Páginas

SAMDI 12

Koulè Blan
NOTREDAM GWADALOUPE, PATWÒN AMERIK LA
(Fèt).
PREMYE LEKTI
"Men ti fi ki vyèj la ap vin ansent".
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 7,10-14
Jou sa yo,
Granmèt la pale avèk Akaz, li di: "Mande Granmèt Bondye ou la yon siy nan bafon anba tè a oubyen nan syèl la anwo nèt la".
Akaz di: "Mwen p’ap mande, mwen p’ap eseye Granmèt la".
Izayi di: "Koute non, kay David: èske sa pa kont nou pou n’ap fatige lèzòm, pou nou rive ap fatige ata Bondye m’ nan? Se pousa Granmèt la li menm ap ba nou yon siy: Men vyèj la ap vin ansent, l’ap fè yon ti gason, y’ap rele non l’ Emanyèl, paske Bondye-avèk-nou".
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 66, 2-3.5. 7-8 (r. ; 4)
R/ Se pou pèp yo fè lwanj ou, Bondye, se pou tout pèp yo fè lwanj ou.
Se pou Bondye pran pitye pou nou, se pou l’ beni nou; se pou l’ fè figi l’ klere sou nou.
Pou yo rekonèt chemen ou yo sou tè a, delivrans ou a nan tout nasyon yo. R.
Se pou nasyon yo kontan, se pou yo danse, paske ou jije pèp yo yon fason kòrèk, ou dirije nasyon yo sou tè a.R.
Tè a bay fwi l’; Bondye beni nou, Bondye nou an; se pou Bondye nou an beni nou, se pou tout limit tè a respekte l’.R.
DEZYÈM LEKTI
"Bondye voye Pitit li a, ki fèt sot nan madanm nan".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 4,4-7
Fre m’ yo:
Lè tan an rive bout li, Bondye voye Pitit li a ki fèt sot nan madanm nan, ki fèt anba lalwa a, pou l’ te kapab delivre nou, nou menm ki te anba lalwa a, pou nou te kapab vin tounen pitit adoptif. Laprèv nou se pitit, sèke Bondye voye Lespri Pitit li a nan kè nou, l’ap rele: "Aba. Papa". Konsa pa gen esklav ankò, men se pitit ki genyen. Si se pitit, se eritye gras a Bondye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Kote sa sòti pou mwen pou manman Granmèt mwen vin kote m’»?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 39-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari.
Li salye Elizabèt, rive, kon Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, epi Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:
"Ou beni nan pami tout fi; epi li beni tou, fwi vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’? Gade, kon vwa ou rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan ti pitit la danse nan vant mwen ak kè kontan. Se chans pou ou, poutèt ou te kwè, paske sa Granmèt la voye di ou yo, y’ap reyalize".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Legliz la ap fete Notredam Gwadaloupe, ki se Patwòn Amerik la. Non sa se yon lòt nou yo bay Manman Mari, lè y’ap pale de li tankou Manman Kontinan Ameriken an. Men an reyalite, Mari pa sèlman manman kontinan sa, li se manman tout moun alawonnbadè.
Fèt jodi a ap fè nou sonje gwo wòl timandanm sa te jwe pou nou te kapab rive genyen Jezi, Sovè nou an. Menm jan Jezi aprann nou rele Bondye ‘‘Papa’’ (Mat 6, 9), se konsa tou li aprann nou rele Mari ‘‘Manman’’ (Jn 19, 26-27).
Nou pa bezwen pè rele Mari Manman nou, se sa li ye. Se Manman ki renmen nou e li toujou prè pou li pote nou sekou, se pou sa kòm Patwòn peyi Ayiti nou rekonèt li tankou «Manman Pèpetyèl Sekou». Manman sa a se modèl nou, modèl lapriyè, disponiblite, obeyisans, lafwa, kouraj, sèvis. Se entèmedyè nou, li konnen tout sa nou bezwen, se poutèt sa, sa li pa kapab ba nou li mande Pitit li a li pou nou. Manman sa a se kanal, se atravè li menm nou resevwa Jezi, se atravè li menm nou resevwa tout gras nan men Bondye.
Manman sa san tach: Bondye te rezève li depi byen davans pou li te kapab vin Manman Jezi. Se pou sa li fèt san mak peche orijinèl la. Manman sa a se kle delivrans nou, san li nou pa t’ap gen Jezi ki delivre nou an. Li se kolaboratè Bondye. Elizabèt, kouzin Mari a, lè li te plen ak Lespri Sen an, li te gen yon kantantman ekstrawòdinè. Tande sa li te di Mari: «Ou beni nan pami tout fi; epi li beni tou, fwi vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’!».
Mari plen ak Lespri Sen an, kidonk li plen ak Bondye. Se pou sa li chante chan nou rele ‘‘Mayifikat’’ la pou li li fè lwanj ak konpliman pou Bondye ki leve li anlè:
«Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.
Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li.
Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di:
Ou se yon fanm Bondye beni!
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen.
Non li, se yon non pou tout moun respekte.
L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li.
Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li.
Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.
Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo.
Li leve moun ki pa gen pretansyon yo.
Li bay moun ki grangou yo anpil byen. Li voye rich yo ale san anyen.
Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, daprè pwomès li te fè zansèt nou yo» (Lik 1,46-55).
LAPRIYÈ: Mèsi Jezi pou Manman w’ ou ba nou, tanpri aprann nou renmen li chak jou menm jan ou te renmen li. Tanpri, fè nou merite jwenn gras nan men Bondye gras a lapriyè l’ap fè an favè nou. Pa pouvwa ou menm ki vivan, ki wa, jodi a e pou tout tan. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap pran yon ti moman nan jounen an pou mwen pale ak Manman Mari, m’ap di l’ mèsi paske gras a li menm mwen resevwa tout gras nan men Bondye.

No hay comentarios:

Publicar un comentario