Koulè Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Bondye voye anj li a, li fèmen bouch lyon yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 6, 11-27
Jou sa yo:
Gen mesye ki vin fè espyon, yo fouye byen fouye, yo jwenn Danyèl k’ap priye, k’ap mande Bondye l’ favè.
Yo pwoche, yo pale ak wa a sou lòd li a: “Wa, èske ou pa t’ pase lòd ki di: pandan trant jou, tout moun ki t’ap priye nenpòt ki dye ak moun, sof ou menm, wa, yo t’ap jete l’ nan twou lyon yo?”
Wa a reponn yo, li di: “Pawòl la vrè daprè desizyon Mèd yo ak Pès yo, ki pa kapab pase”. Lè sa a yo reponn, yo di devan wa a: “Danyèl, nan pami pitit Jida yo yo te ekzile yo, li pa okipe lalwa ou la ni desizyon ou kòmande a, men twa fwa pa jou l’ap priye nan devosyon l’”. Lè wa a tande pawòl la, li pran lapenn anpil; l’ap chèche kijan pou l’ delivre Danyèl, jous solèy kouche l’ap chèche pou l’ delivre l’.
Mesye sa yo menm, yo konprann fent wa a, yo di l’: “Se pou ou konn sa, wa, lalwa Mèd yo ak Pès yo mande pou tout desizyon wa a fin pase, yo pa gen dwa chanje li”. Lè sa a wa a pase lòd pou yo mennen Danyèl, pou yo jete l’ nan twou lyon yo. Wa a di Danyèl: “Bondye w’ la, sa w’ap sèvi tout tan an, se li menm k’ap delivre ou”. Yo mennen yon wòch, yo mete l’ sou bouch twou a, wa a poze sele sou li avèk so l’ la ak so chèf li yo, pou yo pa fè anyen kont chatiman Danyèl la.
Wa a ale lakay li, li dòmi san soupe, yo pa pote manje devan l’, menm dòmi an pati kite l’. Lè sa a wa a leve byen bonè granmaten, li fè vit li kouri al bò twou lyon yo; lè l’ pwoche bò twou a, li rele Danyèl ak yon vwa k’ap kriye, li pale avèk li: “Danyèl, sèvitè Bondye ki vivan an, Bondye w’ la, sa w’ap sèvi tout tan an, ou kwè li rive delivre ou anba lyon yo?”
Danyèl reponn wa a, li di: “Wa, se pou ou viv tout tan! Bondye m’ nan te voye anj li a, li fèmen bouch lyon yo; yo pa fè m’ anyen ki mal, paske Bondye jwenn mwen inosan devan l’; ni devan ou tou, wa, mwen pa fè fot”. Lè sa a wa a kontan anpil poutèt li, li pase lòd pou yo wete Danyèl sot nan twou a; yo pa jwenn okenn mak sou li, paske li te kwè nan Bondye l’ la. Wa a menm pase lòd, yo mennen mesye sa yo ki te akize Danyèl la, yo jete yo nan twou lyon yo, ni yo menm, ni pitit yo, ni madanm yo; yo pa gen tan rive nan fon twou a, lyon yo gen tan atrap yo, yo kraze tout zo yo.
Lè sa a wa Dariyis ekri tout pèp yo, nasyon yo ak lang yo, ki abite sou tout tè a: “Lapè pou nou anpil. Mwen deklare desizyon, pou nan tout peyi kote m’ wa a, yo krenn, yo pè Bondye Danyèl la; sèke se li menm menm ki Bondye vivan an, ki la pou tout tan, peyi wa l’ p’ap gaye, pouvwa l’ pou tout tan. Se li menm ki delivre, ki sove, ki fè siy ak mèvèy nan syèl la ak sou tè a, ki delivre Danyèl sot nan twou lyon yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn 3, 68. 69. 70. 71. 72. 73. 74
Fè konpliman pou Granmèt la, lawouze ak nyaj.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, bwouya ak fredi.
R/Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, glas ak lanèj.
R/Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, lannuit ak lajounen.
R/Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, limyè ak fènwa.
R/Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, zeklè avèk nyaj.
R/Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Se pou tè a fè konpliman pou Granmèt la.
R/Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“Nasyon yo ap foule Jerizalèm anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 20-28
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
“Lè n’ap wè lame a ansèkle Jerizalèm, lè sa a konnen tan pou l’ detwi a tou pre. Lè sa a moun ki nan Jide a, se pou yo sove kò yo nan mòn yo, moun ki nan mitan l’, se pou yo pati, moun ki andeyò, se pa pou yo antre ladan l’. Paske se jou chatiman l’, pou tout sa ki ekri yo reyalize.
Ala malè pou moun ki ansent yo ak sa ki nouris yo nan jou sa yo! Sèke ap gen gran tray sou tè a ak kòlè kont pèp sa a. Y’ap tonbe nan bouch epe, y’ap kondui yo prizonye nan tout nasyon yo, nasyon yo ap foule Jerizalèm anba pye, jous lè tan nasyon yo fin rive nan bout yo.
Ap gen siy nan solèy la, lalin nan ak zetwal yo, sou tè a ap gen tray nan nasyon yo akòz dezòd bwi lanmè a ak lanm yo, moun yo ap seche tèlman y’ap pè, y’ap tann sa k’ap rive sou tout fas tè a; sèke pouvwa syèl yo ap boulvèse.
Lè sa a y’ap wè Pitit moun nan k’ap vini nan nyaj la avèk gran pouvwa ak gran glwa. Men lè bagay sa yo kòmanse rive, gade, leve tèt nou, paske redanmsyon nou tou pre”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lapriyè se kle ki louvri tout pòt; nenpòt kijan l’ fèmen l’ap louvri l’ kan menm! Lapriyè mete nou an kontak avèk Bondye, mèt lavi a. Lekti a montre nou byen klè kalite lafwa ak fidelite Danyèl te gen nan Bondye.
Lè nou kenbe kontak ak Bondye, sa ka fè mechan chanje lide, sa ka fè moun ki santi yo pi wo pase nou bese tèt yo. Wa a te toumante anpil paske l’ konnen Bondye pwofèt la pi gran pase pa l’ la, e menm Bondye sa a kapab delivre pwofèt Danyèl sòt nan sa l’ ye a.
Menmjan an tou, jodi a Bondye kapab kase chenn nou yo, paske Bondye ki te la yè a, se li ki toujou la jodi a; konsa nou kapab kwè sa li te konn fè yè, l’ap fè li jodi a tou. Se pou nou gen plis konviksyon lafwa, pou ekzanp nou ede lòt yo konvèti. Se konsa pawòl nou jwenn nan sòm meditasyon jodi a kapab tounen yon reyalite: “Tout sa k’ ekziste dwe chante lwanj pou Bondye”. Nou menm patizan Kris la, se nou ki pou bay ekzanp lan.
Levanjil jodi a envite nou kenbe lanp esperans nou limen devan boulvès, difikilte ak touman nan mond sa. Levanjelis la pale de destwiksyon, ki fè nou panse jounen jodi a tout sitiyasyon lenjistis, grangou, lagè ki fè pèsonn pa santi li an sekirite. Levanjil la ap ede nou konprann kòman lè Jezi retounen l’ap detwi tout bagay sa yo. An nou prepare nou pou nou monte nan avyon Jezi a!
LAPRIYÈ: Jezi, Granmèt, tanpri, fè nou rete branche sou ou pou nou kapab donnen bon fwi. Amèn.
PWOPOZISYON: Fè lwanj Bondye pou jan li bon.
No hay comentarios:
Publicar un comentario