Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
“Nesans Samson
an, zanj la anonse a”
NAN LIV JIJ YO 13, 2-7. 24- 25a
Jou sa yo :
Te gen yon mesye nan Sorea nan ras Dan, yo te rele l’
Manwe, li te gen yon madanm ki te steril; zanj Granmèt la parèt devan madanm
nan; li di l’: “Fè atansyon pou ou
pa bwè diven ak bwason fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa pwòp; paske
w’apral ansent, w’a fè yon ti gason, razwa pa dwe touche tèt li: sèke li
konsakre pou Bondye depi l’ tou piti depi l’ nan vant manman, se li menm k’ap
kòmanse delivre Izrayèl sot nan men Filisten yo”.
Lè mari l’ rive, madanm nan di l’ : “Gen yon mesye Bondye ki te vin kote
m’, li te gen fas yon zanj, li te fè kè m’ sote anpil. Lè m’ mande l’ kilès li
te ye epi ki kote li te sòti epi ki non l’, li pa t’ vle di m’ ; men li
reponn mwen konsa : Men w’apral ansent epi w’ap anfante yon ti gason. Fè
atansyon pou ou pa bwè diven ni bwason fò, ni pou ou pa manje okenn bagay ki pa
pwòp ; sèke ti pitit la ap konsakre pou Bondye depi l’ tou piti, depi l’
nan vant manman l’ jous jou lanmò li”.
Konsa li fè yon ti gason, li rele non l’ Samson. Ti gason
an grandi, Granmèt la beni l’. Lespri Granmèt la kòmanse vin avèk li nan
abitasyon Dan yo ant Sorea avèk Estawòl.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 70,
3-4a. 5-6ab. 16-17
R/ Bouch mwen ap anonse delivrans ou,
Granmèt.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch sitadèl, ak yon kay-defans pou
ou sove m’, paske fòs mwen ak kachèt mwen, se ou menm, Bondye mwen, wete m’ nan
men moun peche a.R.
Paske se ou menm ki esperans mwen, Granmèt ;
Granmèt, esperans mwen depi m’ tou jèn. Se sou ou mwen apiye depi m’ nan vant,
depi m’ nan vant manman m’ se ou menm ki soutni m’.R.
M’ap vin kot pouvwa Granmèt la : Granmèt, m’ap fè
sonje jistis ou ki pa gen parèy la. Bondye, ou ban m’ansèyman depi m’ tou
jèn ; jous koulye a m’ap anonse mèvèy ou yo.R.
LEVANJIL
“Nesans Jan
Batis Gabriyèl anonse a”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 5-25
Nan tan Ewòd yo, wa Jide a, te gen yon prèt yo te rele
Zakari, nan ras Abya, madanm li te sòti nan yon fanmi Aawon, non l’ se te
Elizabèt. Yo toulede te kòrèk devan Bondye, yo te obeyi tout kòmandman ak
desizyon Granmèt la san kont. Men yo pa t’ gen pitit, paske Elizabèt te steril,
yo toulede te avanse nan laj yo.
Rive, pandan li t’ap fè sèvis prèt li nan ran klas li
devan Bondye, daprè abitid prèt yo, sò a tonbe sou li pou l’ prezante lansan
antan l’antre nan Tanp Granmèt la ; tout foul pèp la te deyò, yo t’ap
priye pandan lè lansan an.
Zanj Granmèt la parèt devan l’, li kanpe adwat lotèl
lansan an. Zakari twouble lè l’ wè sa, sezisman tonbe sou li.
Zanj la di l’ : “Pa
pè, Zakari, yo tande priyè w’ la ; madanm ou, Elizabèt, ap fè yon ti gason
ba ou, w’ap rele non l’ Jan, w’ap kontan, w’ap fete, anpil moun ap kontan nan
nesans li. Sèke l’ap gran devan Granmèt la, li p’ap bwè diven ak alkòl, l’ap
plen Lespri Sen an depi nan vant manman l’. L’ap fè anpil pitit Izrayèl yo
tounen kot Granmèt Bondye yo a. Li menm l’ap mache devan l’ nan Lespri ak
pouvwa Eli, « pou l’ fè kè papa yo vire kot pitit yo », pou l’ fè
moun ki pa kwè yo vin gen entelijans moun kòrèk yo, pou l’ pare yon pèp ki
kòrèk nèt pou Granmèt la”
Zakari menm di zanj la. “Kòman m’ap fè konn
sa? Sèke mwen menm mwen se yon granmoun, epi madanm mwen avanse nan jou l’ yo”.
Zanj la reponn, li di l’ : “Se mwen menm Gabriyèl, ki kanpe devan Bondye ; li voye m’ pou
m’ pale ak ou, epi pou m’anonse ou bòn nouvèl sa yo. Ebyen men w’apral baba epi
ou p’ap kapab pale jous nan jou bagay sa yo ap fèt, poutèt ou pa t’ kwè pawòl
mwen yo, k’ap reyalize nan tan yo”.
Foul la menm t’ap tann Zakari, yo te sezi poutèt li te
mize nan Tanp la. Lè l’ sòti menm li pa t’ kapab pale avèk yo, yo te rekonèt se
yon vizyon li te genyen nan Tanp la. Li menm menm li t’ap fè yo siy, epi li
te rete baba.
Rive, lè jou sèvis li yo fini, li pati al lakay li. Aprè
jou sa yo, Elizabèt madanm li vin ansent, li te ret kache, pandan senk mwa, li
t’ap di: “Se konsa Granmèt la
aji avèk mwen, nan jou sa yo, kote li voye je pou l’ wete wont mwen an nan pami
lèzòm yo”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON :
Pouvwa Bondye se yon bagay nou pa kapab mezire ak pwòp ti entelijans nou,
paske Bondye pi gran pase nou, se kreyati li nou ye. Entelijans li ba nou twò
piti pou nou ta rive konprann li nan Sajès li ki san mezi ak nan renmen li ki
san limit.
Gen yon gwo vid ki separe Kreyatè a ak kreyati a. Nou li
de tèks jodi a ki sanble tèt koupe: Youn pale de istwa nesans Samson; lòt la
pale de istwa nesans Jan Batis. Nan tou de istwa sa yo nou wè Bondye fè gwo
entèvansyon, kidonk se Bondye k’ap aji, atravè mesaje li. Tou de istwa yo
montre kòman Bondye kapab aji nan feblès nou. Lè tout bagay parèt enposib pou
nou, lè nou santi nou dekouraje, n’ap pase wont nan sosyete a, Bondye li menm
li kapab aji pou li leve tèt nou. Paske li Se Bondye Abraam, Izaak ak Jakòb la,
li se Bondye ki onore pwomès li, li se yon Papa fidèl. Nan premye moso labib
la, Manwe se te yon nèg ki pa t’ espere gen pitit ak madanm li, paske madanm
nan te steril; sa vle di li pa t’ gen kapasite natirèl pou li te fè pitit.
Nan kilti pa nou, nou konnen lè yon fi steril ki non yo
ba li, epi kijan fi sa kapab santi li jennen pou li mache nan sosyete a. Se yon
sitiyasyon ki vrèman imilyan, sitou lè tout moun konnen entèl se yon jèn fi ki
gen 5 an oubyen 10 zan depi li marye epi li pa janm fè pitit. Nan Levanjil la
nou wè Elizabèt, madanm Zakari te twouve li nan ka sa tou, li te steril epi li
te avanse nan laj. Kidonk se yon fi ki te dezespere gen pitit. Men nou wè
pandan Zakari t’al prezante lansan nan Tanp la Bondye te anonse li yon bòn
nouvèl, li di li atravè zanj Gabriyèl: «Pa pè, Zakari, yo tande priyè w’
la ; madanm ou, Elizabèt, ap fè yon ti gason ba ou, w’ap rele non l’ Jan,
w’ap kontan, w’ap fete, anpil moun ap kontan nan nesans li…».
Mezanmi, se yon istwa ki envite nou mize lavi nou sou
Bondye epi pou nou mete tout konfyans nou nan li, paske se Bondye sèl ki ka
pote lavi ak lespwa pou nou. Se li menm sèl ki kapab chanje lavi nou, se li
menm sèl ki kapab leve tèt nou devan sosyete a.
LAPRIYÈ:Bondye, ou menm ki devwale klète glwa
ou bay tè a, gras a Pitit Lavyèj ki sen an anfante a, tanpri, mistè gran Bondye
sa a ki vin pran chè a, fè nou adore l’avèk yon lafwa ki entak, fè nou toujou
frekante l’avèk tout respè nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap fè Bondye plis konfyans nan pwoblèm mwen yo, paske
li gen tout pouvwa.
No hay comentarios:
Publicar un comentario