Koulè Vèt
PREMYE
LEKTI
"Men m’ap vini, m’ap abite nan mitan
ou".
LEKTI
LIV PWOFÈT ZAKARI
2, 1-5. 10-lla
Mwen leve je m’, mwen wè; men yon mesye, nan men l’ se yon kòd pou
mezire, mwen di: "Ki kote w’a prale?" Li di m’: "M’a pral mezire
Jerizalèm epi m’a wè ki lajè l’, ak ki longè l’".
Men Mesaje a ki t’ap pale avèk mwen an vin ap sòti, yon lòt Mesaje
pwoche devan fas li, li di l’: "Kouri, pwoche pale ak ti gason sa a, w’a
di: «Y’ap abite Jerizalèm san li pa gen miray, poutèt kantite moun ak bèt ki
nan mitan l’»."M’ap yon miray dife pou li toutalantou l’, deklarasyon
Granmèt la, m’ap yon bèlte nan mitan l’".
"Fè lwanj, fè kè ou kontan, pitit fi Siyon, paske men m’ap vini,
m’ap abite nan mitan ou, deklarasyon Granmèt la. Anpil nasyon ap kole kò yo sou
Granmèt la jou sa a, y’ap pèp mwen, m’ap abite nan mitan ou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS Jer 31, 10. ll-12ab. 13 (r.: lOd)
R/ Se pou Granmèt la
veye sou nou tankou yon gadyen sou bann mouton l’.
Koute pawòl Granmèt la, nasyon yo, anonse l’ nan zile yo ki lwen yo, di
"Sila a ki te gaye Izrayèl la, l’ap rasanble l’, l’ap pwoteje l’, tankou
yon gadyen fè pou bann mouton l’".R.
Sèke Granmèt la delivre Jakòb, li sove l’ sot nan
men sa k’ pi fò a.
Y’ap vini, y’ap fè lwanj sou mòn Siyon, y’ap
rasanble vin nan richès Granmèt yo.R.
Lè sa a vyèj la ap fete nan dans, ni jèn jan yo, ni granmoun yo tou; m’ap
fè dèy yo a vin tounen kè kontan, m’ap konsole yo, m’ap fè kè yo kontan, nan
plas soufrans yo a.R.
LEVANJIL
"Pitit moun nan, yo gen pou yo renmèt li.
Yo te pè poze l’ kesyon sou pawòl sa a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 43b- 45
Lè sa a:
Tout moun te sezi poutèt tout bagay Jezi t’ap fè,
li di disip li yo: "Mete pawòl sa yo byen nan kè nou: «Pitit moun nan, yo
gen pou yo renmèt li nan men lèzòm».
Men yo menm yo pa t’ konprann pawòl sa a, li te ret vwale devan yo, pou
yo pa konprann li, epi yo te pè poze l’ kesyon sou pawòl sa a.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Frè ak sè m’ yo, pou n’ konpran byen lekti a ak
levanjil la, nou dwe medite sou kèk pasaj k’ap pèmèt nou wè klè. Si nou li e reli avèk atansyon premye lekti a n’ap wè ke yo pale de mezi. Mezi sa a y’ap
pale de li a, se yon imaj ki fè referans ak restorasyon Jerizalèm.
Tankou nou jwenn sa nan liv pwofèt Ekzekyèl 41,13, ki gen rapò ak
restorasyon tanp lan. Yon restorasyon k’ap reyalize totalman avèk sakrifis Jezi
sou bwa lakwa a. Se pou sa menm y’ap livre l’ pou l’ mouri. Se dènye sakrifis
sa a ki restore tout bagay. Paske se li menm ki lave tout pitit Bondye yo
konplètman anba salte peche a.
LAPRIYÈ: Jezi, tanpri gen pitye pou mwen.Paske mwen se pechè.
PWOPOZISYON: Si mwen te fè yon moun ditò, m’ap chache
rekonsilye ak li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario