Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Yo
batize lotèl la, yo ofri sakrifis avèk kè kontan".
LEKTI PREMYE LIV MAKABE YO 4, 36-37. 53-59
Jou sa yo:
Jida ak frè l’ yo di: «Men ènmi
nou yo kraze; an nou monte koulye a pou nou pwòpte Tanp la, pou nou mete l’ a nèf
». Tout lame a rasanble, yo monte sou mòn Siyon an.
Yo leve byen
bonè, granmaten, vennsenkyèm jou nevyèm mwa a (se mwa Kasle a) sankatreven-uityèm ane a; yo ofri
sakrifis daprè lalwa a sou lotèl nouvo, lotèl sakrifis antye yo, sa yo te fè a.
Daprè tan an ak daprè jou a, kote nasyon yo te sal li a, se menm dat sa a yo renouvle
l’ avèk kantik ak gita ak bandyo ak senbal.
Tout pèp la
tonbe sou fas li, yo adore, yo fè konpliman nan syèl la pou sa a ki te fè yo
ranpòte viktwa a, yo batize lotèl la pandan ui jou, yo ofri sakrifis antye avèk
kè kontan, epi sakrifis sove ak lwanj: yo dekore fasad Tanp la avèk kouwòn lò
ak zam defans, yo konsakre pòt yo ak sal yo, yo mete pòtay pou yo.
Vin gen yon gran kè kontan nan pèp la
anpil; lawont nasyon yo te pote a, li efase. Jida deside avèk frè l’ yo ak tout
asanble Izrayèl la, pou yo fete jou konsekrasyon lotèl la nan tan l’ yo chak ane
pandan ui jou, vennsenkyèm jou mwa Kasle a, avèk kè kontan ak fèt.
SÒM REPONS 1 Kr, 29, 10. 11abc. 11d-12a. 12bcd (r.: 13b)
R/ N’ap fè lwanj pou non ou ki gran an, Granmèt.
Konpliman pou
ou, Granmèt Bondye Izrayèl, papa nou,
sot nan syèk tan al nan syèk tan.R.
Se pou ou, Granmèt, grandè ak pouvwa,
ak glwa, ak viktwa, ak lwanj se pou
ou;
tout bagay ki nan syèl la ak sou tè a,
se pou ou yo ye.R.
Se pou ou, Granmèt, peyi wa a ye; ou
anlè tout chèf.
Richès se pou ou, glwa se pou ou.R.
W’ap kòmande
sou tout bagay, nan men ou se otorite ak pouvwa,
nan men ou se
grandè ak kòmandman tout bagay.R.
LEVANJIL
"Nou fè kay Bondye a vin tounen yon kachèt asasen".
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19,
45-48
Lè sa a:
Jezi antre
nan Tanp la, li kòmanse chase moun k’ap vann ladan l’ yo, epi k’ap achte yo, li
di yo: "Men sa k’ ekri: 'sèke kay mwen an se kay priyè li ye'; nou menm menm
nou fè l’ vin tounen yon 'kachèt bandi' ".
Li t’ap bay
ansèyman chak jou nan Tanp la. Chèf prèt yo menm ak skrib yo ak chèf pèp yo t’ap
chèche touye l’, men yo pa t’ jwenn kijan pou yo te fè l’, sèke tout pèp la te
pandye ap koute l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Jezi ap fè nou sonje enpòtans kay sakre a: se pa yon espas kote nou kapab fè sa nou vle,
men se kay pou nou lapriyè, fè adorasyon; se yon espas pou nou chita-pale ak Bondye,
se pou sa nou dwe respekte espas sa a ki sakre. Jezi pa t’ dakò pou yo fè tanp la
tounen yon mache, li te di machann yo Bondye pa pran plezi nan bagay sa yo. Kay
lapriyè a, pèsonn pa gen dwa mete salte ladan li, se pa yon labatwa pou yo
touye-reache bèt. Se yon
salon pou moun ki vle fè yon dyalòg sensè ak Bondye.
Nou menm tou, se pou nou gen respè pou kay Sakre Granmèt
la, nou pa kapab fè nenpòt bagay ladan l’, sof lapriyè ak adorasyon. Sèvis Granmèt la, se pa yon mache ni yon jaden ni yon bank
pou moun chanje kòb.
Pou
premye fwa, nou wè Jezi an kòlè, avèk fwèt li mete machann yo deyò nan Tanp la:
li antre nan tanp la pou li mete lòd nan dezòd. Nou sonje depi laj 12 zan Jezi
vle rete nan Tanp la, depi lè l’ t’al Jerizalem ak paran yo, li te kite yo ale
pou l’ kab regle zafè Papa li, e li te santi li alèz nan mitan gwo chèf relijyon yo ki te etone akòz kalite kesyon li
t’ap poze yo.Jozef ak Mari te fou ap chache Jezi avan yo te jwenn li nan tanp
la. Yo te di l’: «poukisa w’ fè nou sa?...». Li te reponn yo si yo pa konnen se
nan kay sakre a li dwe ye? (Lik 2,41-52).
E
nou menm, frè ak sè m’ yo, èske kay Sakre a pa di nou anyen? Nou dwe santi nou gen yon misyon ak angajman pou gen
pwopte nan kay sakre Granmèt la. Se pa sèlman kay kote nou reyini pou chante,
lapriyè, danse ansanm pou Granmèt, men se sitou kò nou ak kè nou, paske se nan
kè nou Bondye vle abite, se la li vle rete. Se
Apot Pòl ki di nou: « Eske
nou pa konnen se tanp Bondye a nou ye, se Lespri Bondye a ki rete nan kè nou? »
(1 Korentyen 3, 16).
An nou pa kite move santiman anvayi kè nou ki se kay
sakre Lespri Sen an. An nou deside pou
nou renmen lòt yo nan laverite. An nou chèche
kenbe kay Sakre a pwòp, nan jefò n’ap fè pou nou pa aji mal ak kò nou, na fason
n’ap rekonsilye ak Bondye ak frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, aprann nou respekte kay Sakre w’
la, nan jan n’ap respekte kò nou ki se tanp Lespri Sena n. Pa pouvwa Jezikri.
Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap libere kè mwen ak move santiman ki ladan li, pou Lespri Bondye a kapab
abite ladan li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario