Koulè Wouj
INOSAN YO KI
SEN, Mati
(Fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
“San Jezikri
pwòpte nou sot nan tout peche”
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN 1,
5-2, 2
Nou menm mwen renmen anpil la:
Men mesaj la nou te tande nan
Jezikri a epi nou te anonse nou an: Bondye se limyè, pa gen okenn fènwa nan li.
Si nou di nou se zanmi l’ epi n’ap mache nan fènwa, nou fè manti, nou pa fè
verite; men si n’ap mache nan limyè, menm jan li menm li nan limyè a, nou youn
zanmi lòt, san Jezikri, Pitit li a, pwòpte nou sot nan tout peche.
Si nou di nou pa gen peche, nou
twonpe pwòp tèt nou, verite a pa nan nou. Si nou konfésé péché nou yo, li
fidèl, li kòrèk, pou l’ padonnen nou peche nou yo, pou l’ pwòpte nou sot nan
tout fot. Si nou di nou pa fè peche, nou fè manti, pawòl li a pa nan nou.
Ti pitit mwen yo, mwen ekri nou sa
pou nou pa fè peche; men si yon moun fè peche, nou gen yon avoka kot Papa a, se
Jezikri ki kòrèk, li menm li se padon pou peche nou yo; pa pou peche nou yo
sèlman, men pou peche tout tè a tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
123, 2-3. 4-5. 7b-8
R/
Nan nou
tankou yon zwazo ki chape sot nan pyèj chase yo.
Si Granmèt la pa t’ nan nou, lè moun
yo leve kont nou an,
Petèt se tou vivan yo t’ap vale nou,
lè raj yo t’ap boule kont nou an.R.
Petèt dlo a t’ap nwaye nou, rivyè a
t’ap pase anlè tèt nou, petèt yo t’ap pase anlè tèt nou, dlo yo k’ap bouyi yo.R.
Pyèj la kraze, nou menm nou chape,
sekou nou o non Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.R.
LEVANJIL
“Ewòd touye
tout ti gason, ki te nan Bètleyèm”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 2, 13-18
Lè maj yo pati, men zanj Granmèt la
parèt nan sonj devan Jozèf, li di: “Leve, pran ti pitit la ak manman l’, sove
kò ou nan Ejip, rete la joustan m’a di ou; sèke Ewòd a pral chèche ti pitit la
pou l’ touye li”.
Li leve, li pran ti pitit la ak
manman l’ nannuit la, li pati Ejip. Li rete la joustan Ewòd mouri, pou pawòl
Granmèt la te di pa lentèmedyè Pwofèt la te kapab reyalize: “M’ap rele pitit
mwen an sot Ejip”.
Lè sa a atò, Ewòd wè kijan maj yo te
twonpe l’, li fache anpil; li voye touye tout ti gason ki te nan Bètleyèm ak
tout alantou Bètleyèm yo, depi dezan avèk pi ba, daprè tan li te kalkile sou sa
maj yo te di a.
Lè sa a atò pawòl pwofèt Jeremi an
reyalize: Yo tande yon vwa nan Rama, l’ap kriye, l’ap rele anpil: Rachèl k’ap
kriye pou pitit li yo, li pa vle yo konsole l’, paske yo mouri”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Levanjil jodi a vle
montre nou depi lontan lèzòm jalou, yo egoyis, yo renmen pouvwa, youn ap
dechire lòt. Nan yon fason espesyal, Legliz la prezante nou tout ti inosan sa
yo ki t’ap mouri paske wa Ewòd te aprann gen yon lòt wa Toupuisan ki gen pou
vini; kidonk li pa t’ vle pèdi plas li. Se konsa li te mande
pou touye tout ti gason ki te fèt nan epòk sa. Nan yon fason oubyen yon lòt
timoun sa yo mouri mati pou Jezi san yo pa t’ ko menm gen lespri.
Levanjil la kapab ede nou konprann tou
sitiyasyon k’ap pase nan zafè migrasyon nan mond lan, men yon fason espesyal pi
pre nou la a nan fwontyè nou genyen ant Ayiti ak Ladominikani. Nou kapab rann
nou kont Jezi li menm tou li te viv sitiyason emigre a tou: li te oblije kite
lakay li pou li t’al refijye li nan yon lòt kote pou li pa t’ mouri. Tout sa kapab ede nou
konprann ke afè migrasyon an pa yon dezonè. Nenpòt ki moun depi li santi lavi
li menase li kapab al chache yon lòt kote pou repoze tèt li.
Nan tan pa nou an, koz yo anpil, nou genyen
grangou, lamizè, pèsekisyon politik, elatriye, k’ap fè moun yo kite kay yo pou
yo kapab al chache yon lavi pi trankil, yon lavi miyò.
Li enpòtan pou nou trete moun sa yo ak diyite
paske malgre sitiyasyon lavi yo, se pitit Bondye yo ye. E lè dwa sa yo pa
respekte, li enpòtan pou nou mande otorite konpetan yo pou travay pou yo kapab
respekte, paske se yon dwa nou genyen kòm moun.
Nan levanjil la tou nou kapab kontanple kesyon
obeyisans la tou. Jozèf pa t’ fè tèt di lè Bondye te pale ak li. Pou li te
kapab sove lavi ti Jezi li te leve nan mitan lannuit la ansanm ak fanmi li, san
li pa t’ menm konn kote yo t’a prale, yo t’ap chache yon kote pou refijye tèt
yo. Li enpòtan pou mesye marye yo kapab pran ekzanp Jozèf la nan fanmi yo, se
pa fè timoun nan epi lage manman, li enpòtan pou mesye yo kapab sèvi bon anj
gadyen pou fanmiy yo, pou yo kapab sousye pou madanm yo, pitit yo. Yon lòt fwa
ankò Jezi montre nou lavi a pa fasil, pèsekisyon n’ap toujou jwenn sa, paske li
menm tou li te soufri, yo te pèsekite li. Kidonk soufrans sa yo pa dwe sèvi
baryè pou nou sispann lite nan lavi nou. Konfyans nou dwe toujou rete nan
Bondye paske se li menm sèlman ki kapab ba nou limyè nou merite pou nou kapab
depase sitiyasyon difisil yo. Pandan n’ap batay pou konbat enjistis nan sosyete
nou yo ann fè jefò chak jou pi plis pou nou kapab mete konfyans nou nan Bondye
nou an.
LAPRIYÈ: Bondye, ou menm jodi a mati inosan
yo fè lwanj ou san yo pa pale men nan mouri yo mouri a tanpri, fè lafwa w’ la,
lang nou ap deklare a, nou deklare l’ tou nan konduit nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Priye pou gen lapè nan
lemond. Sonje tout inosan ki mouri akoz zak teworis.
No hay comentarios:
Publicar un comentario