Páginas

JEDI 19

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"N’ap obeyi lalwa papa nou yo"
LEKTI PREMYE LIV MAKABE YO 2, 15-29
Jou sa yo:
Moun yo wa Antyokis te voye yo, yo rive, pou yo fòse sa yo ki kache nan vil Modi n’ nan, pou yo ofri sakrifis, pou yo boule lansan, pou yo abandone lalwa Bondye a; anpil nan pèp Izrayèl la dakò, yo monte al jwenn yo, men Matatyas ak pitit li yo kanpe fèm.
Sa yo Antyokis te voye yo, yo pran lapawòl, yo di Matatyas: "Ou se yon chèf, yon moun ki gen ran siperyè, ki gran nan vil sa a, ou gen anpil pitit ak frè; konsa, monte an premye epi fè sa wa a kòmande a, jan tout nasyon yo te fè yo ak moun Jida yo, ak sa k’ rete nan Jerizalèm; epi ni ou menm ni pitit ou yo n’ap nan pami zanmi wa a, w’ap plen ak lò ak lajan ak anpil kado".
Matatyas reponn, li di byen fò: "Menm si tout nasyon yo ta obeyi wa Antyokis, pou chak moun abandone obligasyon lalwa papa yo, pou l’ dakò ak lòd li yo, mwen menm ak pitit mwen yo ak frè m’ yo, n’ap obeyi lalwa papa nou yo. Bondye ap pran pitye pou nou, nou pa gen avantaj pou nou kite lalwa ak desizyon Bondye yo: nou p’ap koute pawòl wa Antyokis, ni nou p’ap ofri sakrifis, antan nou ta derespekte kòmandman lalwa nou an, pou nou ale nan yon lòt chemen".
Kon l’ fin di pawòl sa yo, gen yon Juif ki monte devan je tout moun pou l’ ofri sakrifis zidòl sou lotèl la nan lavil Modin nan, daprè lòd wa a. Matatyas wè sa, li pran lapenn, ren l’ tranble, kòlè l’ flanbe daprè jijman lalwa a, li fonse, li touye l’ sou lotèl la. Ni mesye a tou, sa wa Antyokis te voye a, ki t’ap fòse l’ pou l’ ofri sakrifis la, li touye l’ menm lè a, li detwi lotèl la, li pran defans lalwa a, tankou Fineyès te fè Zamri, pitit Salomi an.
Matatyas rele byen fò, nan vil la, li di: "Tout moun ki cho pou lalwa a, ki kenbe alyans la, se pou l’ sòti aprè m’". Li voye kò l’ ak pitit li yo nan mòn yo, yo kite tout bagay yo te genyen nan vil la.
Lè sa a atò anpil moun desann antan y’ap chèche jijman ak jistis nan dezè a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 49, 1-2. 5-6. 14-15 (r.: 23b)
R/ Moun ki san tach nan chemen an, m’ap montre l’ delivrans Bondye a.
Bondye dye yo, Granmèt la pale, li rele tè a depi olevan jous okouchan.
Depi Siyon Granmèt la klere avèk bèl dekorasyon.R.

"Rasanble sen m’ yo ban mwen,
Yo menm ki te pase alyans mwen an nan sakrifis la".
Syèl yo ap anonse jistis li, paske Bondye se yon jij.R.

"Sakrifye sakrifis lwanj pou Bondye,
Renmèt Sa a ki anwo nèt la sa ou te pwomèt yo;
Rele m’ nan jou tray la,
M’ap delivre ou, w’a fè m’ jwenn konsiderasyon".R.
LEVANJIL
"Si ou te rekonèt sa k’ap ba ou lapè a".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 41-44
Pandan Jezi ap pwoche Jerizalèm, li wè vil la, li kriye sou li, li di: "Si ou te konnen ou menm tou, epi Jodi a menm, sa k’ap ba ou lapè! Men koulye a li kache pou je ou.
Sèke gen jou k’ap rive sou ou, ènmi ou yo ap antoure ou ak kannal yo fouye, y’ap sènen ou, y’ap fèmen ou tout kote, y’ap jete ou atè ni ou menm ni pitit ou yo ki anndan ou yo, yo p’ap kite wòch sou wòch nan ou; paske ou pa t’ rekonèt moman ou te resevwa vizit la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, premye lekti jodi a rakonte nou kòmansman rebelyon Makabe yo, ki se yon pati nan istwa pèp Bondye a. Se bagay ki te pase ant lane 170 ak 130 avan nesans Jezi. Wa Antyokis Epifán, Pitit Antyokis, desandan wa yo ki te eritye pati Lejip ak Palestin nan, epi Aleksann Legran, nèg Masedwán nan. Antyokis te bay lòd pou tout pèp ki nan tèritwa wayòm nan sèvi zidòl li yo. Anpil moun nan pèp Izrayèl la te deside vire do bay kòmandman Bondye yo. Wa a voye mesaje l’ nan lavil Modin pou konvenk Matatyas abondone lalwa zansèt li.
«Menm si tout nasyon yo ta obeyi wa Antyokis, pou chak moun abandone obligasyon lalwa papa yo, pou l’ dakò ak lòd li yo, mwen menm ak pitit mwen yo ak frè m’ yo, n’ap obeyi lalwa papa nou yo. Bondye ap pran pitye pou nou».  Deklarasyon sa make rebelyon Matatyas avèk pitit li yo kont relijyon ak gouvènman payen yo te vin plante an Izrayèl. Matatyas se papa Jida Makabe, moun liv sa pote non l’ nan.  Nèg sa te refize kite lalwa Granmèt la pou l’ swiv ‘dye’ payen yo, li prefere pati ak fanmi l’ nan mòn yo.
Lanmou Bondye chofe kè Matatyas, li ba l’ kouraj rete fidèl nan sèvis li, li pa t’ prefere onè ak byen wa a  t’ap ofri l’ yo.
Nan premye syèk yo aprè Jezi, Legliz la soufri anpil pèsekisyon, anpil kretyen pèdi lavi yo, anpil chape kite lakay yo pou sove lavi yo ak lavi fanmi yo. Jounen jodi a pèsekisyon kont kretyen yo poko fini, gen anpil kote sou tè y’ap touye moun ki konfese non Jezi kòm Mesi a.
Nan levanjil la, Jezi kriye sou lavil Jerizalèm, li pran anpil lapèn pou li e li anonse destwiksyon l’ paske li pa t’ rekonèt Sovè a. Nan menm kontèks sa a tou, evénman yo pral chanje: Jezi nan somè misyon li, lanmò li pwòch; men sa pa fè l’ febli, touswit aprè li pral’ chase machan yo nan tanp la, paske li jalou pou kay Yave a. Li gen chalè pou Rèy Bondye vin tabli nan mitan pèp li a, nan mitan tout nasyon yo. Se menm chalè sa a ki dwe anime tout kretyen.
LAPRIYÈ: Mèsi Bondye pou revelasyon pawòl ou a. Tanpri, aprann mwen fè volonte w’ chak jou nan lavi mwen. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Mwen p’ap wont di m’ se kretyen; mwen p’ap pè di mwen se katolik. M’ap angaje m’ jodi a pou m’ sèvi Verite a temwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario