prèt an chèf la, ni ak tout
rès pèp la, w’a di: « Kilès ki rete nan pami nou, ki te wè kay sa a nan bèlte
lontan l’ nan? Epi sa nou wè koulye a? Èske sa k’ la a koulye a se pa tankou si
se pa t’ anyen, devan je nou? Koulye a pran kouraj, Zorobabèl, deklarasyon
Granmèt la, pran kouraj, Jezi, pitit Losedèk, prèt an chèf, pran kouraj, tout
pèp tè a, deklarasyon Granmèt lame yo; reyalize (paske mwen avèk nou,
deklarasyon Granmèt lame yo), reyalize pawòl la mwen te angaje avèk nou an, lè
nou t’ap kite peyi Lejip la; lespri m’ ap nan mitan nou: pa pè».
Paske men pawòl Granmèt lame yo: «Yon ti moman ankò, m’ap souke syèl la
ak tè a ak lanmè a ak dezè a, m’ap souke tout nasyon yo; Sila a tout nasyon yo
ap tann nan, l’ap rive, m’ap plen kay sa a ak bèlte, deklarasyon Granmèt lame
yo. Lajan an se pou mwen, lò a se pou mwen, deklarasyon Granmèt lame yo. Bèlte
dènye kay sa a ap pi gran pase premye a, deklarasyon Granmèt lame yo, nan kote
sa a, m’ap bay lapè, deklarasyon Granmèt lame yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 42, 1. 2. 3. 4 (r.: cf 5bc)
R/ Espere nan Bondye;
m’ap fè lwanj li, delivrans fas mwen ak Bondye mwen.
Jije m’, Bondye, ekzamine kòz mwen sot nan men
nasyon ki pa sen; anba men moun mechan an k’ap bay manti a, sove m’.R.
Paske ou se Bondye kachèt mwen; pouki sa ou te
repouse m’ nan, pouki sa m’ap mache tou tris, pandan lènmi m’ ap fè m’ pase
tray? R.
Voye limyè ou ak verite ou; se yo menm k’ap kondui
m’, k’ap mennen m’ sou mòn ou a ki sen an, ak nan joupa ou la.R.
M’ap antre kot lotèl Bondye a, kot Bondye kè kontan
m’ ak fèt mwen an.
M’ap fè lwanj ou sou gita, Bondye, Bondye m’.R.
LEVANJIL
"Ou se Kris Bondye
a. Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 18-24
Lè sa a:
Jezi t’ap lapriyè pou kont li, disip yo te avèk li. Li poze yo kesyon,
li di: "Kilès foul yo di mwen ye?"
Yo reponn, yo di: "Jan Batis; dòt menm Eli; dòt ankò se youn nan
pwofèt lontan yo ki leve".
Men li di yo: "Nou menm menm kilès nou di mwen ye?"
Simon Pyè pran lapawòl, li di: "Kris Bondye a".
Jezi menm menase yo, li pase yo lòd sevè pou yo pa di pèsònn sa, li di:
"Sèke Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo rejte l’, ni
chèf prèt yo, ni pwofesè yo, l’ap mouri, men sou twazyèm jou a, l’ap leve
vivan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Pawòl Bondye pou jodi a envite nou reflechi sou
idantite ak pèsonalite Jezi. Nan sans sa a, nan levanjil jodi a, gen 2 kesyon
ke Mèt la poze tout moun. Premyè kesyon an mande yon repons statistik,
apwoksimatif: "Kilès foul yo di mwen ye?" (Lik 9,18). Li pouse nou
gade nan antouraj nou pou nou wè kòman lòt yo rezoud kesyon sa a: vwazen yo,
kòlèg travay yo, zanmi yo, fanmi yo. Nou gade nan antouraj nou e nou santi nou
plis responsab (sa depan de ka a) oubyen nou prèske bay menm repons a kesyon a
kèk nan kesyon ke sila yo ki an afè avèk nou fòmile. E repons la di nou anpil,
li enfòme nou, sou sa moun ki pwòch nou yo vle oubyen sa y’ap chache. Repons la
ede nou chache amoni, dekouvri sa nou gen an komen ak lòt la pou nou ka vanse
pou pi devan.
Gen yon dezyèm kesyon ki konsène nou menm menm:
«Nou menm menm kilès nou di mwen ye?» (Lik 9,20). Se yon kesyon fondamantal ki
frape pòt kay nou, ki rive jwenn nou chak: Yon adezyon oubyen yon rejè; yon
venerasyon oubyen yon endiferans; mache avèk Li e nan Li oubyen pwoche bò kote
li akoz yon senp atachman… Kesyon sa a delika, li se yon kesyon fondamantal
paske li touche nou pa anndan. Kisa bouch nou ak aksyon nou di? Èske nou vle viv nan fidelite ak sila ki se e ki bay lavi nou yon sans? Èske tout bon vre nou vle suiv li ak senserite sou chemen lavi a? Èske
nou dispoze suiv li Jerizalèm sou chemen lakwa a ak laglwa a?
«Se yon chemen lakwa ak rezireksyon. Lakwa a se leve Kris la anlè. Li menm menm Li te di sa: «Men mwen menm,
lè y'a leve m'anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen.»
Kidonk, lakwa a se laglwa ak ekzaltasyon Kris la» (Sen Andre de Krèt). Èske nou pare pou nou pran wout Jerizalèm nan ansanm ak Jezi. Sèlman
avèk li, nan li, pa vre?
LAPRIYÈ: Jezi, se avè w’ mwen vle mache nèt ale. Tanpri, ban m’ fòs pou m’ suiv ou
tout rès vi mwen.
PWOPOZISYON: Kilès Jezi ye pou mwen?
Èske se yon moun konsa konsa, oubyen èske se yon moun trè enpòtan pou mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario