Koulè
Vyolèt
PREMYE MOSO
LABIB
"Men
renmen m’ nan ap vini, l’ap sote sou mòn yo".
NAN LIV KANTIK DE KANTIK 2, 8-14
Vwa renmen m’ nan: men l’ap vini, l’ap vòltije sou mòn
yo, l’ap sote sou ti wotè yo. Renmen m’ nan tankou yon kabrit, yon pitit
mouton. Men li, li kanpe dèyè miray nou an, l’ap gade nan fenèt yo, l’ap obsève
nan pèsyèn yo.
Men renmen m’ nan ap pale avèk mwen: "Leve, fè vit,
zanmi m’, toutrèl mwen, bèlte m’. Tan frèt la deja pase, lapli a pati, 1’al fè
wout li. Flè yo parèt sou tè nou an, tan womans yo rive; nou tande vwa toutrèl
la sou tè nou an; pye figye a donnen premye fwi l’ yo, pye rezen yo fleri, yo
bay bon lodè yo.
Leve, zanmi m’, bèlte m’, vini, toutrèl mwen, nan fant
wòch la, nan twou falèz la. Montre m’ fas ou, vwa ou sonnen nan zòrèy mwen; vwa
ou dous, figi ou bèl".
Pawòl Granmèt la.
SÒM 32, 2-3. 11-12. 20-21
R/ Fete pou Granmèt la, nou menm ki kòrèk
yo, chante yon kantik nouvo pou
li.
Fè lwanj pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd
la, chante pou li.Chante yon kantik nouvo pou li, jwe mizik byen
pou li avèk gran bravo. R.
Men plan Granmèt la rete pou tout tan, kalkil kè l’ pou
jenerasyon ak jenerasyon.Ala kontantman pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou
Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a. R.
Nanm nou ap konte sou Granmèt la, paske se sekou nou ak
pwoteksyon nou li ye;paske se nan li kè nou ap fete, se nan non l’
ki sen an n’ap espere. R.
LEVANJIL
''Kote sa sòti
pou mwen pou manman Granmèt mwen vin kote m’"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1, 9-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan
yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, kon Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse
nan vant li, epi Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:
"Ou beni nan pami tout fi, epi li beni tou, fwi vant
ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’? Gade, kon
vwa ou rive nan zòrèy mwen lè w’ salye m’ nan, ti pitit la danse nan vant mwen
ak kè kontan. Ala kontantman pou ou, poutèt ou te kwè, paske sa Granmèt la voye
di w’ yo, y’ap reyalize".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Twazyèm semèn nan
tan Lavan an rele semèn kè kontan paske Sovè n’ nan prèt pou vizite n’. Liv
Kantik yo ke yo rele Liv powèm montre nou kijan nan Labib la maryaj se yon
bagay ki dakò ak volonte Bondye ; se poutèt sa yo toujou pran maryaj la
tankou yon modèl pou eksplike nou ki kalite rapò Bondye genyen avèk moun sou tè
a ; se tankou de moun ki renmen. Se konsa Jwif yo te konn chwazi pi bèl
chan sa yo kòmkwa yo ta vle chante nòs Bondye ak pèp Izrayèl la.
Jodi a se ti pawòl sa yo k’ap
sòti nan bouch Bondye, se pa nou k’ap di li nou renmen li, men se li k’ap di
nou li renmen nou. Nan ti pawòl l’ap di nou yo, ann mete nou atantif pou tande
vwa sa tankou lè yon fi mete tout atansyon li pou li tande sa yon gason ap di
li. Li dispoze li pou tande vwa fiyanse a k’ap vini, ki parèt nan fenèt la pou
l’ gade ; tout preparasyon gentan fèt pou l’ resevwa li, a la bèl bagay se
renmen, se konsa depi nan batèm nou Bondye chwazi nou kòm madam marye l’. Paske
li te chwazi nou, li toujou renmen nou. Nou menm ki kalite renmen nou genyen
pou mesye sa a? Se pou nou fè bagay ki fè kè l’ kontan: pran ka sa ki pi piti
yo, sila yo yo meprize yo, rann tout moun sèvis san gade sou figi moun.
Mari ba nou ekzanp li menm ki
te manman Bondye. Lè l’te konnen Bondye te chwazi l’ pou l’ manman Pitit li a,
malgre li pa t’ menaje kouraj li, li pa t’ di kounye a se mwen ki manman Bondye
m’ap rete chita pou yo vin sèvi m’, non ! Nan tout senplisite li leve li
pati, nan mòn peyi Jida pou l’al rann kouzin li Elizabèt sèvis. Nan menm moman
l’ap di li bonjou, ti pitit la kite nan vant li a gentan santi prezans
Granmèt la, li te kontan. Elizabèt di: Mari ou se yon fanm Bondye beni pase tout fanm sou latè paske ou te kwè
tout Pawòl Granmèt la te voye di w’ yo
gen pou rive vre.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mèsi, paske w’ pa gade sa mwen ye pou w’
vin lakay mwen. Aprann mwen renmen epi
sèvi lòt yo, selon ekzanp ou ba nou. Amèn
PWOPOZISYON: M’ap pote kole lakay mwen,
nan katye mwen pou tout moun ka gen kè kontan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario