Páginas

VANDREDI 4

Koulè Vyolèt
PREMYE PREMYE MOSO LABIB
Jou sa a, je avèg yo ap wè.
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 29,17 -24
Men pawòl Granmèt Bondye:
"Nan kèk tan, nan yon ti moman, èskè mwen pap fè Liban an tounen yon jaden, jaden an menm, l ap vi n tankou yon gran rak bwa? Jou sa a, moun soud yo ap tande pawòl liv la, je aveg yo ap soti nan fènwa ak nan voual la pou yo wè, Moun ki tou dou yo y ap jwenn plis kè kontan nan Granmèt la, pòv yo ap danse nan sen Izrayèl la; paske moun ki t ap pwofite a, li tonbe; moun ki t ap pase Bondye nan rizib la, li fini; e y ap peri tout moun sa yo ki t ap pase tan yo ap fè sa k mal la, moun ki te konn ap fè lòt yo fè peche nan pawòl, ki te konn ap met jijman an anba pye yo nan tribinal la, ki te konn ap fè moun kòrèk la tonbe akòz manti yo. Se pou sa, men pawòl Granmèt la pou kay Jakòb la, li menm ki delivre Abraram: "Jakòb p ap wont ankò, figi l p ap wont ankò; men le l ap wè pitit li yo, travay men m fè, y ap fè wè jan non m sen, y ap fè wè jan sen Jakòb la li sen tout bon vre, y ap preche Bondye Izrayèl la; moun ki fèb nan lespri, y ap gen konpreyansyon, rebèl yo ap aprann lalwa a".
Pawòl Granmèt la.

SÒM 26, 1.4.13- 14
R/ Granmèt la se Limyè m’ak delivrans mwen.
Granmèt la se limyè m’ak delivrans mwen, ki moun pou m’ pè? Granmèt la se pwoteksyon lavi m’, devan ki moun pou m’ tranble? R.
Yon sèl bagay mwen mande Granmèt la, se sa m ap chèche: abite lakay Granmèt la tout tan lavi m’, pou m’ wè dousè Granmèt la, pou m’ vizite kay sakre l’ la. R.
Mwen kwè m’ap wè byen Granmèt la nan tè vivan yo. Tann Granmèt la, pran kouraj, asire ke ou, apiye sou Granmèt la.R.
LEVANJIL
Antan yo kwè nan Jezi, de avèg yo geri.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 9, 27 -31
Lè sa a:
Pandan Jezi ap travèse, de avèg ap swiv li antan y ap rele byen fò, y ap di: "Pitye pou nou pitit David". Lè l rive nan kay la, avèg yo pwoche kote l. Jezi di yo: "Èskè nou kwè mwen kapab fè sa pou nou?" Yo di l’ : "Wi, Granmèt" Lè sa a atò li touche je yo, li di: "Daprè lafwa nou, se pou sa fèt pou nou". Je yo louvri vre. Jezi fè yo menas, li di: "Fè atansyon pou pèsonn pa konnen." Yo menm lè yo sòti, yo gaye nouvèl la nan tout peyi a.
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Granmèt la ki gen tout pou pouvwa.
REFLEKSYON : Si nou kwè tout bon vre nan sila k’ap vini avèk tout pouvwa li a, tout moun ki nan fènwa va wè klè. De (2) avèg t’ap swiv Jezi, yo t’ap rele «Jezi pitit David la gen pitye pou nou». Epi, Jezi nan kè sansib li, li te wè jan yo gen lafwa, lè l’ rive nan kay kote l’ t’a prale a, nan tout senplisite avèg yo pwoche bò kote l’, e Jezi pa t’ meprize yo, li chita koute yo e li di yo : «Èske nou kwè mwen kapab fè nou wè»? Yon bagay moun sa yo t’ap chèche anlè yo jwenn li atè e yo reponn li «wi Granmèt». Li touche je yo, epi li di «se pou nou wè daprè lafwa nou» ; menm lè a yo vi n’ wè klè, Jezi te pase lòd pou yo pa di pèsonn sa.
Avèg sila yo ki te vin wè te santi yo pa t’ kapab rete an silans san yo pa rakonte sa Jezi fè pou yo. Se fason pa yo pou yo te anonse bòn nouvèl la nan tout zòn kote yo pase, paske yo te gen chans wè Sovè a avèk pwòp zye yo; avan sa yo te tande men yo pa t’ kab wè. Wi Granmèt la sèvi ak pouvwa li pou mete kanpe sila yo ki pi fèb yo, sa ki pi meprize yo, sa ki poko wè limyè a; se sa k’ fè, nan premye lekti a Granmèt la bay yon avètisman, avan lontan n’ap wè yon seri bagay nou pa t’ konn wè, lè sa a se va kè kontan pou sila yo ki pòv jodi a, jou sa a moun ki soud yo va tande pawòl la; zye avèg yo va louvri; tout sa k’ap viv nan fènwa va wè limyè Bondye.
Wi nou menm k’ap manje mizè jodi a, piga nou pè, pran kouraj, pa febli, lè jou sa a va rive n’a danse tèlman n’ap kontan. Wi, frè ak sè m’ yo, avètisman sa a se pou nou jodi a, nou menm k’ap soufri anba mizè, maladi, grangou, pèsekisyon. Se pou moun ki inosan k’ap peye pou koupab, pou moun k’ap chèche ti moso lapè. Granmèt la ap fè n’ konnen nou mèt pran kouraj, Bondye di pèp ki maltrete a li pa lwen delivre; se menm Bondye sa a ki te delivre Abraram nan, nou mèt mete konfyans nou nan Li. Tout sa ki kwè e ki konte sou li pa gen dwa pran wont, tout sa ki jwe sou li p’ap janm pèdi, paske nou pa annafè ak yon Bondye kadav men yon Bondye vivan, yon Bondye ki san parèy.
An nou pwofite pandan Tan Lavan sa a pou n’ pran rezolisyon kase tèt tounen vin jwenn Bondye, kase tout bit mòn ki anpeche nou fè lapè, ki anpeche nou rankontre Granmèt la, ki anpeche nou fè lapè nan kominote nou, nan sosyete a. An nou pran tan sa a pou nou prepare wout pou Granmèt la, lè sa a se va kè kontan total.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri louvri je m’ pou m’ wè tout mèvèy ou yo, paske ou se limyè ki klere tout sa ki nan fènwa ak lonbraj lanmò a. Amèn!
PWOPOZISYON: M’ap eseye dekouvri kisa ki fè mwen avèg jodi a. M’ap pran desizyon debarase m’ avèk li o non Granmèt la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario