Koulè Wouj
ETYÈN KI SEN,
Premye Mati
(Fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
“Men mwen wè
syèl yo louvri”
NAN TRAVAY APOT YO 6, 8 -10; 7,54-59
Jou sa yo:
Etyèn te plen gras ak fòs, li t’ap
fè anpil pwodij ak siy nan pèp la. Gen kèk ki leve, yo te fè pati nan kay
reyinyon sa yo rele esklav libere yo, Sireneyen yo ak Aleksandren yo, ak sa ki
te nan Silisi ak Azi yo, yo t’ap diskite avèk Etyèn. Yo pa t’ kapab reziste
sajès la ak Espri a ki t’ap pale a.
Lè yo tande bagay sa yo, yo t’ap fè
kè yo vin di kont li, yo t’ap sere dan kont li.
Li menm li te plen ak Espri Sen an,
li fikse syèl la, li wè glwa Bondye a ak Jezi ki kanpe adwat Bondye, li di:
“Mwen wè syèl yo louvri, ak Pitit moun nan ki kanpe adwat Bondye”.
Yo leve vwa yo byen fò, yo fèmen
zòrèy yo, yo fonse ansanm sou li. Yo jete l’ deyò vi l’ la, yo kòmanse kalonnen
l’ ak kout wòch. Temwen yo te depoze rad yo nan pye yon jenòm yo te rele Sòl.
Pandan yo t’ap kalonnen l’ ak kout
wòch, Etyèn t’ap priye, li t’ap di: “Granmèt, resevwa lespri mwen”.
Pandan l’ap di sa, li dòmi nan
Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 30,
3cd-4.6 e 8ab.16bc-17
R/
Se nan men
ou, Granmèt, mwen renmèt lespri m’.
Se pou ou sèvi m’ yon wòch kachèt ak
yon kay defans pou ou sove m’.
Paske fòs mwen ak kachèt mwen se ou
menm, poutèt non ou w’a kondui m’, w’a swen m’.R.
Se nan men ou mwen renmèt lespri m’;
ou delivre m’, Granmèt, Bondye verite a. M’ap danse, m’ap kontan nan mizerikòd
ou a, paske ou voye je sou rabesman m’ nan.R.
Delivre m’ sot nan men ènmi m’ yo ak
sa k’ap pèsekite m’ yo; klere fas ou sou sèvitè w’ la, sove m’ nan mizerikòd ou
a.R.
LEVANJIL
“Se pa nou
menm k’ap pale, men se Lespri Papa nou an”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN 10, 17-22
Lè sa a: Jezi di Apot li yo:
“Atansyon moun yo; y’ap renmèt nou
nan tribinal yo, y’ap bat nou nan kay reyinyon yo, y’ap kondui nou devan prefè
ak wa yo poutèt mwen, kòm temwayaj pou yo ak pou nasyon yo. Lè yo renmèt nou,
pa kalkile ki fason oubyen ki sa n’ap di; y’ap ba nou nan lè sa a menm sa pou
nou di.
Sèke se pa nou menm k’ap pale, men
Lespri Papa nou k’ap pale nan nou. Frè ap renmèt frè nan lanmò, ni papa ap
renmèt pitit, pitit ap leve kont paran yo, y’ap fè touye yo, tout moun ap rayi
nou poutèt non mwen; men moun k’ap pèsevere jous nan finisman, se li menm k’ap
sove”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, n’ap fete yon zanmi Bondye ki rele Etyѐn.
Se yon patizan Jezi, ki te sibi anpil pѐsekisyon
e se konsa li te aksepte mouri mati pou koz Bὸn
Nouvѐl la.
Ann gade sa moso Labib yo di
nou sou gwo nѐg sa a ki te lave wòb li nan san Mouton an. Nan premye moso labib
la, nan liv travay Apot yo, nou wѐ kὸman Etyѐn t’ap preche nan kay reyinyon an epi tout moun ki te
ènmi laverite a te resevwa mesaj li yo trѐ mal,
sitou lѐ Etyѐn te di, aprѐ li fin fikse
syѐl la : “Mwen wѐ syѐl la ouvѐ, ak pitit moun nan ki kanpe adwat Papa l’’. Yo mete
rele, yo pran Etyѐn, yo mete l’ deyὸ, yo kalonnen l’anba kout wὸch,
pandan li menm li t’ap mande Bondye resevwa lespri li. Nou kapab di, tout moun
sa yo ki t’ap koute Etyѐn nan, se yon pakѐt
moun lespri yo te bouche, yo pa konnen kisa yon moun ka fѐ oubyen ka
di anba pouvwa Lespri Sen an.
Pi
devan, nan Levanjil la nou wѐ
kote Jezi te gen tan ap anonse apot yo sa k’ap tann yo pi devan. Li di yo pa
fye moun yo paske yo va kondwi yo devan tribinal, yo va ba t’ yo nan kay
reyinyon yo, tout sa, poutѐt
mwen. Sa ki pi enteresan, sѐke
lè yo va genyen pou yo reponn akizasyon yo, se pa yo menm k’ap pale men se
Lespri Papa a k’ap pale nan yo.
Nou
kapab di se tout pawὸl
sa a yo Etyѐn
te mete an pratik ki fѐ
li pa t’ pѐ
pale, li pa t’ pѐ
pran imilyasyon, li pa t’ pѐ
pran kout wὸch
jiskaske yo te rive touye l’. Nou menm kretyen, konbyen fwa, nou rive nan wout,
nou fѐ bak devan
pwoblѐm,
devan difikilte, devan sa moun ap di sou nou poutѐt n’ap fѐ travay Bondye a. Men nan finisman
Levanjil la Jezi di nou klѐ:
“Tout moun va rayi nou poutѐt
mwen, men moun k’ap pѐsevere
jous nan finisman, se li menm k’ap sove’’.
Jis
jounen jodi a, gen anpil fὸs
fѐnwa
ki anpeche nou fѐ
travay anonse Bὸn
Nouvѐl
Jezikri a paske mesaj sa a yo deranje yo. Menm jan avѐk Etyѐn, fὸ nou toujou vanyan, pou nou pa pѐ anyen, paske Jezi fѐ nou sonje li chita adwat Papa a,
epi l’ap akonpanye nou chak jou jiskaske tan yo fin rive bout.
LAPRIYÈ:
Granmѐt
Jezi, n’ap mande w’ ban nou fὸs ak
kouraj epi dispozisyon pou nou kapab tounen pὸtpawὸl ou nan tout anviwònman nou, pou
chak jou rèy jistis, lanmou epi lapѐ rive tabli sou tout fas tѐ a. Nou mande w’ sa pa lentѐsesyon Sent Etyѐn ak tout lὸt sen ki te bay lavi yo pou kὸz Bὸn Nouvѐl la. Amѐn.
PWOPOZISYON:
Lapriyѐ pou tout moun, tout peyi kote moun
ap sibi pѐsekisyon
pou kὸz Bὸn Nouvѐl Jezikri a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario