Koulè Blan
(DIMANCH ANNDAN SEMÈN NESANS GRANMÈT LA)
FANMI JEZI,
MARI AK JOZÈF KI SEN AN
(Fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
“Moun ki
respekte Granmèt la, li gen konsiderasyon pou paran l’ yo”
NAN LIV SIRASID 3,3-7. 14-17a
Bondye fè papa a jwenn konsiderasyon nan pitit
yo, li asire jijman manman an sou pitit yo. Moun ki renmen Bondye, l’ap jwenn
padon pou peche yo, l’ap kenbe kò l’ lwen yo, nan lapriyè chak jou l’ap jwenn
sa l’ap mande a. Epi, tankou moun k’ap ranmase richès, se konsa moun ki gen
konsiderasyon pou manman l’; moun ki gen konsiderasyon pou papa l’, l’ap jwenn
kontantman nan pitit yo, jou lapriyè l’, l’ap jwenn sa l’ mande a. Moun ki gen
konsiderasyon pou papa l’, l’ap viv lontan; moun ki obeyi papa a, l’ap rafrechi
kè manman an. Pitit mwen, sipòte vyeyès papa ou, pa fè l’ lapenn nan lavi l’;
epi si lespri l’ febli, padonnen l’, pa meprize l’ nan fòs ou a; yo p’ap bliye
charite ou fè papa a; nan plas peche manman an se byen y’ap renmèt ou, y’ap
bati l’ pou ou nan jistis la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 127, 1-2. 3. 4-5
Se chans pou moun ki respekte Granmèt la, k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se chans pou tout moun ki respekte Granmèt la,
k’ap mache nan chemen l’ yo.
Se travay men ou w’ap manje, se
chans pou ou, sa ap bon pou ou.R.
Madanm ou tankou pye rezen ki byen donnen sou
miray lakay ou;
pitit ou yo tankou jèn ti pye oliv toutotou tab
ou a.R.
Men se konsa moun nan beni, sa k’ respekte
Granmèt la.
Granmèt la
ap beni ou sot nan Siyon,
W’ap wè
byen Jerizalèm yo toulejou lavi ou.R.
DEZYÈM MOSO LABIB
“Lavi fanmi an nan Granmèt la”
NAN LÈT
APOT PÒL KI SEN POU KOLOSYEN YO 3,12-21
Frè m’ yo:
Tankou moun Bondye chwazi, ki sen, moun li
renmen, abiye nou ak zantray kè sansib, bon jan, santiman ki fè nou rabese tèt
nou, senplisite, pasyans, antan nou youn sipòte lòt, antan nou youn padonnen
lòt; si youn gen yon ti kont pou l’ regle ak lòt la: tankou Granmèt la te
padonnen nou, se konsa pou nou fè nou menm tou, epi anlè tout bagay, se pou nou
gen charite sa a ki chenn nan, k’ap fè nou fin bon nèt la, se pou kè poze
Jezikri danse nan kè nou, se pousa menm yo te rele nou nan yon sèl kò, epi di
Bondye mèsi.
Se pou pawòl Jezikri a abite nan nou an
kantite, nan tout kalite bon konprann, se pou youn bay lòt lansèyman, pou youn
bay lòt avètisman avèk sòm, chante sakre, kantik Lespri a, se pou nou chante
pou Bondye nan kè nou nan favè a; tout sa n’ap fè nan pawòl oubyen nan aksyon,
se pou nou fè yo tout o non Granmèt Jezikri, antan n’ap di Bondye Papa a mèsi
pa lentèmedyè l’.
Medam yo, se pou nou obeyi Mari nou, jan sa
dwe fèt, nan Granmèt la. Mari yo, se pou nou renmen madanm nou, pa fè move jan
avèk yo. Ti moun yo, se pou nou obeyi paran yo nan tout bagay; se sa ki fè
Granmèt la plezi. Papa yo, pa ekssite pitit nou yo, pou nou pa dekouraje yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
"Paran
Jezi yo jwenn li nan mitan savan yo".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 2, 41-52
Chak ane paran Jezi yo te konn al Jerizalèm pou fèt Pak
la. Lè Jezi vin gen douzan, yo monte Jerizalèm, jan yo te konn abitye fè a pou
jou fèt la; lè yo tounen, ti Jezi te ret Jerizalèm, san paran l’ yo pa t’
konnen. Yo te konprann li te nan pami vwayajè yo, yo mache pandan yon jounen;
yo chèche l’ nan pami fanmi ak zanmi. Yo pa jwenn li, yo tounen Jerizalèm ap
chèche l’.
Aprè twa jou, yo jwenn li nan Tanp la, li te chita nan
mitan savan yo, li t’ap koute, li t’ap poze yo kesyon. Tout moun ki t’ap koute
l’ te sezi poutèt entelijans ak repons li. Lè yo wè l’, yo
sezi.
Manman l’ di l’: "Pitit, ki sa ou fè nou konsa a? Gade, papa ou
avèk mwen menm, nou t’ap chèche ou ak kè n’ sere".
Li di yo: "Pouki rezon nou t’ap chèche m’? Èske nou
pa t’ konnen se nan afè Papa m’ mwen gen pou m’ rete"?
Yo menm yo pa t’ konprann pawòl li t’ap pale ak yo a.
Li desann avèk yo, li vin Nazarèt; li te ret obeyisan
vizavi yo. Kanta manman l’, li t’ap konsève tout pawòl sa yo nan kè
l’.
Jezi menm t’ap fè pwogrè nan sajès ak nan laj ak nan gras
devan Bondye ak lézòm.
REFLEKSYON : Aprè nou fin fete bèl fèt nwèl la, kote nou te resevwa
Jezi nan kè nou, Legliz la ap prezante nou bèl fanmi Nazarèt la, ki se fanmi
Jezi, Mari, ak Jozèf.
Lavi fanmi, se sa ki pwen santral litiji jodi a. Nan premye moso labib la,
liv Sirasid la ofri nou yon seri konsèy sou kòman pitit dwe renmen epi respekte
manman ak papa yo. Nan tradisyon peyi jwif la, respè ak lanmou pou paran parèt
tankou yon devwa relijye nan je Bondye. Nan sòm 128 la, nou wè kòman moun ki
gen krentif pou Bondye resevwa anpil benediksyon.
Nan dezyèm moso labib la, Sen Pòl ap fè moun Kolòs yo sonje tout bon
santiman Bondye depoze nan yo, konsa youn dwe padone lòt, youn dwe renmen lòt. An
menm tan an tou, l’ap ekzòte chak manb nan fanmi yo pou youn ka gen bon
konpòtman anvè lòt la; madanm nan dwe byen trete mari a, konsa tou mari a dwe
byen trete madanm li, timoun yo dwe gen respè pou paran yo tou.
Pi devan nan levanjil la, nou wè kòman fanmi Nazarèt la reprezante yon
modèl pou nou, se yon fanmi ki byen soude pou rezoud tout pwoblèm, tout
difikilte ki te prezante, tankou sa nou li nan levanjil la jodi a. Jozèf pa t’
di Mari, se ou ki manman, m’ pa konn afè w’, se ou ki pou kouri ak pitit ou ni
Mari pa t’ di Jozèf : se ou ki gason, degaje w’ pou kont ou. Sitiyasyon
an te konsène yo toulede, malè a te pandye sou tèt yo toulede, donk yo te mete
ansanm pou yo defann fanmi yo.
Se a travè fanmi sa Pitit Bondye a te tounen moun pou l’ te ka sove nou.
Nan fanmi sa a, Jezi te jwenn tout bon edikasyon ki fè li te grandi ak anpil
sajès.
Kidonk, mesye yo, nou dwe pran egzanp sou Jozèf nan fason li te pran
responsabilite l’ pa rapò ak fanmi sa a. Medam yo, nou dwe pran ekzanp sou Mari
ki pa t’ fè bak devan pwoblèm, devan soufrans ke fanmi an t’ap andire, men li
te mare ren l’ pou l’ te fè fas ak tout difikilte.
Timoun yo dwe pran ekzanp sou Jezi nan fason yo dwe viv ak paran yo, nan
obeyisans ak nan renmen. Si nou pran fanmi Jezi, Mari ak Jozèf la kòm modèl nou
n’a rive gen yon vrè fanmi ki bati sou renmen ak respè youn pou lòt.
LAPRIYÈ : Granmèt Jezi, ou
menm ki te ba nou bèl fanmi Jezi, Mari ak Jozèf la kòm modèl pou nou te swiv,
fè fanmi nou yo mete ekzanp sa a an pratik, fè nou toujou dispoze pou nou
aprann ede lòt nan fanmi nou yo ; konsa n’a tounen yon modèl pou lòt fanmi
k’ap viv bò kote nou. Amèn
PWOPOZISYON : Pwofite Fèt Sent fanmi an pou nou evalye pwòp fanmi nou
antan nou chita ak tout manb yo epi tande opinyon yo chak, pou nou kapab fini
ak tout ti enkonpreyansyon, divizyon, zizani.
No hay comentarios:
Publicar un comentario