Koulè
Vèt
PREMYE MOSO
LABIB
“Gen dwèt ki
parèt tankou men moun k’ap ekri”.
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 5, 1-6. 13-14.
16-17. 23-28
Jou sa yo:
Wa Baltaza fè yon gran resepsyon pou
chèf li yo, yo te mil, chak moun t’ap bwè diven daprè laj li. Lè l’ kòmanse
chofe, Baltaza pase lòd pou yo pote vesèl sakre ki fèt ak lò ak lajan, sa papa
l’ Nabikodonozò te pote sot nan Tanp ki te Jerizalèm nan, pou yo bwè nan yo, ni
wa a ni chèf li yo, ni madanm li yo ni metrès li yo.
Konsa yo pote vesèl lò yo ak lajan
yo, sa yo te pran sot nan Tanp la ki te Jerizalèm nan, epi yo bwè nan yo, ni wa
a ni chèf li yo, ni madanm li yo, ni metrès li yo. Yo t’ap bwè diven, yo t’ap
fè lwanj dye yo ki fèt ak lò ak lajan, ak kuiv, ak fè, ak bwa ak wòch.
Menm lè sa a, vin gen dwèt ki parèt,
tankou men moun k’ap ekri anfas etajè lanp la, nan fasad miray palè wa a; wa a
menm t’ap gade mouvman men k’ap ekri a. Lè sa a fas wa a chanje, espri l’
twouble, jwenti ren l’ febli, jenou l’ frape youn kont lòt.
Yo mennen Danyèl devan wa a, wa a
pale avèk li, li di: “Ou se Danyèl, youn nan pitit Jida yo yo mennen nan ekzil
yo, sa papa m’ wa a mennen sot Jida yo? Mwen tande pale sou ou, kijan ou gen
espri dye yo; syans, entelijans ak sajès, yo jwenn sa anpil nan ou. Konsa mwen
tande pale sou ou, ou kapab bay sans bagay ki pa klè, ou kapab defèt sa k’
mare; konsa si ou kapab li sa k’ ekri a epi ou ban m’ sans li, y’ap abiye ou ak
vlou wouj, w’ap gen chenn lò nan kou ou, w’ap twazyèm chèf nan peyi wa m’ nan”.
Danyèl reponn, li di wa a: “Kado ou
yo mèt ret pou ou, ofrann kay ou a ou mèt bay lotèl la yo; men sa k’ ekri a,
m’ap li l’ ba ou, wa, epi sans li, m’ap montre ou li. Ou leve kont Sa a ki Chèf
syèl la, yo pote vesèl sakre kay li yo devan ou, epi ou menm ak chèf ou yo ak
madanm ou yo ak metrès ou yo, nou bwè diven nan yo; dye yo ki fèt ak lajan, ak
lò, ak kuiv, ak fè, ak bwa, ak wòch, ki pa wè, ki pa tande, ki pa santi, ou fè
lwanj yo; men Bondye menm, ki gen souf ou nan men l’, ni tout wout ou yo, ou pa
fè lwanj li; se pousa li voye dwèt men an, ki ekri sa k’ trase a.
Ekriti a ki make a, men li: Mane,
Tesèl, Farès, epi men sans pawòl la: Mane, Bondye konte peyi wa w’ la, li fè l’
rive bout li; Tesèl, yo peze ou nan balans, yo jwenn ou pa gen anpil pwa;
Farès, yo separe peyi wa w’ la, yo renmèt li bay Mèd ak Pès yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn
3, 62. 63. 64. 65. 66. 67
Fè konpliman pou Granmèt la, solèy ak
lalin nan.
R. Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, zetwal
syèl la.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout lapli ak lawouze.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout espri Bondye yo.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, dife ak chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, fredi ak
chalè.
R. Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“Tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap
pèdi”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 12-19
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Y’ap met men sou nou, y’ap pèsekite
nou, y’ap renmèt nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou devan wa
yo ak prefè yo poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye. Mete sa
byen nan kè nou, pa prepare sa n’ap reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch
ak sajès ki fè tout ènmi nou yo p’ap kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap trayi nou, se paran nou,
frè nou, fanmi nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou; tout moun ap rayi nou
poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: nan pasyans nou n’ap
jwenn lavi nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Petèt gen anpil moun ki ta ka di lè yo li
levanjil jodi a: bon mwen menm m’ pa nan sèvi Bondye paske m’pa gen kote pou m’
pran kou e m’ pa pral fè moun rayi m’! Mwen kapab konprann pou kèk bagay ki pa
gen sans, li pa enpòtan pou w’ fè moun matirize w’, men pou sa ki konsène Bondye,
se diferan.
Atitid kretyen an se
konsa li ye menm, li dwe pwovoke reyaksyon. Li dwe pwovoke mekontantman, pa nan
sa ki negatif, men nan sans lè moun nan lantouraj nou ap gade nou, yo kapab
kesyone konpòtman nou pou mande nou si se yon lòt planet n’ap viv, paske nou pa
swiv menm tandans ak tout moun.
Nan mond kote n’ap viv jounen jodi a, se plezi ki
kòmande, se fwod, se fè sa ki mal, se chen manje chen, se egoyis. Men lè moun ki bò lakay ou oubyen moun k’ap
travay bò kote w’ ap gade ou menm ou pa nan fwod, ou menm ou p’ap fè pwofitè sou
sa ki pi piti yo, lè yo wè ou gen yon
konpòtman diferan ak konpòtman majorite a, ebyen li p’ap janm kapab konprann
ou; donk sa pral kreye divizyon. Lè fason kretyen an aji a pa soulve ankenn
reyaksyon, sa vle di sanble gen yon bagay ki pa mache byen. Yon kretyen pa bay
privilèj premye plas nan lavi li, li pa akomode li ak anyen paske li konnen se
Bondye ki pi enpòtan nan lavi li. Se poutèt sa tout sa l’ap fè reflete kwayans
li genyen e se konsa li levanjelize lòt yo, malgre tout diskriminasyon.
Nan finisman levanjil la Jezi di nou “nan pasyans
nou n’ap jwenn lavi nou”. Sa fè nou konprann efò n’ap fè, se pa pou granmesi, nou p’ap pèdi li, n’ap jwenn rekonpans nou
kan menm. Si nou
kiltive pasyans, si nou sibi tout kalamite ak pèsekisyon akoz yo pa konprann
nou, rekonpans dènye jou a va ba nou rezon.
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri voye Lespri Sen w’ nan vin anime mwen pou mwen kapab ranpli wòl mwen kòm
disip misyonè.
PWOPOZISYON: Mwen p’ap kite sosyete entimide m’, m’ap
chèche ranpli misyon Bondye konfye mwen?
No hay comentarios:
Publicar un comentario