Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye ap fè yon peyi wa leve, li p’ap janm gaye, l’ap vale tout peyi wa yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 2, 31-45
Jou sa yo: Danyèl di Nabikodonozò:
“Ou menm, wa, ou te wè, se te yon gran pòtre moun; gran pòtre moun nan bèl wotè te kanpe an fas ou, aparans li te fè moun pè. Tèt pòtre moun sa a te fèt avèk lò pi bon kalite, pwatrin nan menm ak bra yo te fèt ak lajan, vant la ak kuis yo te fèt ak kuiv, janm yo menm te fèt ak fè, yon pati pye yo se te fè, lòt pati a se te labou yo kuit.
Konsa ou t’ap gade, joustan yon wòch detache sot sou mòn nan san men moun pa touche l’, li frape pòtre moun nan nan pye l’ yo ki te fèt ak fè ak labou kuit la, li kraze yo. Lè sa a atò, ni fè a kraze, ni labou kuit la, ni kuiv, ni lajan, ni lò, yo vin tounen tankou pay nan tan cho sou glasi, sa van an ap bwote a, yo pa kite okenn mak; kanta pou wòch la menm, ki te frape pòtre moun nan, li vin tounen yon gran mòn, li plen tout tè a.
Sa a se rèv la. N’ap bay sans li tou devan ou, wa. Ou menm ou se wa lòt wa yo, Bondye syèl la te ba ou peyi wa ak pouvwa ak kòmandman ak glwa, tout kote pitit moun yo abite, ni bèt bwa yo, ni zwazo syèl yo, li renmèt yo nan men ou, li enstale tout bagay anba lòd ou; konsa se ou menm ki tèt ki fèt ak lò a. Aprè ou gen yon lòt peyi wa k’ap leve, k’ap pi piti pase ou, se lajan an; epi yon twazyèm peyi wa se kuiv la, l’ap kòmande sou tout tè a; epi yon katriyèm peyi wa ap tankou fè. Tankou fè kraze tout bagay, konsa l’ap kraze, l’ap detwi tout sa yo.
Kòm ou wè yon pati pye yo ak dwèt yo fèt ak labou kuit epi lòt pati a fèt ak fè, peyi wa a ap separe; l’ap gen menm kalite ak fè, jan ou wè fè a ki mele ak labou kuit la. Pou dwèt pye yo ki fèt yon pòsyon ak fè, lòt la ak labou kuit la, sa vle di peyi wa a ap solid sou yon bò, l’ap kraze sou lòt bò a. Jan ou wè fè a melanje ak labou kuit la, y’ap melanje ak ras lèzòm, men yo p’ap antann yo, menm jan fè pa kapab melanje ak labou yo kuit.
Men nan jou peyi wa sa yo, Bondye syèl la ap fè yon peyi wa kanpe, ki p’ap janm gaye, peyi wa l’ la p’ap pase nan men lòt pèp, okontrè l’ap kraze, l’ap vale tout peyi wa sa yo, men li menm menm l’ap kanpe pou tout tan. Daprè jan ou wè a, wòch la ki detache sot sou mòn nan san men pa touche l’ la, epi li kraze ni labou kuit, ni fè, ni kuiv, ni lajan, ni lò a, Bondye ki gran an montre wa a sa k’ap rive aprè; rèv la vrè, sans li ekzak”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn 3, 57, 58. 59. 60. 61
Fè konpliman pou Granmèt la, tout travay Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, zanj Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, syèl yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout dlo yo ki anlè syèl yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout pouvwa Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“P’ap rete wòch sou wòch”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 5-11
Lè sa a:
Kèk nan disip yo t’ap pale sou Tanp la, kijan li gen bèl wòch, kijan li dekore avèk kado. Jezi di: “Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi”.
Yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen lè y’ap kòmanse?”
Li di: “Atansyon pa kite yo twonpe nou; sèke anpil moun ap vini o non m’, y’ap di: “Se mwen menm, epi tan an ap rive”; pa suiv yo. Lè n’ap tande y’ap pale sou lagè ak revòlt, pa pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men se p’ap toutsuit finisman an”.
Lè sa a li t’ap di yo: “Nasyon ap leve kont nasyon, peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranbleman tè kèk kote, epidemi, grangou, ap gen bagay ki sot nan syèl la k’ap fè moun tranble, epi gran mèvèy”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye pou Jodi a ba nou yon avètisman sou sa ki gen pou rive. Pwofesi nou jwenn nan levanjil la, yo tout deja reyalize. Nan tan n’ap viv la, menm si gen anpil gwo pwogrè lasyans ak teknoloji, gen anpil pwoblèm ki rete yon gwo defi pou limanite, tankou pwoblèm grangou, tranblemantè, tsounami, maladi kansè, kolera, pwoblèm ki konsène estrikti lafanmi, elatriye. Sa fè anpil moun kòmanse panse lemond pral fini. Sètènman gen anpil pwofesi ki akonpli. Nou menm kretyen, lè n’ap li Levanjil sa nou dwe li l’ avèk je lafwa nou paske san sa nou p’ap kapab konprann anyen.
N’ap pwoche nan finisman ane litiji a (ane B), epi nan yon ti tan n’ap rive nan fen ane nòmal la tou ki pral make avèk selebrasyon gwo fèt nesans Sovè nou Jezikri. Nou kòmanse ap li lekti apokaliptik yo ki rakonte nou kijan fen tan yo ap ye. Nan fason sa Legliz la vle raple nou tout bagay genyen yon fen; men li enpòtan pou nou prepare nou dekwa pou nou pa soufri lè fen an rive, pou nou pa di nou pa t’ konnen, paske pwovèb kreyòl la di nou “si m’ te konnen toujou dèyè”.
Kidonk, nou dwe toujou chèche fè sa ki bon, sa ki byen, ede sa ki nan bezwen, fè volonte Bondye. Se chak jou pou nou evalye tèt nou pou wè si pawòl nou ak aksyon nou yo koresponn ak sa Bondye vle.
LAPRIYÈ: Granmèt ede nou travay nan konstwiksyon peyi wa w’ la, pou lapè, jistis ak renmen kapab blayi sou tout tè a. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap kolabore pou chache solisyon yon gwo pwoblèm ki prezante nan fanmi mwen oubyen nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario