Páginas

LENDI 23

Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Yo pa jwenn tankou Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas”
KÒMANSMAN LIV PWOFÈT DANYÈL 1, 1-6. 8-20
Sou twazyèm ane Joakim, wa Jida a, Nabikodonozò, wa Babilòn nan, rive Jerizalèm, li bloke l’. Granmèt la renmèt Joakim, wa Jida-a, nan men l’, ak yon pòsyon nan vesèl sakre kay Bondye a. Nabikodonozò pote yo nan peyi Sinea, nan kay dye pa l’ yo, li depoze vesèl sakre yo nan chanm richès dye pa l’ yo.
Wa a di Asfenèz, sa a ki te chèf sèvitè yo, pou l’ vini avèk kèk ti moun ki sòti nan pitit Izrayèl yo ak nan ras wa yo ak chèf yo. Yo pa t’ dwe gen okenn tach nan yo, se pou yo te gen bèl figi, pou yo te gen konesans nan tout kalite sajès, solid nan syans, savan nan ansèyman, epi ki ta kapab rete nan palè wa a. Asfenèz ta aprann yo lèt ak langaj Kaldeyen yo. Wa a te pase lòd pou chak jou yo te ba yo yon pòsyon nan manje pa l’ yo ak nan diven li te konn bwè li menm, pou yo swen yo pandan twazan, aprè sa yo te gen pou yo te kanpe devan fas wa a.
Nan pami yo, te gen kèk nan pitit Jida yo: Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas. Danyèl pran desizyon nan kè l’ pou l’ pa sal tèt li avèk manje ki sot sou tab wa a, ni ak diven l’ap bwè; li mande chèf sèvitè yo pèmisyon pou l’ pa sal tèt li. Bondye bay Danyèl favè ak mizerikòd devan fas chèf sèvitè yo. Chèf sèvitè yo di Danyèl: “Mwen pè mèt mwen, wa a, li menm ki fikse manje nou ak bwason nou; si l’ wè figi nou pi fennen pase lòt ti moun yo ki menm laj avèk nou yo, n’ap fè fot la tonbe sou tèt mwen devan wa a”.
Danyèl di Malasa, li menm chèf sèvitè yo te mete kòm responsab Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas: “Tanpri, ou mèt eseye sèvitè ou yo pandan dis jou, yo mèt ba nou legim pou nou manje ak dlo pou nou bwè; w’a gade figi nou ak figi ti moun yo k’ap manje nan manje wa a, epi w’a aji avèk sèvitè ou yo daprè sa w’ a wè”.
Lè l’ tande pawòl sa a, li eseye yo pandan dis jou. Aprè dis jou reyèlman, figi yo vin parèt pi bèl, pi gwo pase tout lòt ti moun yo ki t’ap manje nan manje wa a; konsa Malasa wete manje ak bwason diven yo, li ba yo legim nan plas yo.Timoun sa yo menm, Bondye ba yo syans ak ladrès nan tout kalite liv ak sajès; kanta pou Danyèl menm li te gen entelijans pou l’ konprann vizyon ak rèv. Lè jou yo rive, daprè limit wa a te fikse pou fè yo antre a, chèf sèvitè yo mennen yo devan Nabikodonozò.
Lè wa a pale avèk yo, nan yo tout yo pa jwenn tankou Danyèl, Ananyas, Mizayèl avèk Azaryas; yo kanpe devan fas wa a. Tout pawòl sajès ak entelijans wa a mande yo, li jwenn li nan yo dis fwa plis pase nan tout chalatan ak majisyen yo, ki te nan tout peyi wa l’ la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn 3, 52. 53. 54. 55. 56
Konpliman pou ou, Granmèt, Bondye papa nou yo,
R/ Ou merite lwanj, ou merite glwa, ou depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou non glwa ou ki sen an,
R/ Ou merite lwanj, ou depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou ou Tanp glwa w’ la ki sen an,
R/ Ou merite lwanj depase, ou anlè tout glwa pou tout tan.
Konpliman pou ou nan twòn peyi wa w’ la,
R/Ou merite lwanj depase, ou anlè tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou ou, ki ekzamine bafon yo, ki chita anlè Cheriben yo,
R/ Ou merite lwanj, ou anlè tout sa k’ gran pou tout tan.
Konpliman pou ou nan platfòm syèl la,
R/ Ou merite lwanj, ou merite glwa pou tout tan.
LEVANJIL
“Li wè yon pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 1 - 4
Lè sa a:
Jezi gade, li wè moun yo k’ap mete kado yo nan kèt la, yo te rich; men li wè tou yon pòv vèv k’ap mete de ti pyès lajan.
Li di: “Mwen di nou sa: vrèman vèv sa a mete plis pase yo tout; sèke yo tout se nan sa yo gen an plis yo pran pou yo mete nan kado Bondye yo, men sa a menm se nan mizè l’, tout sa l’ te gen pou l’ viv, li pran l’ bay”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lekti liv Danyèl la ap montre nou kijan Bondye nou an toujou prezan avèk nou nan reyalite lavi nou. Bondye pa lwen sila yo ki rele li ak konfyans lè yo gen pwoblèm, menm jan ak Danyèl, Ananyas, Mizayèl ak Azaryas. Mesye sa yo te fè Bondye konfyans, li menm menm te pran swen yo: li te fè yo pi bèl, pi fò pase tout lòt ki t’ap manje epi bwè diven lakay wa a; men Bondye  te ba yo plis ke manje ak bwason, li ba yo sa ki te esansyèl tankou  ladrès, syans ak entèlijans; sa vle di lè nou rete kole sou Bondye ak konfyans, se sèten n’ap dekouvri bonte li, yon papa ki toujou tou pre pou lonje men ba nou, pou pote nou sekou, pou pran defans nou lè lènmi an atake nou. Se sa ki fè menm jan ak salmis la, chak jou nan lavi nou nou dwe bay Bondye glwa ak konpliman, paske li gran, li bon e l’ap avèk nou tout tan ki va gen tan.
Levanjil la ap ba nou yon leson sou pataj. Lè nou nou pataje tout bon vre, se pa lè nou bay sa nou gen ki twòp, sa ki anbarese nou; okontrè se lè nou prè pou nou pataje sa nou genyen an menm si li pa sifi pou nou. Vrè pataj la se sa ki touche dimansyon kè nou, se motivasyon renmen an. Konsa, an nou eseye konprann bezwen ak nesesite sila yo ki bò kote nou, pou nou ka pataje ak yo selon nan mezi posiblite nou. Petèt nou ka pa gen lajan, men nou ka bay yon konsèy ki vo plis ke lajan, nou ka rann yon moun yon sèvis ki fè kè li kontan. Sa vo plis ke milyon dola.
LAPRIYÈGranmèt, tanpri aprann nou pataje sa nou ye ak sa nou genyen puiske tout richès nou genyen se nan ou li sòti.
PWOPOZISYON: Pataje sa ou genyen ak yon moun ki nan bezwen, pa ba li bagay ki pa bon; pataje sa ki gen plis valè ak li. Bondye va renmèt ou sa.

No hay comentarios:

Publicar un comentario