Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
"Peyi wa a ak pouvwa a, y’ap renmèt yo bay pèp moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a".
LEKTI LIV PWOFÈT DANYÈL 7, 15-27
Espri m’ twouble: mwen menm, Danyèl, mwen kraze anba bagay sa yo, vizyon yo ki nan tèt mwen an yo dekontwole m’. Mwen pwoche kot youn nan sa yo ki te kanpe yo, mwen mande verite nan men l’ sou tout bagay sa yo.
Li di m’ sans pawòl yo, li aprann mwen: "Kat gran bèt sa yo, se kat peyi wa k’ap leve sou tè a. Men moun sa yo Bondye ki anwo nèt la met apa a, y’ap pran pouvwa a, y’ap jwenn pouvwa a pou tout tan gen tan".
Aprè sa, mwen te vle gen eksplikasyon sou katriyèm bèt la, ki pa t’ sanble menm ak tout lòt yo, ki te lèd anpil la: dan ak zong li te an fè, li t’ap manje, li t’ap kraze, li t’ap foule rès yo anba pye l’, epi sou dis kòn yo li te gen sou tèt li a, ni sou lòt kòn nan ki te vin leve a, anvan twa kòn yo te tonbe a, epi tou sou kòn sa a, sa k’ te gen je yo ni bouch la tou ki t’ap pale gran bagay la epi ki te pi gwo pase lòt yo a. Mwen t’ap gade: kòn sa a t’ap fè lagè kont sen yo, li t’ap genyen sou yo, joustan Ansyen nan jou yo rive, epi moun sa yo Sa a ki anlè nèt la met apa a, li ba yo jijman an; tan an rive, sen yo jwenn peyi wa a.
Li di konsa: "Katriyèm bèt la, se yon katriyèm peyi wa k’ap rive sou tè a, l’ap pi gran pase tout peyi wa yo, l’ap devore tout tè a, l’ap kraze, l’ap foule l’ anba pye. Kanta pou dis kòn yo nan peyi wa sa a, se dis wa k’ap leve. Youn ap leve aprè lòt yo, l’ap pi fò pase premye yo, l’ap jete twa wa yo; l’ap pale pawòl kont Sa a ki anwo nèt la, l’ap kraze moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a, l’ap konprann li kapab chanje tan yo avèk lalwa yo; y’ap renmèt yo nan men l’ jous pou yon tan ak kèk tan ak mwatye yon tan.
Men y’ap enstale jijman an pou yo wete pouvwa a nan men l’; l’ap kraze, l’ap gaye jous nan finisman. Peyi wa ak pouvwa ak grandè peyi wa ki anba tout syèl la, se pèp moun sa yo Sa a ki anwo nèt la met apa a y’ap bay li: peyi wa li, se peyi wa k’ap dire tout tan, tout wa yo ap sèvi l’, y’ap obeyi l’".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS Dn 3, 82. 83. 84. 85. 86. 87
Fè konpliman pou Granmèt la, pitit moun yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Se pou Izrayèl fè konpliman pou Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, prèt Granmèt yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, sèvitè Granmèt la.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, espri ak nam sen yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
Fè konpliman pou Granmèt la, sen yo ak sa ki pòv nan kè yo.
R/ Fè lwanj li, leve l’ anlè depase tout sa k’ gran pou tout tan.
LEVANJIL
"Veye, pou nou merite chape anba bagay sa yo k’ap vini yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 34-36
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
"Fè atansyon, pou kè nou pa vin lou ni nan bwason k’ap monte nan tèt nou, k’ap fè nou vin sou, ni nan tèt chaje pou lavi sa a, pou jou sa a pa tonbe sou nou sanzatann; reyèlman vre, l’ap rive sou tout moun ki chita sou fas tout tè a. Konsa, se pou nou veye, se pou nou priye tout tan, pou nou merite chape anba tout bagay sa yo k’ap vini yo, pou nou kanpe devan Pitit moun nan".
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la.
REFLEKSYON: Veye epi priye, paske nou pa konnen kilè ni ki jou Jezi ap vini an. Jezi ba nou yon avètisman, an menm tan tou se yon konsèy. Chak fwa nou tande pawòl sa yo, sa ta dwe fè nou poze tèt nou kesyon sou fason nou òganize lavi nou nan moman sa a menm. Nan Levanjil Sen Lik la Jezi pale klè avèk nou, li ankouraje nou pou nou pa kite dòmi pran nou. Se pou nou veye sitou bagay k’ap fè nou pèdi tèt nou jis pou nou bliye Bondye: li di nou pran prekosyon avèk bagay k’ap atire nou nan lemonn tankou bwason, libètinaj, elatriye.
Jou Granmèt la, jou jijman an ap rive lè nou pa atann, puiske nou pa konnen ki lè ekzakteman. Mezanmi, sa yo ta dwe fè ke nou sote, paske lè m’ wè nan ki eta anpil moun ap viv, kòmanse sou mwen, mwen di si Jezi ta vini kounye a kisa n’ap fè! pafwa se kòm si Bondye pa ekziste pou nou, gen moun nou envite al Legliz, li di l’ pa gen tan pou sa, li pral travay oubyen l’ap fè lesiv; li di dat li pral Legliz sa sa fè pou li, li pral nan komès li jodi a, li pral jere biznis li. Men moun sa bliye si Bondye pa t’ ba l’ lasante li pa t’ap ka fè okenn aktivite. Gen moun ki konn di yo twò jèn pou yo sèvi Bondye; men lè sa yo bliye si yo se pèleren sou latè, yo bliye si moun konn mouri a nenpòt laj.
Gen yon chan ki di avantaj kòk se nan zepon li, mwen menm kretyen avantaj pa m’ se nan Bondye: mwen p’ap sèvi Bondye pou enterè; men se avèk tout mwen menm, tout sa m’ ye. Li se Mèt linivè, li gen pouvwa sou tout sa ki ekziste, li konnen kisa nou bezwen pou nou viv. An nou fè Bondye konfyans nèt ale, paske avèk li nou p’ap pèdi batay, viktwa nou asire.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri vin disparèt tout fènwa ki anvayi lavi nou, fè nou chèche avantaj ki sòti nan ou menm; konsa n’a merite al jui avèk ou pou toutan lè ou va rele nou nan gwo jou a. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOZISYON: Avèk konfyans, ann kenbe kontak ak Bondye nou an. Se nan li nou gen lavi.
No hay comentarios:
Publicar un comentario