Koulè Blan
FRANSWA GZAVYE KI
SEN, PRÈT
(Memwa)
PREMYE MOSO LABIB
“Madichon pou mwen, si m’ pa preche Bòn Nouvèl la”
NAN PREMYE LÈT APOT
PÒL KI SEN, POU KORENTYEN YO 9, 16-19. 22-23
Frè m’ yo:
Si m’ap preche Bòn
Nouvèl la, se pa yon onè pou mwen, se yon nesesite ki blije m’ fè l’; madichon
pou mwen, si m’ pa preche Bòn Nouvèl la! Si m’ fè l’ avèk pwòp volonte m’ mwen
gen rekonpans mwen; men si m’ obeyi volonte yon lòt, se yon misyon yo ban mwen.
Ki rekonpans mwen
genyen? Se antan m’ap preche Bòn Nouvèl la, mwen ofri Bòn Nouvèl la san m’ pa
resevwa anyen, pou m’ pa jwi pouvwa mwen genyen nan Bòn Nouvèl la.
Reyèlman, malgre mwen
lib parapò a tout moun, mwen vin tounen esklav tout moun, pou m’ pran tèt anpil
moun.
Mwen vin fèb avèk fèb
yo, pou m’ pran tèt sa k’ fèb yo; mwen fè ou tout jan ak tout moun, pou m’ sove
tout moun. Mwen fè tout bagay poutèt Bòn Nouvèl la, pou m’ patisipe ladan l’
tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 95, l-2a. 2b-3. 7-8ab.
10
R/ Anonse mèvèy Granmèt la nan tout pèp yo.
Chante pou Granmèt la
yon kantik nouvo, chante pou Granmèt la, tout tè a.
Chante pou Granmèt
la, fè konpliman pou non l’.R.
Anonse jou an jou
delivrans li. Anonse glwa l’ pami nasyon yo,
nan tout pèp yo mèvèy
li yo.R.
Pote bay Granmèt la,
fanmi pèp yo, pote bay Granmèt la glwa ak pouvwa,
pote bay Granmèt la
glwa non l’.R.
Di nan nasyon yo:
“Granmèt la wa”
L’ap drese fas tè a
pou l’ pa souke;
l’ap jije pèp yo nan
jistis.R.
LEVANJIL
“Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la”
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MAK KI SEN 16, 15-20
Lè sa a:
Jezi parèt devan onz
yo, li di yo: “Ale sou tout tè a, preche Bòn Nouvèl la bay tout kreyati. Moun
ki kwè epi ki batize, l’ap sove; moun ki pa kwè, l’ap kondane.
Men siy k’ap akonpaye
moun ki kwè yo: o non m’ y’ap chase demon yo, y’ap pale lang nouvo, y’ap pran
sèpan mechan nan men yo, si yo bwè pwazon, yo p’ap gen anyen, y’ap poze men sou
malad yo, malad yo ap geri”.
Lè l’ fin pale avèk
yo, Granmèt, Jezi monte nan syèl la, li chita adwat Bondye. Yo menm yo pati,
y’al preche tout kote; Granmèt la t’ap travay avèk yo, li t’ap bay prèch yo fòs
avèk siy ki t’ap akonpaye yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a Legliz la ap
fete Franswa Gzavye ki sen. Nan okazyon sa a li enpòtan pou nou raple nou kèk
enfòmasyon sou gran misyonè sa a. Franswa Gzavye mouri 3 desanm 1552 nan misyon
nan Kontinan Lazi. Se yon gwo misyonè ki te travay anpil nan kontinan sa a.
Legliz la rekonèt li kòm patwon tout misyonè pou bèl travay levanjelizasyon li
te reyalize epi pou gwo ekzanp lavi li. Se yon misyonè ki te pran nesans nan
peyi Espay nan dat 7 avril, lane 1506, nan yon fanmi kretyen kote li te resevwa
premye fòmasyon ak lafwa.
Nan lane 1525,
Franswa Gzavye te vwayaje nan peyi Lafrans kote li ta pral pase onz lane nan lavil
Pari, pou li te kapab pran fòmasyon nan plizyè nivo. Se yon etap enpòtan ki te
make lavi sen an. Aprè sa, Franswa te rankontre ak Inyas nan peyi Itali kote yo
te travay ansanm epi tou kote li te kontinye fòmasyon espirityèl li. Nan vil
Wòm li te resevwa premye ministè apostolik li. Pami tout travay sen Franswa
Gzavye te reyalize nan lavi misyonè li, nou kapab raple n’: li te fè pwomosyon
pou vokasyon natif yo, li te travay nan keksyon edikasyon ak katechèz. Li te
rive louvri misyon nan plizyè zòn nan Ekstrèm Oryan.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm ki te fè anpil pèp vin jwenn ou gras a prèch
Franswa ki sen, fè nanm fidèl yo boule ak menm chalè lafwa a, fè Legliz la ki
sen an kontan nan anpil pitit li genyen tout kote yo. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Mwen vle viv chak jou,
espesyalman jodi a, tankou yon vrè disip misyonè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario