Páginas

DIMANCH 20

Koulè Vyolèt
KATRIYÈM DIMANCH TAN LAVAN, ANE C
PREMYE MOSO LABIB
"Se nan ou yon chèf ap sòti pou Izrayèl".
NAN LIV PWOFÈT MICHE  5, 2-5a
Men pawòl Granmèt la:
Ou menm, Bètleyèm Efrata, ou tou piti nan lame Jida yo: se nan ou l’ap sòti pou mwen, sa a k’ap chèf nan Izrayèl la, liy papa li sòti depi nan kòmansman, nan jou tout tan yo. Se poutèt sa l’ap renmèt yo jous nan tan an kote sa a ki gen pou l’anfante a ap anfante; rès frè l’ yo ap tounen vin jwenn pitit Izrayèl yo. L’ap kanpe, l’ap gadiyen mouton yo ak fòs Granmèt la, ak glwa non Granmèt Bondye li.
Y’ap tounen, paske koulye a l’ap vin gran jous nan bout tè a. Li menm l’ap mete lapè.
Pawòl Granmèt la.
SÒM  79, 2ac e 3b. 15-16. 18-19
R/ Bondye, fè nou tounen, klere fas ou, pou nou kapab sove.
Ou menm k’ap gadiyen Izrayèl, pare zòrèy ou, ou menm ki chita anlè zanj yo, klere.Reveye pouvwa ou, vini, pou w’ sove nou.R.
Bondye lame yo, tounen;gade antan w’ nan syèl la, pou w’ wè, vizite jaden rezen sa a.Pwoteje sa men dwat ou te plante a, sou pitit moun nan ou te asire pou ou a. R.
Se pou men w’ sou moun men dwat ou a, sou pitit moun nan ou te asire pou ou a.Nou p’ap vire do ba ou, w’a ba nou lavi, n’ap rele non ou. R.
DEZYÈM MOSO LABIB
"Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou".
NAN LÈT POU EBRE YO  10, 5-10
Frè m’ yo:
Lè Jezikri ap antre sou tè a, li di: "Sakrifis ak kado, ou pa t’ vle sa, se yon kò ou te pare pou mwen; sakrifis yo boule pou peche, sa pa t’ fè w’ plezi, lè sa a atò mwen di: Men m’ap vini; nan tèt liv la yo ekri osijè m’, Bondye, pou m’ fè volonte ou".
Li di pi wo: "Sakrifis ak kado ak sakrifis yo boule pou peche, ou pa t’ vle sa, ni sa yo konn ofri daprè lalwa a, sa pa t’ fè ou plezi", epi aprè sa li di: "Men m’ap vini pou m’ fè volonte ou"; li wete premye a, pou l’enstale sa k’ vin aprè a. Se nan volonte sa a nou vin sen gras a kado kò Jezikri ki ofri tèt li yon fwa pou tout.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Kote sa sòti pou mwen pou manman Granmèt mwen vin kote m’"?
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 1,39-45
Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari, li salye Elizabèt.
Rive, kon Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, epi Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:
"Ou beni nan pami tout fi; epi li beni tou, fwi vant ou a. Epi kote sa sòti pou mwen, pou manman Granmèt mwen vin kote m’? Gade, kon vwa ou rive nan zòrèy mwen lè ou salye m’ nan, ti pitit la danse nan vant mwen ak kè kontan. Ala kontantman pou ou, poutèt ou te kwè, paske sa Granmèt la voye di ou yo, y’ap reyalize".
Annou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bon­dye a.
REFLEKSYON: Nan katriyèm dimanch Tan Lavan an, tèks nou li yo, y’ap ede nou apwofondi mistè Enkanasyon Pitit Bondye a nan mitan lèzòm. Litiji jodi a, se yon avan-gou selebrasyon fèt Nwèl la. Se yon ochan pou Mari ki di Bondye wi epi ki aksepte kolabore nan plan Bondye genyen pou pèp li a.
Jezi vini reyalize plan Bondye pou sove tè a nan tounen li tounen moun pou li abite nan mitan nou. Si nan kòmansman tan Lavan an nou te rankontre sen Jan Batis ki t’ap preche, ki t’ap mande pèp la pou li konvèti, pou li chanje kè li, jodi a nan denyè dimanch lan nou jwenn yon gwo ekzanp nan Mari, li menm ki te akeyi pawòl Bondye a, li te medite l’epi li te aksepte fè volonte Bondye.
Nan istwa lavi Mari ki te di wi epi ki vin tonbe ansent ak pouvwa Lespri Sen an, Bondye vin chanje tout bagay. Bondye vin renouvle tout bagay. Li fè lavi boujonnen toupatou (Nou sonje istwa Elizabèt, kouzin Mari a, li menm ki te esteril epi granmoun. Bondye ba li yon gwo pitit).
Pawòl la ede nou konprann kòman anyen pa enposib pou Bondye. Se Levanjelis Lik menm ki raple nou sa (Lik 1,37). Mari se nouvo Èv, se nan li tout espwa Ansyen Kontra a vin tounen yon reyalite. Nan Mari tout pitit Bondye yo resevwa lapè ak sovè  tè a. Kisa nou kapab aprann nan men Mari ? Anpil bagay, men m’ap raple nou  twa :
1-Mari akeyi mesaje Bondye te voye a, anj Gabriyèl, epi li te kwè nan pawòl li.  Elizabèt, kouzin Mari a, di li : «Ou beni Mari, paske ou kwè sa Granmèt la te anonse w’».
2- Nou kapab dekouvri disponibilite Mari, ki te prè pou l’ede kouzin li Elizabèt. Mari pataje lajwa li ak Elizabèt pandan l’ap ede l’ nan sèvis.
3-Nan okazyon sa a, Mari se yon mesaje lajwa prezans Bondye nan lavi nou. Levanji la di nou. Jou sa yo, Mari leve, li pati al nan mòn yo byen vit, nan yon vil Jida. Li antre nan kay Zakari. Li salye Elizabèt. Lè Elizabèt tande Mari salye l’, ti pitit la danse nan vant li, epi Elizabèt vin plen ak Lespri Sen an, li rele byen fò, li di:"Ou beni nan pami tout fi; epi li beni tou, fwi vant ou a.Sa se misyon Legliz la ak misyon tout kretyen batize. Se travay pou pote prezans Bondye a toupatou nan sèvis lòt yo, sitou sa ki pi pòv yo.  Mari se premye misyonè, Mari se egzanp pou Legliz la, Mari se egzanp pou nou tout. Mari se imaj yon Legliz ki vle temwen Jezikri, Pitit Bondye a, nan mitan lèzòm.
LAPRIYÈ:Granmèt, ou menm ki te voye sèl Pitit ou a vin fèt nan pami nou, tanpri ede nou viv yon fason ki pèmèt nou prepare gwo jou li gen pou vini an, etan n’ap rekonèt li la chak jou nan mitan nou.

PWOPOZISYON:Menm jan ak Mari, ann nou fè nou disponib e dispoze pou Bondye ka itilize nou tankou enstriman pou pote delivrans bay frè ak sè nou yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario