Koulè Woz
TWAZYÈM DIMANCH TAN LAVAN ANE C
(GAUDETE)
PREMYE MOSO LABIB
"Granmèt la ap danse ak lwanj poutèt ou".
NAN LIV PWOFÈT SOFONI 3, 14-18a
"Fè lwanj, pitit fi Siyon ! Fè kontantman ou eklate, Izrayèl ! Fè kè ou kontan, danse ak tout kè ou, pitit fi Jerizalèm ! Granmèt la efase jijman w’ nan, li chase lènmi w’ yo; Wa Izrayèl la se Granmèt la nan mitan ou, ou p’ap pè malè ankò.
Jou sa a, y’ap di Jerizalèm: "Pa pè, Siyon; pa kite men ou febli. Granmèt Bondye w’ la nan mitan ou ak fòs, se li menm k’ap sove; l’ap kontan poutèt ou ak bèl kontantman, l’ap fè silans nan renmen l’ nan, l’ap danse ak lwanj poutèt ou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM Is 12, 2-3. 4bcd. 5-6
R/ Danse, fè lwanj, paske li gran nan mitan ou, Sen Israyèl la.
Men Bondye sovè m’ nan, mwen gen konfyans, mwen p’ap pè, paske fòs mwen ak lwanj mwen se Granmèt la,
li vin sèvi m’ delivrans.N’ap tire dlo ak kè kontan nan sous Sovè a. R.
Fè lwanj pou Granmèt la, rele non l’, fè konnen mèvèy li yo nan nasyon yo; sonje kijan non l’anlè nèt. R.
Chante pou Granmèt la paske li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.Danse, fè lwanj, pèp Siyon, paske li gran nan mitan ou, Sen Israyèl la. R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Granmèt la tou pre".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU FILIPYEN YO 4, 4-7
Frè m’ yo:
Fè kè nou kontan nan Granmèt la tout tan; mwen tounen di nou sa ankò: fè kè nou kontan. Se pou tout moun konnen kijan nou trankil: Granmèt la tou pre. Pa chaje tèt nou ak anyen; men nan tout kalite priyè, lè n’ap mande, antan n’ap di mèsi, se pou nou fè Bondye konnen sa nou bezwen.
Epi lapè Bondye a, ki depase tout sa nou kapab santi, se pou l’ kenbe kè nou ak entelijans nou yo nan Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Ki sa pou nou fè nou menm?"
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 3, 10-18
Lè sa a:
Foul yo t’ap poze Jan Kesyon, yo t’ap di: "Ki sa pou nou fè?"
Li reponn, li di yo: "Moun ki gen de chemiz, se pou l’ bay sa k’ pa genyen; moun ki gen manje, se pou l’ fè menm jan".
Kolektè yo te vini tou pou l’ te batize yo, yo t’ap di l’: "Mèt, ki sa pou nou fè?"
Li menm li di yo: "Pa fè anyen pi plis pase sa yo mete nou pou nou fè a".
Sòlda yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: "Ki sa pou nou fè nou menm?"
Li di yo: "Pa fè brital ak pèsòn, pa denonse pèsòn antan n’ap fè manti, kontante nou ak lajan yo peye nou an".
Pèp la t’ap kalkile, tout moun t’ap reflechi nan kè yo osijè Jan, si se pa li menm ki te Kris la. Jan pran lapawòl, li di tout moun: "Mwen menm se nan dlo m’ap batize nou; gen youn ki pi fò pase m’, k’ap vini, mwen pa merite defèt lasèt sapat li; se li menm k’ap batize nou nan Lespri Sen an ak nan dife. Pèl la nan men l’, l’ap netwaye glasi l’, l’ap ranmase ble l’ nan depo l’; kanta pay yo menm, l’ap boule yo nan dife ki p’ap etenn nan".
Avèk anpil lòt bagay ankò li t’ap ankouraje pèp la antan l’ap bay bòn nouvèl la.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Fèt Nwèl la prèt pou rive. Nan moman sa yo, nou kapab wè anpil piblisite nan magazen, nan radyo, nan televizyon epi tout kote sou fèt la. Tout moun ap prepare, fè pwòpte pou mete kay yo bèl. Sa se byen, sa enpòtan anpil men nan twazyèm dimanch Tan Lavan, dimanch yo rele “Gaudete”, sa vle di ‘‘lajwa’’, litiji a ap envite nou dekouvri yon bagay ki pi enpòtan toujou, yon bòn nouvèl. Jezi, Pitit Bondye a ap vini abite nan mitan lèzòm. Li tou pre rive. Bòn nouvèl sa a pral yon reyalite nan yon semèn. Se poutèt sa tèks nou pwoklame yo di nou : Fè kè w’ kontan "Fè lwanj, pitit fi Siyon ! Fè kontantman ou eklate, Izrayèl ! Fè kè ou kontan, danse ak tout kè ou, pitit fi Jerizalèm ! Granmèt la efase jijman w’ nan, li chase lènmi w’ yo; wa Izrayèl la se Granmèt la nan mitan ou, ou p’ap pè malè ankò.
Yon kè kontan k’ap dire pou tout tan, ki ranpli nou epi ki kapab gaye tout kote. Pwofèt Sofoni di nou Bondye prezan nan mitan pèp li a, se li k’ap kòmande. Prezans Bondye nan mitan pèp la pote lajwa ki manifeste nan danse, chante, fete. Pi plis toujou, bòn nouvèl prezans Bondye nan mitan nou pote konfyans, lapè, fratènite, solidarite.
Nan sans sa a, Levanjil nou pwoklame nan twazyèm dimanch Tan Lavan an fondamantal. Mesaj sen Jan Batis la enpòtan anpil nan preparasyon Fèt Nwèl la. L’ap ede nou nan fason n’ap prepare fèt la. Li ekzijie nou yon chanjman, yon konvèsyon tout bon, pou nou kapab dekouvri prezans Bondye epi kite prezans sa fè efè sou nou. Nou kapab poze menm kesyon pèp la te poze sen Jan Batis la : Kisa nou dwe fè pou nou prepare vini Jezi a ? Repons lan kapab diferan pou chak moun se vre ; men sa ki enpòtan nou sonje fèt Nwèl pa fete nan rayisans, jalouzi, injistis, egoyis, paske Bondye pa dakò ak sa.
Kidonk frè m’ak sè m’ yo, ann fè yon jefò an plis pou nou kapab prepare bèl fèt Nwèl la, Bondye ki tounen moun, ki abite pami nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, mèsi anpil pou Pitit ou a ou voye vin mete lajwa nan kè nou etan li vin fèt nan mitan nou tankou yon ti pòv pami bann zanimo yo ; tanpri ede nou konprann kalite delivrans li pote pou nou an, pou nou kapab resevwa li chak jou nan lavi nou ak kè nou toujou kontan.
PWOPOZISYON: M’ap pataje kè kontan mwen an ak tout moun, sitou sila yo ki tris.
No hay comentarios:
Publicar un comentario