Koulè
Vèt
PREMYE MOSO LABIB
“Men tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo”
NAN LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 2-14
Mwen te wè nan vizyon mwen te gen
nan nuit la: se kat van syèl la ki t’ap batay nan gran lanmè a, ak kat gran bèt
ki t’ap monte sot nan lanmè a, youn pa sanble ak lòt. Premye a te tankou manman
lyon, li te gen zèl malfini; mwen t’ap gade joustan yo rache zèl li yo; yo wete
l’ sot sou tè a, li kanpe sou pye tankou yon moun, yo ba l’ yon kè moun.
Men yon lòt bèt ki sanble ak yon
ous, li kanpe yon kote, li te gen twa kòt nan bouch li ak nan dan l’, epi yo
t’ap di l’ konsa: “Leve, manje anpil vyann”. Aprè bagay sa yo, mwen gade, men
yon lòt tankou yon tig, li te gen zèl tankou kat zèl zwazo sou li, te gen kat
tèt nan bèt la, yo ba l’ pouvwa.
Aprè bagay sa yo, mwen t’ap gade
nan vizyon mwen te gen nan nuit la, men yon katriyèm bèt ki terib, ki
ekstrawòdinè, ki fò anpil, li te gen anpil gwo dan an fè, li t’ap manje, li
t’ap kraze, li t’ap foule sa k’ rete yo anba pye l’; li pa t’ sanble ak lòt bèt
yo, sa m’ te wè anvan l’ yo, li te gen dis kòn. Mwen t’ap gade kòn yo, epi men
yon lòt kòn pi piti ki leve sot nan mitan yo: twa nan premye kòn yo, yo rache
sot nan fas li; gen je tankou je moun ki te nan kòn sa a, ak yon bouch ki t’ap
pale gran bagay.
Mwen t’ap gade joustan yo poze twòn
yo; Ansyen nan jou yo chita. Rad li blan tankou lanèj, cheve tèt li tankou lenn
byen blan, fotèy li se flanm dife, wou fotèy li se dife ki limen. Yon rivyè
dife byen rapid t’ap sòti devan fas li, mil milye t’ap sèvi l’, di mil san
milye t’ap monte lagad bò kote l’. Tribinal la enstale, yo louvri liv yo. Mwen
t’ap gade poutèt bwi gran pawòl yo, sa kòn nan t’ap pale yo, mwen wè yo te
touye bèt la, kò l’ te peri, yo te lage l’ pou l’ boule nan dife; lòt bèt yo
tou, yo te wete pouvwa yo, yo te fikse tan lavi pou yo jous pou yon tan ak yon
tan.
Mwen t’ap gade konsa nan vizyon
nannuit: se tankou yon pitit moun ki t’ap vini avèk nyaj syèl yo, li rive jous
kot Ansyen nan jou yo. Yo ofri l’ bay Ansyen nan jou yo, ki ba l’ pouvwa ak
konsiderasyon ak peyi wa; epi tout pèp, ras ak lang ap sèvi l’. Pouvwa l’ se
pouvwa k’ap dire tout tan, ki p’ap disparèt; peyi wa l’ se peyi wa ki p’ap
detwi.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn
3, 75. 76. 77. 78. 79. 80. 81
Fè konpliman pou Granmèt la, gwo mòn
yo ak ti mòn yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout plant sou tè a.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, sous yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, lanmè yo
ak rivyè yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, balèn ak tout sa ki an mouvman nan dlo yo,
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, tout
zwazo syèl yo.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman
pou Granmèt la, tout bèt bwa ak bèt volay.
R/ Fè lwanj li,
leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
“Lè n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21, 29-33
Lè sa a: Jezi di yon parabòl pou
disip li yo:
“Gade pye figye a ak tout pye bwa yo:
lè yo kòmanse donnen fwi, nou konnen tan cho a tou pre. Konsa tou nou menm, lè
n’a wè bagay sa yo rive, konnen peyi wa Bondye a tou pre. Amèn, mwen di nou jenerasyon sa a p’ap pase, joustan tout bagay rive.
Syèl la ak tè a ap pase; men pawòl
mwen yo p’ap pase”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Mezanmi, gen
yon tan pou chak bagay sou latè: Gen yon tan pou kraze, yon tan pou konstwi;
yon tan pou tris ak yon tan pou kontan; men fò n’ pa bliye pi bonè se gran
maten. Anpil fwa, Jezi vle nou konnen pawòl la pi byen, li pale an parabòl ak
nou. Jan nou wè sa nan liv pwofèt Danyèl, nan vizyon li te wè kat (4) bèt sòti
nan lamè a sou plizyè fòm, bèt sa yo te reprezante kat gran wa ki pral dirije
vil yo.
Nan Levanjil la Matye a, Jezi prezante nou yon figi ki reprezante yon
pye bwa, kote li envite nou gade siy tan yo: nou konn gade yon pye bwa: lè l’
boujonnen, nou di li pral fè cho; lè l’ pral fè frèt nou konnen tou; konsa tou
lè nou wè lalin nan gwo, nou di n’ap plante yanm, oubyen n’ap plante joumou,
pou yo kab donnen gwo. Se konsa tou, fòk nou
reyaji ak yon seri de bagay k’ap pase nan sosyete a ak nan kominote a; se detanzantan
n’ap wè yon seri de fenomèn ki prezante nan kominote nou yo. Kidonk fòk nou veye,
paske nou pakonnen ki jou, ki lè Pitit moun nan ap vni. Koute sa Jezi di: “An
verite mwen di nou, ras moun k’ap viv kounye a p’ap disparèt anvan tout sa li
di yo rive: syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen yo p’ap janm pase”.
Jodi a, lè n’ap
gade sa k’ap pase nan mond lan, nan fanmi yo, nan kominote n’ yo ak nan sosyete
a, sa fè nou poze tèt nou kesyon: kisa k’ap pase? Èske se lafen, pake Bib la te
deja avèti nou kijan sa ap ye nan dènye tan yo kote n’ap wè yon seri de bagay
nou pa konn abitye wè; se lemond ki boulvèse, tranblemantè, abi, enjistis, lagè,
vyolans. Bagay sa yo mande nou pou nou lapriyè epi reflechi pou n’ wè sa ki fè
sa epi kisa nou menm nou kapab fè. Èske se pa renmen ak fratènite ki manke? Nan
tan n’ap viv la, li enpòtan pou nou chèche ansanm pou wè kijan n’ap konstwi,
nan chache solisyon ak pwoblèm nou yo, pou n’ gen yon lòt sosyete ki tabli sou
jistis, renmen, ak lapè: yon sosyete kote tout moun santi yo an sekirite.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki Mèt tout sa ki ekziste, ede nou wè klè pou n’
kab kwè, epi pou n’ konnen tout bon vre w’ap mache avèk nou. Tanpri ba nou anvi
pou n’ tavay ansanm; konsa n’a bati yon lòt sosyete sou baz renmen ak
fratènite.
PWOPOZISYON: Pou sosyete a vin miyò, fòk mwen fè jefò pou mwen vin miyò.
No hay comentarios:
Publicar un comentario